Kalite Biznis yo

Pwopriyetè Endividyèl (an anglè)
Yon moun ki posede yon biznis poukont li ki pa anrejistre.

Patenarya (an anglè)
Yon relasyon ki ekziste ant de ou plizyè moun ki mete ansanm pou yo pratike yon metye oubyen yon antrepriz.

Biznis Entènasyonal (an anglè)
Biznis etranje ki gen aktivite nan peyi Etazini oswa biznis domestik ki gen aktivite andeyò Etazini.

Sosyete (an anglè)
Yon antite legal ki alafwa separe e distenk de pwopriyetè li yo.

Sosyete S (an anglè)
Sosyete ki chwazi pou fè revni sosyete a, pèt li yo, dediksyon l, ak kredi l pase dirèkteman rive jwenn aksyonè yo pou rezon taks federal.

Sosyete a Responsablite Limite ou LLC (an anglè)
Se yo estrikti sosyete kote yo pa ka rann manm konpayi a yo pèsonèlman responsab pou dèt ou responsablite konpayi a.