Fè Demann pou yon Plan Pèman sou Entenèt

Si w se yon kontribyab ki kalifye oubyen yon reprezantan otorize (Delegasyon Pouvwa), ou ka fè demann pou yon plan pèman (ki gen ladann antant pou vèsman) sou entènèt pou peye balans ou dwe a moso pa moso.

Note Byen: Depi w fin konplete demann ou a sou entènèt la, w ap resevwa yon mesaj imedya ik ap enfòme w si yo apwouve plan w ap mande a.

Plan Pèman Endividyèl

Sitiyasyon fiskal espesifik ou a ap detèmine ki opsyon pèman ki disponib pou ou. Pami opsyon pou pèman yo, gen pèman konplè, yon plan pèman a kout tèm (lè w ap peye nan espas 180 jou oswa pi piti) oswa yon plan pèman a lon tèm (antant pou vèsman) (lè w ap peye chak mwa).

Ou kapab gen dwa pou fè demann sou entènèt si :

  • Plan pèman a lon tèm (antant pou vèsman) : Ou dwe 50,000 dola oswa mwens pou taks, amann ak enterètout ansanm epi w depoze tout fòm taks obligatwa yo.
  • Plan pèman a kout tèm: Ou dwe pi piti pase 100,000 dola pou taks, amann ak enterè tout ansanm.

Si w se yon pwopriyetè endividyèl oswa yon kontraktyèl endepandan, fè demann pou yon plan pèman tankou yon moun.

Remak: Frè enstalasyon an ka pi plis si w fè demann plan pèman an pa telefòn, pa lapòs oswa fas a fas. Jwenn plis enfòmasyon sou lòt opsyon plan pèman ak frè yo.

Apati 14 novanm 2021, non itilizatè IRS ki te itilize sèlman pou jwenn aksè nan plan peman yo (Plan Peman Anliy) p ap kapab itilize pou konekte ankò. Y ap mande ou pou w kreye yon kont avèk ID.me epi w ap bezwen yon foto idantite.

Si w ap aplike pou yon plan peman debi dirèk, w ap bezwen nimewo woutaj ak nimewo kont bank ou an.

Si ou te fè yon deklarasyon enpo tou dènyeman oswa deklarasyon lan te egzaminen men ou pa t resevwa yon avi balans nan men IRS la, w ap bezwen pu balans ou dwe a parèt nan deklarasyon w lan.

If we approve your payment plan, one of the following fees will be added to your tax bill.

Opsyon Plan yo ak Pri yo

Peye Kounye a

  • 0 dola frè enstalasyon
  • P ap gen ni amann ni enterè kap ajoute alavni

Peye tout montan ou dwe yo jodi a dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay ou (Pèman Dirèk) oswa ak yon chèk, manda postal oswa kat debi/kredi.
Ap gen frè lè w ap peye pa mwayen kat.

Plan Pèman a kout Tèm (180 jou oswa mwens)

  • 0 dola frè enstalasyon
  • Plis amann ak enterè k ap monte jiskaske w fin peye balans total la
Aprè w fin fè demann plan pèman a kout tèm lan, ou kapab peye montan ou dwe a dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay ou (Pèman Dirèk) oswa ak yon chèk, manda postal oswa kat debi/kredi.
Ap gen frè lè w ap peye pa mwayen kat.

Plan Pèman a Lon Tèm (Antant pou Vèsman) (Peye chak mwa)

Peye chak mwa atravè retrè otomatik

  • 31 dola frè enstalasyon (pou moun ak revni fèb: yo anile frè enstalasyon an)
  • Plis amann ak enterè k ap monte jiskaske w fin peye balans total la
Peye montan w dwe a atravè Debi Dirèk (pèman otomatik apati kont kouran ou). Yo rele sa a tou Antant Vèsman Debi Dirèk (DDIA, an anglè). Sa a obligatwa si balans ou depase $25,000.


