Kont fiskal biznis

Ou ka wè enfòmasyon ou yo nan dosye IRS ou epi fè plis ak yon kont fiskal biznis.

Konekte

Si w gen yon kont sou entènèt: Sèvi ak menm koneksyon an.

Kreye yon kont oswa konekte (an anglè)

Si w pa gen yon kont, gen foto idantite w pare pou w verifye idantite w.

Kiyès ki ka sèvi ak sa

Ou ka itilie yon kont fiskal biznis si w gen kalite biznis sa a:

Antrepriz endividyèl:  Si w gen yon antrepriz endividyèl (an anglè) ki ranpli deklarasyon enpo biznis avèk yon nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN).

Remak: Yon kompayi ki gen obligasyon limite (LLC) ki rapòte revni biznis li nan Barèm C, Fòm 1040, pa kapab itilize yon kont biznis pou kounye a.

Patenarya oswa sosyete-S: Si w se yon patnè endividyèl oswa yon aksyonè endividyèl, ou ka gen aksè a yon kont biznis si w gen toulede sa yo:

  • Yon nimewo sosyal oswa nimewo idantifikasyon fiskal endividyèl (ITIN)
  • Yon Barèm K-1 soti nan dosye n (pou patnè, ane 2012 - 2022; pou aksyonè, ane 2006-2022)

Sa ou ka fè

Antrepriz endividyèl

Ou ka gen aksè nan karakteristik sa yo:

Pwofil

  • Gade enfòmasyon biznis la ki nan dosye a
  • Jere itilizatè kont biznis la

Montan kont lan ak peman

  • Gade montan biznis la dwe
  • Fè peman menm-jou a ak pwograme peman
  • Gade istwa peman yo

Dosye fiskal

  • Gade transkripsyon enpo yo
  • Gade rapò konfòmite fiskal biznis la
  • Gade sètifika enpo pou itilize

Lòt karakteristik

  • Avi ak lèt
  • Enskri pou kredi enèji pwòp (si biznis la elijib) 

Patenarya ak sosyete-S

Si w se yon patnè oswa aksyonè endividyèl, yo ka gen aksè nan karakteristik sa yo pou ane ou te resevwa yon Barèm K-1 (gen plis ane enpo k ap ajoute pwochènman):

Pwofil

  • Gade kèk enfòmasyon biznis la nan dosye a

Montan kont lan ak peman

  • Gade montan biznis la dwe
  • Fè peman menm-jou a ak pwograme peman
  • Gade istwa peman yo

Gid aksè

Si w itilize yon lektè ekran, yon loup oswa yon lojisyèl kòmann vwa, al gade nan gid aksè pou kont fiskal biznis la.

Kont fiskal biznis fas ak kont anliy

Itilize kont fiskal biznis si w ranpli deklarasyon enpo biznis antanke antrepriz endividyèl ak yon EIN. Pa egzanp: Fòm 941 pou enpo sou travayè yo oswa Fòm 2290 pou enpo sou itilizasyon otowout.

Itilize kont anliy si w ranpli deklarasyon enpo pèsonèl ak nimewo Sekirite Sosyal ou (SSN) oswa nimewo idantifikasyon endividyèl kontribyab ou (ITIN). Pa egzanp: Fòm 1040 pou enpo sou revni endividyèl.

Kreye yon nouvo kont

Pou resevwa èd gade kijan pou anrejistre pou kèk zouti èd otomatik anliy.

Sèvis Kliyantèl

Reprezantan sèvis kliyan IRS yo ka ede w ak kesyon fiskal ak peman w yo, men yo pa ka gen aksè nan kont fiskal biznis ou. Jwenn asistans telefonik ak asistans lokal.

Ki gen rapò