Denonse imèl, tèks, kont rezo sosyal, apèl telefòn ak lèt ki sispèk. Ou kapab ede elimine anak ak atak eskwokri kap pyeje moun yo pou fè yo pataje enfòmasyon pèsonèl yo sou entènèt.
Fason pou denonse depann de kontak la:
Si yo te vòlè lajan w oswa idantite w: Denonse fo mesaj la epi swiv etap yo si yo te anake ou.
Denonse yon fo mesaj ki soti nan yon lòt ajans federal (an anglè).
Imèl
Enfòme nou si ou resevwa yon imèl sispèk:
Nou pa janm voye imèl san otorizasyon ou. Si ou resevwa yon imèl ki sispèk, swiv etap sa yo:
- Pa reponn, pa klike sou lyen yo ni louvri dokiman atachman yo
- Voye imèl la bay phishing@irs.gov. Maje nan liy Sijè a: “IRS” si li konsène IRS oswa “Trezò” si li konsène Trezò. Itilize youn nan opsyon sa yo:
- Anrejistre imèl la kòm yon fichye, epi voye li kòm yon atachman
- Seleksyone ‘Forward as attachment (transfere kòm atachman)’ si founisè imèl ou a gen opsyon an
- Jwenn antèt imèl la (an anglè) epi voye li ba nou
- Transfere imèl la. Remake: sa elimine enfòmasyon enpòtan yo pou idantifye ak kanpe anakè a
- Denonse li bay Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Fiskal (TIGTA) (an anglè)
- Efase imèl la
Ou kapab denonse yo tou bay Komisyon Federal pou Komès la (an anglè).
Si biznis ou a te resevwa yon imèl èskrokri (phishing) pou eseye vòlè done Fòm W-2 a, swiv etap sa yo:
Si ou te reponn epi ou te voye enfòmasyon W-2 yo
Rapòte pèt done ak fwod yo ban nou. Pa mete okenn enfòmasyon pèsonèl ki ka idantifye yon anplwaye. Swiv etap sa yo:
- Voye yon imèl bay dataloss@irs.gov. Mete "W-2 data loss" nan sijè a epi mete ladan l:
- Non biznis
- Nimewo idantifikasyon anplwayè biznis la (EIN) ki gen rapò ak pèt done yo
- Non kontak
- Nimewo telefòn pou kontakte
- Rezime kijan pèt done a te rive
- Kantite anplwaye ki afekte yo
- Rapòte imèl la bay phishing@irs.gov. Mete "W-2 scam" nan sijè a epi fè konnen ou te yon viktim. Voye imèl "eskwokri a" nan youn nan fason sa yo:
- Sove imèl la kòm yon dosye, epi voye l kòm yon atachman
- Chwazi 'Voye kòm atachman' si founisè imel ou a gen opsyon sa a
- Pran antet imèl la (an anglè) epi voye l ban nou
- Voye imèl la pi devan (forward). Nòt: Sa retire kèk done enpòtan ki ka ede idantifye epi sispann eskwokè a.
Vòl done Fòm W-2/SSN: Enfòmasyon pou biznis ak founisè sèvis pewòl (an anglè)
Si ou pa t reponn
Voye imèl W-2 a nan adrès phishing@irs.gov. Liy sijè a: W-2 scam. Sèvi ak youn nan opsyon sa yo:
- Sove imèl la kòm yon dosye, epi voye l kòm yon atachman
- Chwazi 'Voye kòm atachman' si founisè imel ou a gen opsyon sa a
- Pran antet imèl la (an anglè) epi voye l ban nou
- Voye imèl la pi devan (forward). Nòt: Sa retire kèk done enpòtan ki ka ede idantifye epi sispann eskwokè a
Ou kapab tou rapòte bay Sant Plent pou Krim sou Entènèt (an anglè).
Si ou se yon pwofesyonèl nan enpo ki te resevwa yon imèl èskrokri (phishing), swiv etap sa yo selon sa ki te pase:
Vyolasyon done
Si ou te gen yon vyolasyon sekirite oswa done, kontakte lyezon moun ki gen enterè a (an anglè).
