Pou dènye evolisyon yo, gade Piblikasyon 505, Prelèvman Enpo ak Estimasyon Enpo (an anglè) ane fiskal 2023.

Ou dwe peye enpo pandan ou ap touche oubyen resevwa revni ou pandan ane a, swa pa mwayen prelèvman oswa pèman sou estimasyon enpo yo. Si montan enpo sou revni yo prelve nan salè ou oswa pansyon ou a pa sifi, oubyen si ou resevwa revni sou fòm enterè, dividand, pansyon alimantè, revni sou travay endepandan, valè ajoute sou kapital, prim ak rekonpans, ou ka oblije peye estimasyon enpo yo. Si ou ap travay ak tèt ou, jeneralman ou dwe peye estimasyon enpo yo. Yo itilize estimasyon enpo yo pou peye non sèlman enpo sou revni, men pou peye tou lòt enpo tankou travay endepandan ak enpo minimòm altènatif.

Si kòb enpo ou peye pa mwayen prelèvman ak pèman sou estimasyon enpo a pa sifi, yo ka gen pou w peye yn penalite. Ou ka gen pou w peye yon penalite tou si pèman estimasyon enpo ou yo fèt an reta, menm si yo dwe ou yon ranbousman lè ou deklare enpo sou revni ou.

Obligasyon pou estimasyon enpo yo diferan pou agrikiltè yo, pechè pwason yo, ak kèk kontribyab ki gen pi gwo revni. Pibliksayon 505, Prelèvman Enpo ak Estimasyon Enpo (an anglè), bay plis ransèyman konsènan règleman espesyal sou estimasyon enpo sa yo.

Kiyès ki oblije peye estimasyon enpo

Jeneralman, patikilye yo tankou pwopriyetè inik, patnè ak aksyonè nan yon sosyete S oblije peye estimasyon enpo si yo prevwa ke yo ap dwe $1,000 oubyen plis lè yo deklare enpo yo.

Jeneralman, sosyete yo oblije peye estimasyon enpo si yo prevwa ke yo ap dwe $500 oubyen plis lè yo deklare enpo yo.

Ou ka oblije peye estimasyon enpo pou ane aktyèl la si enpo ou a te plis pase zewo nan ane ki sot pase a. Gade nan fèy kalkil ki nan Fòm 1040-ES, Estimasyon Enpo pou Patikilye yo, pou plis detay sou kiyès ki oblije peye estimasyon enpo.

Kiyès ki pa oblije peye estimasyon enpo

Si ou resevwa salè ak pèman, ou ka evite obligasyon pou peye estimasyon enpo lè w mande anplwayè ou a pou li prelve plis enpo toujou sou salè w. Pou ou ka fè sa, depoze yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè ou. Genyen yon liy espesyal sou Fòm W-4 la pou ou ka ekri montan adisyonèl ou vle anplwayè w la prelve a.

Si ou resevwa chèk pèman, Estimatè Prelèvman Enpo a ap ede ou asire w ke ou kite yo prelve montan enpo ki korèk la nan chèk ou touche.

Ou pa oblije peye estimasyon enpo pou ane sa a si ou ranpli tou lè twa (3) kondisyon sila yo.

  • Ou pa te dwe okenn enpo pou ane ki sot pase a
  • Ou te yon sitwayen Ameriken oswa etranje rezidan pandan tout ane a
  • Ane fiskal ki vini avan an te kouvri yon peryòd 12 mwa

Ou pa te dwe okenn enpo pou ane ki sot pase an si montan total enpo ou te zewo oswa ou pa t oblije depoze okenn deklarasyon enpo sou revni. Pou plis enfòmasyon sou kijan pou kalkile estimasyon enpo ou, gade nan Piblikasyon 505, Prelèvman Enpo ak Estimasyon Enpo (an anglè).

Kijan pou kalkile estimasyon enpo

Jeneralman, patikilye yo tankou pwopriyetè inik yo, patnè ak aksyonè nan Sosyete S yo itilize Fòm 1040-ES, pou kalkile estimasyon enpo yo. Etranje ki pa rezidan yo itilize Fòm 1040-ES(NR) pou yo kalkile estimasyon enpo yo.

Pou kalkile estimasyon enpo ou, ou dwe konnen montan revni an gwo ajiste ou prevwa a, revni ki taksab, enpo ou peye, dediksyon yo, ak kredi pou ane fiskal la.

Lè ou ap kalkile estimasyon enpo ou pou ane sa a, sa kapab itil ou pou w kòmanse ak revni ou, dediksyon, ak kredi ou pou ane ki sot pase an kòm pwen de depa. Itilize deklarasyon enpo sou revni federal ou pou ane pase a kòm gid. Ou ka sèvi ak fèy kalkil ki nan Fòm 1040-ES la pou kalkile estimasyon enpo ou. Ou dwe estime montan revni ou prevwa ke ou ap touche pou ane a. Si ou te estime salè w la twò wo, jis ranpli yon lòt fèy kalkil Fòm 1040-ES pou rekalkile estimasyon enpo ou pou lòt trimès ki ap vini an. Si ou te estime salè w la twò ba, yon lòt fwa ankò, ranpli yon lòt fèy kalkil Fòm 1040-ES pou rekalkile estimasyon enpo ou pou lòt trimès ki ap vini an. Li ap bon pou ou estime revni ou pi egzak ke posib pou evite peye amand.

