Ou ka jwenn aksè nan dosye fiskal pèsonèl ou sou entènèt oswa pa lapòs, tankou relve deklarasyon enpo ki pase yo, enfòmasyon sou kont fiskal ou, deklarasyon revni ak salè, ak verifikasyon lèt non deklaran yo.

Si w bezwen yon relve pou biznis ou, ou ka jwenn relve enpo pou biznis (an anglè)

Aksede a dosye fiskal ou sou Kont Anliy

Ou kapab gade dosye fiskal ou yo kounya sou Kont Anliy ou. Sa se mwayen ki pi rapid, pi fasil pou:

  • Konnen konbyen ou dwe
  • Gade istorik pèman ou
  • Gade revni an gwo ajiste (AGI) ane pase w la
  • Gade lòt dosye fiskal

Vizite oswa kreye Kont Anliy ou.

Metòd ou te chwazi pou soumèt deklarasyon taks ou, (deklarasyon sou entènèt oswa papye) ansanm ak si ou te dwe yon balans sou li, ap afekte disponiblite relve w pou ane sa a (an anglè).

 

Fè demann sou entènèt

Lè ou fè demann relve w la sou entènèt, w ap jwenn li pi rapid.

Men sa w ap bezwen

Si ou se yon nouvo itilizatè,  prepare foto idantite w.

Kisa ou ap jwenn

  • Tout kalite relve yo disponib sou entènèt
  • Gade, enprime oswa telechaje relve ou
  • Verifye idantite ou yon fwa epi fasil w ap kapab retounen annapre pou w jwenn yon relve oswa itilize lòt sèvis sou entènèt IRS yo.

 

Resevwa relve sou entènèt (an anglè)

Avètisman: Sèvis sa a se pou kontribyab endividyèl yo rekipere pwòp relve pa yo pou rezon pèsonèl yo. Pa gen pèsonn lòt antite ki gen otorizasyon pou itilize li.

Lòt mwayen pou mande relve sou entènèt

Nou rekòmande ou mande yon relve sou entènèt pliske sa se mwayen ki pi rapid pou jwenn li. Si ou pa ka jwenn relve w la sou entènèt, ou ka mande yon deklarasyon taks oswa relve kont fiskal pa lapòs pito.

Kisa w ap bezwen

Pou w mande yon relve pa lapòs, w ap bezwen adrès bwat postal ou nan dènye deklarasyon w lan. 

Kisa w ap resevwa

  • Deklarasyon Taks ou oswa tip relve Kont Fiskal ou ke yo ap voye ba ou nan lapòs
  • Relve yo ap rive nan adrès ki koresponn ak non w nan dosye nou ant 5 ak 10 jou sivil

 

Resevwa transkripsyon pa lapòs (an anglè)

Ou kapab fè demann yon transkripsyon pa lapòs tou lè ou rele sèvis transkripsyon pa telefòn otomatik nou an nan 800-908-9946.

Ou kapab fè demann yon relve pa lapòs tou lè ou rele sèvis relve pa telefòn otomatik nou an nan 800-908-9946.

Vizite paj Kesyon Moun Poze Souvan (FAQs) sou Resevwa Relve (an anglè) an pou plis enfòmasyon. Si ou ap chèche yon relve pou ka ranpli FAFSA, gade nan Enfòmasyon sou taks pou demand èd finansyè pou etidyan (an anglè).

Remak: Relve yo maske, an pati, enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye nou pou pwoteksyon. Done finansyè yo ap rete totalman vizib pou preparasyon taks, reprezantasyon taks oswa verifikasyon revni. Aprann plis sou Apwopo Relve Taks (an anglè). Si ou bezwen yon fotokopi deklarasyon w lan, soumèt Fòm 4506 (an anglè).

AVÈTISMAN: IRS la pa kontakte kontribyab yo ni pa imèl, ni pa mesaj tèks, ni pa chèn medya sosyal yo pou mande yo enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè yo. Ale sou rapòte pyèj elektwonik pou enstriksyon si ou pa sèten ke yon mesaj "pa aza" ou resevwa otantik vre lè li deklare ke se IRS ki voye li, sof si se pa mwayen lapòs Etazini li rive.

 

Piblikasyon