Peye chak mwa (Debi ki pa Dirèk)

  • 130 dola frè enstalasyon (pou moun ak revni fèb: 43 dola frè enstalasyon yo ka ranbouse w si w ranpli kèk kondisyon)
  • Plis amann ak enterè k ap monte jiskaske w fin peye balans total la

Aprè w fin fè demann pou yon plan peman alon tèm, peye montan ou dwe a atravè pèman chak mwa Debi Ki Pa Dirèk (ki pa otomatize), ki gen ladan l pèman ki soti dirèkteman nan kont kouran oswa kont epay (Peman Dirèk) ou aoswa ak chèk, manda postal, oswa kat debi/kredi.
Ap gen frè lè ou ap peye pa mwayen kat.

Revize yon Plan Pèman ki an Plas (Antant pou Vèsman) oswa Reyenstale Aprè Mank Pèman

  • 10 dola frè yo dwe ranbouse w si yo idantifye w tankou moun revni fèb epi si kèk kondisyon respekte.

Jwenn plis enfòmasyon sou lòt opsyon plan pèman ak frè.

Revize yon Plan Pèman

Ou kapab wè detay ki nan plan pèman aktyèl ou a (tankou tip antant, dat limit ak kantite lajan ou dwe peye) lè w konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demann/Revize ki anba la a.

Kisa Ou Ka Chanje Atravè Zouti Antant Pèman sou Entènèt la

Ap gen frè lè w ap peye pa mwayen kat 

Ap gen frè lè w ap peye pa mwayen kat 

Ou ka sèvi ak zouti Antant Pèman Sou Entènèt la pou fè chanjman sa yo:

  • Chanje kantite lajan w peye chak mwa a
  • Chanje dat limit pèman ou w chak mwa a
  • Konvèti yon antant ki deja egziste an antant Debi Dirèk
  • Chanje nimewo kont ak nimewo routing lan nan yon akò prelèvman otomatik
  • Retabli aprè pèman ki manke

Ou ka konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demann/Revize ki anba la a.

Kijan Pou Revize yon Plan Pèman sou Entènèt

Konekte sou zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demann/Revize ki anba la a. Nan premye paj la, ou kapab revize tip plan aktyèl ou, dat pèman, ak kantite lajan. Epi soumèt chanjman ou fè yo.

Si nouvo kantite lajan pèman chak mwa ou mete a pa ranpli kondisyon yo, w ap resevwa yon mesaj k ap fòse w korije kantite lajan pèman an. Si w pa kapab peye kantite minimòm obligatwa pou pèman an, w ap resevwa enstriksyon pou ranpli yon Fòm 9465 Demann Enstalasyon (an anglè)PDF ak Fòm 433-F Deklarasyon Kolèk Enfòmasyon (an anglè)PDF.

Pou konvèti aktyèl akò w la ak akò prelèvman otomatik, oswa pou modifye nimewo kont bankè ki asosye ak akò prelèvman otomatik ou genyen an, antre nimewo kont ak nimewo routing bank ou an.

Si plan w la ekspire akoz pèman ki manke epi yo ap retabli li, ou ka gen pou peye yon frè pou retablisman.

Pou fè demann tankou Delegasyon Pouvwa (POA) pou yon moun, w ap bezwen konekte avèk non itilizatè IRS ou oswa referans ID.me ou (gade Kisa w ap bezwen pou aplike pou yon plan peman?)

