Enfòmasyon adisyonèl sou plan pèman yo

  1. Ki avantaj ki genyen lè mwen peye taks mwen a lè?
  2. Ki sa yon plan pèman ye?
  3. Ki frè ki genyen e konbyen kòb yon plan pèman koute?
  4. Poukisa mwen dwe lajan enterè ak amand?
  5. Poukisa mwen oblije peye yon frè itilizasyon?
  6. Eske mwen ranpli kondisyon pou egzanpsyon oswa ranbousman frè itilizasyon an?
  7. Kijan pou mwen fè konnen si mwen ranpli Kondisyon Kontribyab a Revni Fèb?
  8. Kijan pou mwen verifye balans kont mwen ak istorik pèman mwen fè deja yo?
  9. Eske mwen ranpli kondisyon pou mwen fè demand sou entènèt pou yon plan pèman?
  10. Ki egzijans navigatè zouti Akò Peman Anliy lan genyen?
  11. Kijan pou mwen fè pou m ka revize plan pèman mwen?
  12. Kisa mwen ka chanje nan plan pèman mwen sou entènèt?
  13. Kijan mwen ka revize  plan peman mwen an anliy?
  14. E si mwen pa ranpli kondisyon pou fè demand sou entènèt pou yon plan pèman oswa pou revize plan mwen gen deja a sou entènèt?
  15. Kijan pou mwen jere plan mwen pou evite pèman ki manke?

Ki avantaj ki genyen lè mwen peye taks mwen a lè?

Daprè lalwa, IRS gen dwa enpoze sanksyon yo kont kontribyab yo si yo pa depoze deklarasyon revni pou taks ak si yo pa peye taks yo dwe avan dat limit la.
Si ou pa kapab peye taks ou dwe a selon dat limit premye dosye taks ou depoze a, balans ou dwe a ap anba enterè ak amand chak mwa pou pèman an reta. Gen yon sanksyon tou kont lè yon moun pa deklare revni pou taks, kidonk ou sipoze depoze dosye w la a lè menm si ou pa kapab peye tout balans ou yon sèl kou. Sa toujou pi bon pou ou lè ou peye tout kòb la pi vit ke posib pou w kapab redui amand adisyonèl yo.

Avantaj

  • Evite enterè ak amand adisyonèl ki kontinye ap akimile
  • Evi pou yo pa kenbe yon pati nan ranbousman ou yo alavni
  • Evite pwoblèm lè ou ap mande yon prè

Si ou pa ka peye tout kantite ou dwe a, peye otan ke ou kapab epi vizite IRS.gov/payments pou w kapab konsidere opsyon pèman sou entènèt nou ofri yo.

Ki sa yon plan pèman ye?

Yon plan pèman se yon antant ak IRS pou w peye taks ou dwe pandan yon peryòd pwolonje. Li ap pi bon pou ou fè demand pou yon plan pèman si ou kwè ke ou ap kapab peye taks ou an antye selon espas tan pwolonje a. Si ou ranpli kondisyon pou yon plan pèman akoutèm ou pa p responsab frè itilizasyon an. Si ou pa peye taks ou a lè sa ka lakoz IRS mete dosye yon Avi Garanti Taks Federal ansanm ak/oswa yon  Aksyon Prelèvman IRS (an anglè). Konsilte Piblikasyon 594, Pwosesis Rekouvreman Lajan IRS la (an anglè)PDF.

Ki frè ki genyen e konbyen kòb yon plan pèman koute?

Si IRS aprouve plan pèman an pou ou (antant pou vèsman), yo ap ajoute youn nan frè sa yo sou fakti taks ou dwe a. Chanjman nan frè itilizasyon yo antre an vigè nan ka Antant pou vèsman ki fèt nan jou 10 Avril 2018 la oswa aprè. Na ka yon moun, yon balans ki depase $25000; yo oblije peye sa pa mwayen Debi Dirèk. Nan ka yon biznis, yon balans ki depase $10000; yo oblije peye sa pa mwayen Debi Dirèk.

