Kont fiskal biznis

Ou ka wè enfòmasyon ou yo nan dosye IRS ou epi fè plis ak yon kont fiskal biznis.

Pou enpo pèsonèl ou, sèvi ak kont anliy.

Kiyès ki ka itilize l

Ou ka itilize kont fiskal biznis si ou se:

Antrepriz endividyèl (an anglè)

Yon antrepriz endividyèl (an anglè) ki:

Patenarya ak Sosyete S

Yon patnè oswa yon aksyonè ki gen:

  • Yon nimewo sosyal oswa nimewo idantifikasyon fiskal endividyèl (ITIN)
  • Yon Barèm K-1 soti ane 2017 rive 2022 nan dosye w (y ap evalye aksè pou ane anvan yo)

Yon patnè oswa yon aksyonè ka sèlman gen aksè nan kont biznis fiskal ane li te resevwa yon Barèm K-1.

Talè konsa nou gen pou n ajoute plis aksè pou plis kalite biznis ak wòl.

Sa ou ka fè

Tou depan de kalite biznis ou ye, ou ka jwenn aksè nan plizyè karakteristik kont pou jere obligasyon enpo federal ou yo. Aksè nan kèk karakteristik ka limite oswa pa disponib selon wòl ou nan biznis la.

Antrepriz endividyèl avèk EIN

Yon antrepriz endividyèl ki deklare avèk yon EIN ka :

  • Gade montan biznis la dwe
  • Gade dosye enpo biznis la
  • Gade kèk avi dijital
  • Gade non biznis la ak adrès ki nan dosye a
  • Bay lòt anplwaye yo aksè sou kont lan
  • Anrejistre pou kredi enèji pwòp (si w elijib)

Patnè ak aksyonè yo

Yon moun ki se yon patnè oswa yon aksyonè ki gen aksè ka:

  • Gade montan biznis la dwe
  • Gade non biznis la ki nan dosye a

Talè konsa yo pral bay aksè pou plis kalite biznis ak wòl.

Si ou gen yon kont anliy: Itilize menm koneksyon an.

Kreye yon kont oswa konekte (an Anglè)

Si ou pa gen yon kont, pran foto idantite w pou w verifye idantite w.

Gid aksè

Si w itilize yon lektè ekran, yon loup oswa yon lojisyèl kòmann vwa, al gade nan gid aksè pou kont fiskal biznis la.

Sijè pou ede

Kont fiskal biznis fas ak kont anliy

Itilize kont fiskal biznis si ou ranpli deklarasyon enpo biznis antanke antrepriz endividyèl ak yon EIN. Pa egzanp: Fòm 941 pou enpo sou travay yo oswa Fòm 2290 pou enpo pou itilizasyon otowout.

Itilize kont anliy si w ranpli deklarasyon enpo pèsonèl ak nimewo Sekirite Sosyal ou (SSN) oswa nimewo idantifikasyon endividyèl kontribyab ou (ITIN). Pa egzanp: Fòm 1040 pou enpo sou revni endividyèl.

Kreye yon nouvo kont

Pou resevwa èd gade kijan pou anrejistre pou kèk zouti èd otomatik anliy.

Sèvis Kliyantèl

Reprezantan sèvis kliyan IRS yo ka ede w ak kesyon fiskal ak peman w yo, men yo pa ka gen aksè nan kont fiskal biznis ou. Jwenn asistans telefonik ak asistans lokal.

Ki Lye