Fason biznis ou a òganize ap detèmine ki kalite taks pou biznis ou dwe peye epi kijan pou peye sa. Sa yo se senk tip taks an jeneral pou biznis.

Taks sou revni

Tout biznis eksepte sosyete patenarya yo dwe deklare revni yo pou peye taks chak ane. Patenarya yo depoze yon fòm ki rele deklarasyon enfòmasyon.Fòm pou depoze sa depann sou fason biznis ou a òganize. Al konsilte Òganizasyon Biznis Yo pou ka jwenn ki fòm pou depoze selon ki antite biznis ou te etabli.

Taks federal sou revni se yon taks w ap peye a mezi w ap fè kòb. Ou peye taks lan a mezi w ap resevwa lajan pandan ane a. Yon anplwaye ap souvan jwenn yo fè prelèvman taks sou kòb li dwe touche.Si se pa prelèvman ki peye taks ou, oubyen ou pa peye ase kòb vre nan prelèvman an, ou ka byen oblije peye estimasyon taks. Si yo pa mande w peye estimasyon taks, ou ka byen peye tout taks ou dwe nan moman w fè deklarsyon taks ou.Pou plis enfòmasyon, gade nan Piblikasyon 583 (an anglè).

Estimasyon Taks

An jeneral, ou dwe peye taks sou revni, ni taks tou pou travay endepandan (n ap diskite sou sa talè konsa). Fason pou w fè sa se peye estimasyon taks regilyèman pandan ane a. Pou plis enfòmasyon, ale konsilte Estimasyon Taks.

Taks sou Travay Endepandan

Taks sou travay endepandan (SE taks) se yon taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare espesyalman pou moun ki ap travay ak tèt yo. Taks sou travay endepandan ou peye a kontribye pou pwoteje w nan sistèm Sekirite Sosyal la (Social Security). Pwoteksyon Sekirite Sosyal ba w avantaj pou lè w retrète, pou si w enfim, si yon moun mouri kite w dèyè, epi tou avantaj asirans maladi (Medicare).

An jeneral, ou dwe peye tas sou travay epi ranpli Barèm SE (Form 1040 or 1040-SR) si youn na sa yo verifye pou ou.

  • Ou fè $400 dola nèt oubyen plis kòb kòm travayè endepandan.
  • Ou travay pou yon legliz oubyen pou yon òganizasyon kalifye legliz kontwole (san se pa ou ki pastè a oubyen manm yon lòd relijye) ki te chwazi yon egzanpsyon pou taks sekirite sosyal ak Medicare, ou la a pou w peye taks sou travay endepandan si w resevwa $108.28 oubyen plis kòb salè nan legliz la oubyen òganizasyon an.

Note: Genyen règleman espesyal ak eksepsyon pou etranje, manm ekipaj lapèch, notè piblik, anplwaye leta oubyen gouvènman lokal, anplwaye gouvènman etranje oubyen entènasyonal, eks. Pou plis enfòmasyon, al konsilte Taks Sou Travay Endepandan (an anglè).

Taks sou Anplwa

Lè w gen anplwaye, oumenm kòm anplwayè ou gen kèk responsabilite taks sou anplwa ou oblije peye epi fòm tou ou dwe ranpli pou w deklare.Taks sou anplwa gen ladan li:

  • Taks pou Sekirite Sosyal (Social Security) ak Medicare
  • Prelèvman pou taks sou revni federal (federal income tax witholding)
  • Taks Federal pou Chomaj

Pou plis enfòmasyon, al konsilte Taks Sou Ti Antrepriz (an anglè).

Taks Patikilye

Seksyon sila a dekri taks patikilye ou ka byen bezwen peye ansanm ak fòm dosye pou w ranpli si w fè youn ou lòt nan sa yo.

  • Fabrike oswa vann deseri pwodui
  • Mennen deseri kalite antrepriz
  • Sèvi ak divès kalite ekipman, enstalasyon, oswa pwodui
  • Resevwa pèman pou deseri sèvis

Fòm 720 - Taks patikilye federal ki deklare nan Fòm 720 (an anglè), gen ladan l yon katafal kategori taks nou ka site. (an anglè)

  • Taks pou Anviwonman
  • Taks pou kominikasyon ak transpò ayeryen.
  • Taks pou kabiran.
  • Taks sou premye lavant yon kamyon lou, remòkè ak traktè an detay.
  • Taks fabrikan peye sou lavant oubyen itilizasyon yon varyete atik diferan.

Fòm 2290 - Genyen taks federal patikilye sou deseri kamyon, traktè epi sou bis k ap kouri sou otowout piblik yo. Taks la aplikab sou veyikil ki genyen yon pwa taksab ki peze 55,000 liv oubyen plis. Rapòte taks la nan Fòm 2290. Pou plis enfòmasyon, gade enstriksyon pou Fòm 2290.

Fòm 730 - Si w nan biznis aksepte fè paryaj, oubyen òganize paryaj osinon lotri, w ap gen obligasyon peye taks federal patikilye sou paryaj. Sèvi ak Fòm 730 (an anglè), pou w detèmine taks sou gany paryaj ou.

Fòm 11-C - Sèvi ak Fòm 11-C (an anglè), Taks Pwofesyonèl epi Deklarasyon Enskripsyon pou Paryaj, pou enskri pou nenpòt aktivite paryaj epi pou paye taks federal profesyonèl sou paryaj ou.

Taks patikilye a genyen ladan l plizyè pwogran taks patikilye. Youn nan eleman prensipal pwogram patikilye a se gaz machin.Pou plis enfòmasyon, ale konsilte Taks Patikilye (an anglè).