Fè demand lan anliy atravè Zouti Antant pou Pèman Sou Entènèt la oswa fè demand lan pa telefòn oswa pa lapòs lè w depoze Fòm 9465, Demand pou Antant Vèsman (an anglè).

Peye tout kòb ou dwe a jodi a

Metòd Pèman Konbyen sa koute

Moun Sèlman:

Peye dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay (Pèman Dirèk)
Moun ak biznis:

  • Peye pa mwayen elektwonik sou entènèt oswa nan telefòn lè ou itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal  (EFTPS) (enskripsyon obligatwa)
  • Peye pa mwayen chèk, manda postal oswa kat debi/kredi
Kapab gen yon frè lè ou ap peye pa mwayen kat
  • Fè demand sou entènèt: $0 frè itilizasyon
  • Fè demand pa telefòn, pa lapòs, oswa fas-a-fas: $0 frè itilizasyon
  • Pa p gen ni amand ni enterè alavni

Peye montan ou dwe a nan 180 jou oswa mwens

*Remak – se sèlman kontribyab endividyèl ki ka ranpli demand pou plan pèman akouttèm lan sou entènèt.

Metòd Pèman Konbyen sa koute

Aprè demand pou plan pèman a kout tèm nan fin fèt, pami opsyon pou pèman yo nou ap site:

  • Peye dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay (Pèman Dirèk) (Moun sèlman)
  • Peye pa mwayen elektwonik sou entènèt oswa nan telefòn lè ou itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (EFTPS) (enskripsyon obligatwa)
  • Peye pa mwayen chèk, manda postal oswa kat debi/kredi

Kapab gen yon frè lè ou ap peye avèk kat
  • Fè demand sou entènèt: $0 frè itilizasyon (moun sèlman), li limite kounye a jiska 120 jou)
  • Fè demand pa telefòn, pa lapòs, oswa fas-a-fas: $0 frè itilizasyon (jiska 180 jou)
  • Plis amand ak enterè ki ap monte jiskaske ou fin peye balans total la

Peye montan w dwe nan vèsman chak mwa yo.

Opsyon pou Pèman Konbyen sa koute

Opsyon 1: Peye atravè Debi Dirèk (pèman otomatik chak mwa apati kont kouran ou). Yo rele sa tou Antant Vèsman pa Debi Dirèk (DDIA an anglè)

  • Fè demand sou entènèt: $31 frè itilizasyon
  • Fè demand pa telefòn, pa lapòs, oswa fas-a-fas: $107 frè itilizasyon
  • Moun a Revni Fèb: Fè demand sou entènèt, pa telefòn, oswa fas-a-fas: yo elimine frè itilizasyon an
  • Plis amand ak enterè ki ap monte jiskaske ou fin peye balans total la

Opsyon 2: Aprè demand pou plan pèman alontèm nan fin fèt, pami opsyon pou pèman yo nou ap site:

  • Peye vèsman chak mwa dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay (Pèman Dirèk) (Moun sèlman)
  • Peye nan fason elektwonik sou entènèt oswa nan telefòn lè ou itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (EFTPS) (enskripsyon obligatwa)
  • Peye chak mwa pa mwayen chèk, manda postal oswa kat debi/kredi
Gen yon frè lè ou peye ak kat
  • Fè demand sou entènèt: $130 frè itilizasyon
  • Fè demand pa telefòn, pa lapòs, oswa fas-a-fas: $225 frè itilizasyon
  • Moun a Revni Fèb: Fè demand sou entènèt, pa telefòn, oswa fas-a-fas: $43 kòm frè itilizasyon ke yo kapab ranbouse ou si ou ranpli deseri kondisyon
  • Plis amand ak enterè ki ap monte jiskaske ou fin peye balans total la
Metòd Pèman Konbyen sa koute
  • Peye atravè Debi Dirèk (pèman otomatik chak mwa apati kont kouran ou). Yo rele sa tou Antant Vèsman pa Debi Dirèk (DDIA an anglè)