Pou moun w ap reprezante a, w ap bezwen:

  • Nimewo Sekirite Sosyal Kontribyab la (SSN) oubyen Nimewo Idantifikasyon Taks Endividyèl (ITIN) li
  • Nimewo Dosye Otorizasyon Santralize (CAF) (an anglè) ou
  • Idantifikasyon apèl ki nan avi pou kontribyab la oswa dat siyati POA ki nan Fòm 2848 (an angle)
  • Si deklarasyon kontribyab la oswa egzaminen tou dènyeman, ou ka bezwen tou:
    • Montan balans kontribyab la
    • Dezyèm SSN oswa ITIN kontribyab la (si nesesè)
    • Revni Brit Ajiste pou dènye deklarasyon nan dosye l
    • Ane fiskal egzaminen (si nesesè)

Fè Demann/Revize tankou Moun (an anglè) Fè Demann/Revize tankou POA Endividyèl (an anglè)

Plan Pèman pou Biznis

Your specific tax situation will determine which payment plan options are available to you. Payment options include full payment or a long-term payment plan (installment agreement) (paying monthly).

Sitiyasyon fiskal espesifik ou a ap detèmine ki opsyon pèman k ap disponib pou ou. Pami opsyon pou pèman yo, gen pèman konplè oswa plan pèman a lon tèm (antant pou vèsman) (lè w ap peye chak mwa).

Ou kapab kalifye pou fè demann sou entènèt la, si:

  • Plan pèman a lon tèm (Antant pou vèsman): Ou depoze tout fòm taks obligatwa yo epi ou dwe 25,000 dola oswa mwens pou taks, amann ak enterè tout ansanm.

Si w se yon pwopriyetè endividyèl oswa yon kontraktyèl endepandan, fè demann pou yon plan pèman antanke yon endivivi.

Remak: Frè enstalasyon an ka pi plis si w fè demann plan pèman an pa telefòn, lapò, oswa fas a fas. Jwenn plis enfòmasyon sou lòt opsyon plan pèman ak frè yo.

Pou aplike antanke yon biznis, w ap bezwen konekte avèk non itilizatè IRS ou oswa referans ID.me ou (gade Kisa w ap bezwen pou aplike pou yon plan peman?)

W ap bezwen tou:

  • Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) ou
  • Dat biznis la te etabli (MM/AAAA)
  • Idantifikasyon Apèl ou a ki nan avi a
  • Si ou te depoze deklarasyon w lan tou dènyeman oswa deklarasyon w lan te egzaminen men ou pa t resevwa yon avi balans nan men IRS la, w ap bezwen tou:
    • Adrès biznis la nan dènye deklarasyon ou te depoze a
    • Montan balans ou dwe
    • Fòm fiskal ou depose oswa yo egzaminen an
    • Peryòd fiskal kote ou depoze oswa kote yo egzaminen an

Si nou apwouve plan pèman an pou ou, n ap ajoute youn nan frè sa yo sou fakti taks ou dwe a.

Opsyon Plan yo ak Pri yo

Peye Kounye a

  • 0 dola frè enstalasyon
  • P ap gen ni amann ni enterè k ap ajoute nan lavni

Peye tout montan ou dwe a jodi a, pa mwayen elektwonik oswa pa telefòn atravè Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (EFTPS) oswa ak yon chèk, manda lapòs oswa kat debi/kredi.
Ap gen frè lè w ap peye pa mwayen kat.

Plan Pèman a Lon Tèm (Antant pou Vèsman) (Peye chak mwa)

Peye chak mwa atravè retrè otomatik

  • 31 dola frè enstalasyon
  • Plis amann ak enterè k ap monte jiskaske w fin peye balans total la

Peye montan ou dwe a atravè Debi Dirèk (ak pèman otomatik apati kont kouran ou a). Yo rele sa a tou Antant Vèsman Debi Dirèk (DDIA, an anglè). Sa a obligatwa si balans ou depase 10,000 dola.

Peye chak mwa (Debi ki pa Dirèk)

  • 130 dola frè enstalasyon
  • Plis amann ak enterè k ap monte jiskaske w fin peye balans total la
Aprè w fin fè demann pou plan pèman sou entènèt la, peye montan ou dwe a atravè pèman chak mwa Debi Ki Pa Dirèk (ki pa otomatize), ki gen ladan l pèman elektwonik sou entènèt oswa nan telefòn atravè Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal la (EFTPS) oswa ak chèk, manda postal, oswa kat debi/kredi.
Ap gen frè lè w ap peye pa mwayen kat.

