Nou angaje nou pou nou bay tout moun ki andikape aksè a sèvis dijital IRS yo. Jwenn gid itilizatè ak materyèl aksesib. Epi fè nou konnen nenpòt pwoblèm aksè ou ta ka rankontre. Kòmantè w yo ede nou ba ou enfòmasyon ak sèvis ou bezwen yo.

Sou paj sa a

Angajman nou pou aksè dapre Seksyon 508

Gid itilizatè pou aksè

Materyèl aksesib

Rapòte yon pwoblèm aksèsibilite

Angajman nou pou aksè dapre Seksyon 508

Seksyon 508 nan Lwa Reyabilitasyon an se yon lwa federal ki egzije tout ajans gouvènman Etazini yo pou yo fè teknoloji enfòmasyon ak done yo aksesib pou tout moun.

Dapre lalwa, ajans yo dwe bay moun ki andikape menm nivo aksè ak moun ki pa andikape yo. Pa egzanp, yon moun ki itilize yon lektè ekran pou li sit entènèt nou an dwe jwenn menm enfòmasyon ak yon moun ki li sit la vizyèlman.

Deklarasyon nou sou aksè dijital

Sit entènèt ak aplikasyon IRS yo fèt pou satisfè oswa depase estanda Seksyon 508 nan Lwa Reyabilitasyon an. Yo konfòm tou ak Nivo A ak AA nan Gid Aksè Kontni Wèb W3C (WCAG).

Pa egzanp, sèvis dijital nou yo gen ladan yo:

  • Imaj ak tèks altènatif
  • Kontras koulè ki ase fò
  • Tit ki ki òganize kontni an
  • Tèks lyen ki deskriptif
  • Tablo ki prezante done ak tit ki apwopriye yo

Aprann sou estanda Seksyon 508 yo (an anglè)

Li sou estanda entènasyonal WCAG la (an anglè)

Gid itilizatè pou aksè

Jwenn èd pou aksede epi itilize sèvis dijital IRS yo:

Materyèl aksesib

Pwodui enpo IRS aksesib (an anglè)
Jwenn avi IRS, fòm enpo, enstriksyon ak piblikasyon an Bray, an gwo karaktè, ak fòma PDF ki konfòm ak Seksyon 508.

Mande yon fòma medya altènatif (an anglè)
Si w resevwa yon avi oswa lòt korespondans IRS epi w prefere resevwa li nan fòma odyo, Bray, eBray, gwo lèt oswa tèks (.txt), gade mande yon fòma medya altènatif (an anglè) pou plis enfòmasyon. Bay Sant Medya Altènatif la (Alternative Media Center) apeprè 15 jou pou konvèti pwodwi oswa korespondans IRS ou a nan fòma ou prefere a epi voye li tounen ba ou pa lapòs. Gwo fichye yo ka pran plis tan.

Y ap bay fichye odyo, eBray ak tèks senp (.txt) sou yon kle USB. Y ap bay materyèl an Bray ak gwo lèt sou fòm kopi enprime yo.

Videyo an Lang Siy Soumyè Ameriken (ASL) (an anglè)
Jwenn videyo nan Lang Siy Soumyè Ameriken (ASL) pa IRS.

Rapòte yon pwoblèm aksèsibilite

Ranpli fòm sa a pou fè nou konnen nenpòt pwoblèm aksè. Pa mete okenn enfòmasyon pèsonèl. Pati ki make ak yon etwal (*) obligatwa.

Nimewo Kontwòl  OMB : 1545-2208

Kalite pwoblèm ou te genyen an
Zouti aksesibilite ki te itilize lè pwoblèm nan te rive