  • Peye vèsman chak mwa dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay (Pèman Dirèk)

    (Moun sèlman)

  • Peye nan fason elektwonik sou entènèt oswa nan telefòn lè ou itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (EFTPS) (enskripsyon obligatwa)
  • Peye vèsman chak mwa pa mwayen chèk, manda postal oswa kat debi/kredi
Kapab gen yon frè lè ou ap peye avèk kat
  • Fè demand (revize) sou entènèt: $10 kòm frè

  • Fè demand (revize) pa telefòn, pa lapòs, oswa fas-a-fas: $89 frè

Moun a Revni Fèb:
  • Fè demand (revize) sou entènèt: $10 frè, ke yo kapab ranbouse ou si ou ranpli deseri kondisyon
  • Fè demand (revize) pa telefòn, pa lapòs oubyen fas-a-fas: $43 frè, ke yo kapab ranbouse ou si ou ranpli deseri kondisyon
    • $0 frè pou chanjman ki fèt nan Antant vèsman Debi Dirèk ki te deja an plas

Nòt: Si ou ap peye avèk kat debi/kredi, ou ap peye frè pou tretman dosye. Frè tretman dosye yo se etablisman ki trete pèman yo ki touche lajan sa a epi gen limit.

Poukisa mwen dwe lajan enterè ak amand?

Nou kontinye ajoute enterè ak kèk frè sanksyon sou kantite lajan ou dwe a jiskaske ou fin peye balans lan konplètman. Pran plis ransèyman konsènan sanksyon yo ak enterè.

Poukisa mwen oblije peye yon frè itilizasyon?

Biwo Leta pou Jesyon ak Bidjè a (Office of Management and Budget) pase lòd bay ajans federal yo pou yo enpoze frè itilizasyon pou sèvis tankou pwogram Antant Vèsman an. IRS itilize frè itilizasyon yo pou li peye depans ki antre nan tretman Antant vèsman yo.

Èske mwen ranpli kondisyon pou egzanpsyon oswa ranbousman frè itilizasyon an?

Egzanpsyon oswa ranbousman frè itilizasyon yo aplikab sèlman nan ka kontribyab endividyèl ki gen revni an gwo ajiste, selon sa yo detèmine pou ane pi resan an ki gen enfòmasyon sila a ladan li, ki rive jiska 250% oswa pi ba pase nivo pòvrete federal ki aplikab la (kontribyab a revni fèb) ki angaje nan yon plan pèman alontèm (Antant vèsman) nan jou 10 Avril 2018 la oubyen aprè. Si ou se yon kontribyab a revni fèb, frè itilizasyon an elimine si ou dakò pou fè pèman debi elektwonik lè ou angaje nan yon Antant Vèsman a Debi Dirèk (DDIA). Si ou se yon kontribyab a revni fèb men ou pa kabap fè pèman debi elektwonik pa mwayen angajman nan yon DDIA a, yo ap ranbouse ou frè itilizasyon an lè ou fin ranpli Antant vèsman an. Si sistèm IRS la idantifye ou kòm yon kontribyab a revni fèb, zouti Antant Pèman Sou Entènèt la ap otomatikman entegre frè ki aplikab nan ka pa w la.

Kijan pou mwen fè konnen si mwen ranpli Kondisyon pou Estati Kontribyab a Revni Fèb?

Si ou kwè ke ou ranpli kondisyon pou estati kontribyab a revni fèb yo, men IRS pa t rive idantifye ou kòm yon kontribyab a revni fèb, tanpri konsilte Fòm 13844: Demand pou Frè Itilizasyon Redui pou Antant Vèsman (an anglè)PDF pou konsèy. Moun k ap fè demand lan dwe soumèt fòm nan bay IRS nan espas 30 jou apati dat li te resevwa lèt akseptasyon pou Antant vèsman li a pou mande IRS pou li rekonsidere kondisyon fiskal moun k ap fè demand lan.

