Nou aksepte pèman total ak pèman pasyèl yo, ansanm avèk pèman pou yon plan pèman (ki gen ladan akò vèsman). Penalite yo ak enterè yo ap kontinye ogmante jiskaske ou fin peye tout balans ou.

Peye kounya

Ou ap bewen konfime idantite w anvan ou fè yon pèman ak opsyon peye kounya yo. Fè yon pèman jodi a, oswa pwograme yon pèman, san ou pa enskri nan yon Kont Anliy IRS. Peye apati kont labank ou, kat debi oswa kredi ou, oswa menm ak bous dijital

Peye apati kont labank ou

Pou Patikilye yo sèlman. Enskripsyon pa nesesè. IRS pa mande frè. Pwograme pèman yo jiska 1 an alavans.

Peye kounya ak Direct Pay

Peye ak kat debi, kat kredi oswa bous dijital

Pou patikilye yo ak biznis yo (sof pou depo enpo sou pewòl yo). Frè pou tretman yo aplikab.

Peye kounya ak kat oswa bous dijital


Konekte pou w ka peye

W ap bezwen konekte ak idantifyan w yo anvan w ka peye epi jwenn plis enfòmasyon sou istorik peman w lan.

Konekte nan kont IRS ou 

Patikilye yo

  • Fè peman sou balans ou, plan peman ou, estimasyon enpo ou ak plis ankò;
  • Gade kantite lajan ou dwe, detay plan peman, istwa peman ak peman pwograme yo

Ale sou kont ou

Biznis yo:

  • Fè peman menm jou a ak pwograme peman yo
  • Gade balans ki dwe
  • Gade istwa peman

Kont enpo biznis

Konekte pou fè yon depo pèman enpo oswa pwograme pèman estimasyon yo ak Sistèm Pèman Enpo Federal Elektwonik lan (EFTPS)

  • Anrejistreman obligatwa pou sèvi ak opsyon sa.
  • Fè pèman yo apati kont labank ou.
  • Fè yon Depo sou Enpo, enpo estime oswa lòt kalite pèman.

Ale nan EFTPS


Ou bezwen plis tan pou’w peye?

Soumèt epi peye enpo w yo anvan dat limit (an anglè) lan menm si w pa ka peye sa w dwe yo (an anglè) pou evite yon penalite.

Pou patikilye ak biznis yo: Aplike anliy pou yon plan pèman (ki gen ladan akò vèsman) pou peye balans ou ak le tan. Frè yo aplikab.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou plan pèman ki gen ladan akò senplifye, fon konfyans nan biznis, garanti, ak akò vèsman pèman pasyèl, al gade nan Sijè fiskal No. 202-Opsyon Pèman Enpo (an anglè).

Aplike pou yon plan pèman


Gade si ou kalifye pou yon òf an Konpromi pou regle dèt ou pou mwens pase sa ou dwe a.


Si w gen difikilte finansyè, ou ka elijib pou mande pou yon delè tanporè nan lakòlèk (an anglè) jiskaske sitiyasyon finansyè ou amelyore.

 

Lòt fason ou ka peye