Zòn Opòtinite yo (an anglè) Zòn Opòtinite yo se yon zouti devlopman ekonomik ki sipòte envestisman ak kwasans non zòn ki an detrès Ozetazini. Envesti nan Zòn Opòtinite yo epi w a retade enpo sou pwofi w fè ki elijib. Kredi pou Veyikil Elektrik rechajab (IRC 30D) (an anglè) Kredi pou Veyikil Elektrik rechajab (IRC 30D) - Seksyon 30D Kòd Sèvis Revni Entèn ofri kredi pou Veyikil Elektrik Rechajab ki gen motè epi ki kalifye, pami yo veyikil ki pote pasajè epi ti kamyon piti. Kredi pou Kay ki fè bon Jesyon Enèji Antreprenè kalifye yo itilize Fòm 8908 lan, Kredi pou Kay ki fè bon Jesyon Enèji (an anglè), pou reklame yon kredi pou chak kay ki bye jere enèji ki vann oswa lwe bay yon lòt moun pou l abite pandan ane fiskal la. Kredi a chita sou ekzijans jesyon enèji pou kay la. Kredi a fè pati de kredi pou biznis jeneral la. Epitou, gade Fòm 3800, Kredi Biznis Jeneral (an anglè), ak Avi 2022-48 (an anglè).PDF Kredi pou Rechèch (an anglè) Gen machaswiv epi gid teknik verifikasyon ki dispoze pou egzaminatè sou teren ank ap egzamine ka kredi pou Rechèch yo. Dediksyon pou Depans Biznis yo (an anglè) Konprann diferant kalite depans pou biznis, kisa ki dediktib ak prensip jeneral pou dedui depans yo. Abri Fiskal Abizif ak Tranzaksyon (an anglè) Sèvis Revni Entèn genyen yon estrateji an plas pou moun ka konprann pou konbat abri fiskal abizif ak tranzaksyon yo. Estrateji sa a gen ladan machaswiv sou tranzaksyon abizif, règleman ki gouvene abri fiskal yo, yon asistans telefonik pou kontribyab taks sèvi pou rapòte tranzaksyon teknik abizif, epi aktivite pou pini pwomotè ak envestisè abri fiskal abizif yo.