Internal Revenue Service
PO Box 219236, Stop 5050
Kansas City, MO 64121-9236

Kijan pou mwen verifye balans kont mwen ak istorik pèman mwen fè deja yo?

Moun yo kapab wè kantite kòb yo dwe aktyèlman an ak istorik pèman yo deja fè yo lè yo gade nan Kont Anliy ou a. Pou ka vizite kont taks ou sa mande otorizasyon idantite ou pa mwayen deseri verifikasyon pou sekirite. Ba nou youn a twa semèn (twa semèn nan ka pèman elektwonik yo) avan pou kredi pou yon pèman resan parèt sou kont ou an.

Èske mwen ranpli kondisyon pou mwen fè demand sou entènèt pou yon plan pèman?

Sitiyasyon fiskal espesifik ou se sa ki ap detèmine ki opsyon pèman ki ap disponib pou ou. Pami opsyon pou pèman yo nou ap site pèman konplè, plan pèman a kout tèm (lè ou ap peye nan espas 180 jou oswa mwens) oswa plan pèman a lon tèm (Antant pou vèsman) (lè w peye pa mwa).

Nan ka yon moun, ou kapab gen dwa pou fè demand sou entènèt si:

  • Plan pèman alontèm (Antant pou vèsman): Ou dwe $50.000 oswa mwens an tèm total pou taks, amand ak enterè, epi ou depoze tout fòm taks obligatwa yo.
  • Plan pèman a kout tèm: Ou dwe mwens pase $100.000 an tèm total pou taks, amand ak enterè.

Nan ka yon biznis, ou kapab gen dwa pou fè demand sou entènèt si:

  • Plan pèman alontèm (Antant pou vèsman): Ou depoze tout fòm taks obligatwa yo epi ou dwe $25,000 oswa mwens nan taks konbine, penalite, ak enterè.

Si ou se yon pwopriyetè endividyèl oswa yon kontraktyèl endepandan, fè demand pou yon plan pèman  antanke moun.

Ki egzijans navigatè zouti Akò Peman Anliy lan genyen?

OPA ap mache sou vèsyon aktyèl navigatè sa yo:

  • Google Chrome
  • Internet Explorer oswa Microsoft Edge
  • Mozilla Firefox
  • Safari

Pou kapab itilize aplikasyon sa a, ou dwe konfigire navigatè w la pou li aksepte cookie sesyon yo. Tanpri asire w ke akseptasyon pou cookie sesyon an aktive nan navigatè w la, epi klike sou bouton retou a pou ka antre nan aplikasyon an.

Piga ou konfonn cookie sesyon sa yo ke aplikasyon sa a itilize ak cookie pèsistan yo. Cookie sesyon yo egziste sèlman pou yon moman nan memwa navigatè sitwèb la epi yo efase kou navigatè a fèmen. Aplikasyon ki ap mache yo depann de tip cookie sa a pou yo fonksyone nòmalman. Cookie sesyon ke sit sa a itilize yo pa sèvi pou asosye itilizatè sit IRS la avèk okenn moun reyèl. Si ou enkyete w konsènan konfidansyalite ou sou sit IRS la, tanpri gade nan Politik Konfidansyalite IRS (an anglè).

Kijan pou mwen fè pou m ka revize plan pèman mwen?

Ou kapab wè detay ki nan plan pèman aktyèl ou (tankou tip antant, dat limit, ak kantite lajan ou dwe peye) lè ou konekte sou zouti Antant Pèman Sou Entènèt la.

Kisa mwen ka chanje nan plan pèman mwen sou entènèt?

Ou ka sèvi ak zouti Antant Pèman Sou Entènèt la pou fè chanjman sa yo:

  • Chanje kantite lajan ou peye chak mwa
  • Chanje dat limit pèman ou fè chak mwa a
  • Konvèti yon Antant ki deja egziste an Antant Debi Dirèk
  • Chanje nimewo wouting ak nimewo kont la nan yon Antant Debi Dirèk
  • Reyetabli aprè pèman ki manke

Kijan mwen ka revize plan pèman mwen an anliy?