Ou dwe fè ajisteman alafwa pou chanjman ki fèt nan sitiyasyon pa w ak pou chanjman resan ki fèt nan dwa fiskal la.

Kilè pou peye estimasyon enpo yo

Pou rezon ki lye a estimasyon enpo, nou divize ane a an kat peryòd pèman (an anglè). Chak peryòd gen yon dat limit pèman ki espesifik. Si ou pa peye ase enpo anvan dat limit chak peryòd pèman yo, ou ka genyen pou w peye yon amand menm si nou dwe w yon ranbousman lè w ap depoze deklarasyon enpo sou revni w lan.

Si ou voye yon pèman pa lapòs, dat ki sou kachè lapòs Etazini an se dat pèman an. Si dat limit pou yon pèman estimasyon enpo tonbe nan yon samdi, yon dimanch, oswa yon jou ferye leta, pèman an ap fèt atan si ou fè li nan jou annapre a ki pa yon samdi, yon dimanch, oswa yon konje.

Kòman pou w peye estimasyon enpo yo

Ou ka soumèt pèman estimasyon enpo ak Fòm 1040-ES pa lapòs (an anglè), oswa ou ka peye sou entènèt pa telefòn oswa atravè aplikasyon IRS2Go app nan aparèy pòtatif ou. Ou kapab fè pèman estimasyon enpo ou yo atravè kont anliy ou tou, kote ou kapab wè istorik pèman ou ak lòt dosye fiskal. Ale sou IRS.gov/account. Vizite IRS.gov/payments pou ka wè tout opsyon yo. Pou plis enfòmasyon, gade nan Piblikasyon 505, Prelèvman Enpo ak Estimasyon Enpo (an anglè).

Itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Enpo Federal (EFTPS) se fason ki pi fasil pou patikilye yo ak biznis yo peye enpo federal yo. Peye TOUT pèman enpo federal ou ansanm ak depo enpo federal (FTDs), antant pou vèsman ak pèman estimasyon enpo ou ak sistèm EFTPS la. Si sa pi fasil pou peye pèman estimasyon enpo ou chak semèn, chak de semèn, chak mwa, etc. ou kapab fè sa, depi w peye ase kòb avan finisman trimès la. Lè ou sèvi ak EFTPS, ou ka jwenn aksè a istorik pèman ou yo, pou kapab konnen ki kantite ak kilè ou te fè vèsman estimasyon enpo ou.

Sosyete yo oblije depoze pèman an atravè Sistèm Elektwonik pou Pèman Enpo Federal (an anglè). Pou plis enfòmasyon, gade nan Piblikasyon 542, Sosyete yo (an anglè).

Amand pou peman estimasyon enpo ki pa sifi

Si ou pa te peye ase lajan enpo pandan ane a, swa pa mwayen prelèvman oswa pa mwayen pèman estimasyon enpo, ou ka oblije peye yon amand pou pèman estimasyon enpo ki pa sifi. Jeneralman, majorite kontribyab yo ap evite amand sa a si yo dwe mwens pase $1000 nan enpo aprè yo fin soustrè prelèvman ak kredi yo, oswa si yo te peye omwen 90% nan enpo yo dwe ane a, oswa 100% montan enpo ki ekri nan deklarasyon ane ki sot pase a, nenpòt pami montan ki pi ba a. Gen règleman espesyal pou agrikiltè yo, pechè pwason yo, ak kèk kontribyab ki gen pi gwo revni. Gade nan Piblikasyon 505, Prelèvman Enpo ak Estimasyon Enpo (an anglè) pou plis enfòmasyon.

Sepandan, si revni ou resevwa pandan ane a pa parèt egal, ou kapab evite oswa diminye amand lan si ou konte revni ou sou fòm anyèl epi fè vèsman ki pa egal. Itilize Fòm 2210, Pèman pou Estimasyon Enpo Endividyèl yo, Testaman yo, ak Fideyikomi ki pa Sifi (an anglè) (oswa Fòm 2220, Pèman pou Estimasyon enpo Sosyete yo ki pa Sifi (an anglè)), pou wè si ou dwe peye amand pou pèman estimasyon enpo w ki pa sifi. Tanpri gade nan Enstriksyon Fòm 1040 ak 1040-SR yo oswa Enstriksyon Fòm 1120 yo (an anglè)PDF, pou ka konnen ki kote pou rapòte amand sou estimasyon enpo w la nan deklarasyon ou.

Yo ka anile amand lan tou si:

  • Rezon ki fè gen mankman peman enpo a se akoz yon aksidan, yon katastwòf, oswa lòt sikonstans ki pa òdinè, kidonk sa pa tap jis pou yo enpoze amand lan, oswa
  • Ou retrete (aprè laj 62 zan) oswa ou vin andikape pandan ane fiskal ou te dwe fè pèman yo oswa nan ane ki te vin avan an, epi ou te gen yon koz rezonab ki esplike mank pèman an e se pa t akoz neglijans entansyonèl. Pou plis enfòmasyon sou fason pou w mande yon egzanpsyon, gade enstriksyon Fòm 2210 nan (an anglè)PDF