Revize yon Plan Pèman ki An Plas (Antant pou Vèsman) oswa Reparasyon Aprè Mank Pèman

  • 10 dola frè.

Jwenn plis enfòmasyon sou lòt opsyon plan pèman ak frè.
 

Revize yon Plan Pèman

Ou kapab wè detay ki nan plan pèman aktyèl ou (tankou tip antant, dat limit ak kantite lajan ou dwe peye) lè w konekte w nan zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demann/Revize ki anba la a.

Ou ka sèvi ak zouti Antant Pèman Sou Entènèt la pou fè chanjman sa yo:

  • Chanje kantite lajan ou peye chak mwa a
  • Chanje dat limit pèman ou fè chak mwa a
  • Konvèti yon antant ki deja egziste an antant Debi Dirèk
  • Chanje woutaj labank ak nimewo kont sou yon akò Debi Dirèk
  • Retabli aprè pèman ki manke

Ou ka konekte sou zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demann/Revize ki anba la a.

Kijan Pou Revize yon Plan Pèman sou Entènèt

Konekte sou zouti Antant Pèman Sou Entènèt la atravè bouton ki make Fè Demann/Revize ki anba la a. Nan premye paj la, ou kapab revize tip plan aktyèl ou, dat pèman ak kantite lajan. Epi soumèt chanjman ou fè yo.

Si nouvo kantite lajan pèman chak mwa ou mete a pa ranpli kondisyon yo, w ap resevwa yon mesaj k ap fòse ou korije kantite lajan pèman an. Si w pa kapab peye kantite minimòm obligatwa pou pèman an, w ap resevwa enstriksyon pou ranpli yon Fòm 433-B Atestasyon Kòlèk Done pou Antrepriz (an anglè)PDF ak kijan pou soumèt li.

Pou konvèti aktyèl akò w la ak akò prelèvman otomatik, oswa pou modifye nimewo kont bankè ki asosye ak akò prelèvman otomatik ou genyen an, antre nimewo kont ak nimewo routing bank ou an.

Si plan w la ekspire akoz de pèman ki manke epi y ap reyetabli li, ou ka gen pou peye yon frè pou retablisman.

Pou fè demann antanke Delegasyon pouvwa (POA) pou yon biznis, w ap bezwen konekte avèk non itilizatè IRS ou oswa referans ID.me ou (gade Kisa w ap bezwen pou aplike pou yon plan peman?)

W ap bezwen tou:

  • Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN)
  • Nimewo Dosye Otorizasyon Santralize (CAF) (an anglè) ou
  • Idantifikasyon apèl ki nan avi pou kontribyab la oswa dat siyati POA ki nan Fòm 2848 (an anglè)
  • Si deklarasyon kontribyab la te depoze oswa egzaminen tou dènyeman, ou ka bezwen tou:
    • Adrès biznis la nan dènye deklarasyon taks ou depoze a
    • Fòm taks ou te depoze oswa ki egzamine
    • Peryòd taks kote ou te depoze oswa kote li egzamine
    • Balans ou dwe a

Fè Demann/Revize tankou Biznis (an anglè) Fè Demann/Revize tankou POA pou Biznis (an anglè)

 

Disponiblite Sistèm nan

Lendi a Vandredi:
6 a.m. jiska 12:30 a.m. Lè Zòn Lès

Samdi:
6 a.m. jiska 9 p.m. Lè Zòn Lès

Dimanch:
6 p.m. jiska 12 a.m. Lè Zòn Lès

Sistèm nan ap disponib sèlman padan peryòd ki ekri anwo a yo; tranpri remonte sou sistèm nan pandan disponiblite sistèm nan pou itilize demand pou Antant Pèman Sou Entènèt la.