Ou kapab fè nenpòt chanjman ou vle lè ou konekte w premyèman sou zouti Antant Pèman Sou Entènèt la. Nan premye paj la, ou kapab revize tip plan aktyèl ou, dat pèman, ak kantite lajan. Epi soumèt chanjman ou fè yo.

Si kantite lajan pèman chak mwa ou mete a pa ranpli kondisyon yo, ou ap resevwa yon mesaj ki ap fòse ou korije kantite lajan pèman an. Si ou pa kapab peye kantite minimòm obligatwa pou pèman an, ou ap resevwa enstriksyon pou ranpli yon Fòm 433-F Atestasyon Done pou Rekouvreman Lajan (an anglè)PDF oswa Fòm 433-B, Deklarasyon enfòmasyon nan fè kòlèk pou biznis (an anglè)PDF ak kijan pou soumèt li.

Pou konvèti akò ou genyen kounye a an yon akò debi dirèk, oswa fè chanjman nan kont ki asosye ak akò debi dirèk ou a ki deja egziste a, antre nimewo wouting bank ou a ak nimewo kont ou a.

Si plan w lan ekspire akoz pèman ki manke epi yo ap retabli li, ou ka gen pou peye yon frè pou retablisman an.

E si mwen pa ranpli kondisyon oswa mwen pa anmezi pou fè demand

Si ou pa ranpli kondisyon pou plan pèman atravè zouti Antant Pèman Sou Entènèt la, petèt ou toujou kapab peye an plizyè vèsman.

Si ou pa rive revize yon Antant pou vèsman ki an plas pa mwayen entènèt, rele nou nan 800-829-1040 (moun) oswa 800-829-4933 (biznis). Si ou resevwa yon avi pou pèman ki manke epi ou pa kapab fè chanjman sou entènèt, oswa ou resevwa yon avi an ijans konsènan yon balans ou dwe, obsève enstriksyon ki ekri nan lèt la epi kontakte nou imedyatman.

Kijan pou mwen jere plan mwen pou evite pèman ki manke?

Pou kapab evite pèman ki manke nan plan pèman ou, fè sèten ke ou konprann kont ou epi jere li.

  • Peye omwen vèsman minimòm ou dwe a chak mwa epi a lè.
  • Depoze tout fòm taks obligatwa yo a lè epi peye tout taks ou dwe konplètman epi a lè (kontake IRS pou chanje Antant ou gen an plas la si ou pa kapab).
  • Ranbousman ou gen pou resevwa nan lavni yo ap konfiske pou peye dèt taks ou jiskaske sa fin peye konplètman.
  • Peye tout vèsman ki nan orè a menm si nou pran ranbousman ou pou peye balans kont lan.
  • Lè ou ap peye pa chèk, ekri non ou, adrès, SSN, nimewo telefòn lajounen ou, ane fiskal ak ki tip deklarasyon nan pèman an.
  • Kontakte nou si ou demenaje oubyen ranpli epi poste Fòm 8822, Chanjman Adrès (an anglè)PDF.
  • Konfime enfòmasyon pèman ou, dat ak kantite lajan; pou fè sa, revize dènye atestasyon ou oswa lèt konfimasyon ou te resevwa a. Lè ou ap voye pèman pa lapòs, voye yo nan adrès ki ekri nan lèt nou voye ba ou.

Kapab gen yon frè retablisman pou peye si ou kite plan ou tonbe an reta. Amand ak enterè ap kontinye monte jiskaske ou fin peye balans total la. Si ou resevwa yon avi entansyon pou tèmine Antant pou vèsman ou, kontakte nou imedyatman. Jeneralman nou pa p pran mezi rekouvreman obligatwa (an anglè):

  • Lè nou gen yon plan pèman ki an konsiderasyon devan nou;
  • Lè yon plan deja an plas;
  • Pandan 30 jou ki vini apre nou rejte oswa elimine yon demand, ni
  • Pandan peryòd IRS pran pou li egzamine kontestasyon kont yon antant nou rejte oswa ki fini.