Enfòmasyon sou vòl done pou pwofesyonèl enpo yo (an anglè)
Enfòmasyon sou vòl idantite pou pwofesyonèl enpo yo (an anglè)
Imèl èskrokri siblé
Si ou resevwa yon imèl sispèk, tankou yon imèl nouvo kliyan (an anglè) oswa yon fo imèl EFIN (an anglè):
- Pa reponn, pa klike sou lyen, epi pa louvri okenn atachman
- Voye imèl la nan adrès phishing@irs.gov. Liy sijè a: Spearphishing. Sèvi ak youn nan opsyon sa yo:
- Sove imèl la kòm yon dosye, epi voye l kòm yon atachman
- Chwazi 'Voye kòm atachman' si founisè imel ou a gen opsyon sa a
- Pran antet imèl la (an anglè) epi voye l ban nou
- Voye imèl la pi devan (forward). Nòt: Sa retire kèk done enpòtan ki ka ede idantifye epi sispann eskwokè a
- Rapòte li bay Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Enpo (TIGTA) (an anglè)
- Efase imèl la
Ou kapab rapòte tou bay:
Si ou resevwa yon imel sou yon envestisman oswa acha aksyon ki enplike frè davans, penalite, enpo, oswa dokiman IRS oswa Trezò ki sispèk, rapòte li.
Si ou se yon sitwayen ameriken:
- Pa reponn, pa klike sou lyen, epi pa louvri okenn atachman
- Voye imèl la nan adrès phishing@irs.gov. Liy sijè a: Stock. Sèvi ak youn nan opsyon sa yo:
- Sove imèl la kòm yon dosye, epi voye l kòm yon atachman
- Chwazi 'Voye kòm atachman' si founisè imel ou a gen opsyon sa a.
- Pran antet imèl la (an anglè) epi voye l ban nou
- Voye imèl la pi devan (forward). Nòt: Sa retire kèk done enpòtan ki ka ede idantifye epi sispann eskwokè a
- Soumèt yon enfòmasyon oswa yon plent bay Komisyon Sekirite ak Echanj Etazini an (an anglè)
- Efase imèl la
- Jwenn èd pou vòl idantite si yo vòlè enfòmasyon pèsonèl ou
Si ou pa yon sitwayen ameriken epi ou pa rete Ozetazini:
- Pa reponn, pa klike sou lyen, epi pa louvri okenn atachman
- Voye imèl la nan adrès phishing@irs.gov. Liy sijè a: Stock. Sèvi ak youn nan opsyon sa yo:
- Sove imèl la kòm yon dosye, epi voye l kòm yon atachman
- Chwazi 'Voye kòm atachman' si founisè imel ou a gen opsyon sa a
- Pran antet imèl la (an anglè) epi voye l ban nou
- Voye imèl la pi devan (forward). Nòt: Sa retire kèk done enpòtan ki ka ede idantifye epi sispann eskwokè a
- Soumèt yon enfòmasyon (tip) oswa yon plent bay Komisyon Sekirite ak Echanj Etazini (an anglè)
- Depoze yon plent bay otorite regilasyon sekirite nan peyi ou a
Si yo vòlè lajan w oswa idantite w, rapòte sa bay econsumer.gov (an anglè)
Rezo sosyal
Nou pa janm voye mesaj dirèk sou rezo sosyal.
Si ou te resevwa yon mesaj rezo sosyal ki soti nan yon kont ki di li se IRS:
- Denonse li bay founisè rezo sosyal la
- Voye tout URL kont rezo sosyal la bay phishing@irs.gov. Sijè: Rezo sosyal.
- Panse denonse li bay:
Swiv kont rezo sosyal nou yo (an anglè)
IRS avèti nou pou nou pa pran konsèy taks sou rezo sosyal (an anglè)
Mesaj tèks
Nou pa voye mesaj tèks san otorizasyon ou.
Si ou resevwa yon mesaj tèks IRS oswa Depatman Trezò ki sispèk:
- Pa reponn, pa klike sou lyen ni louvri atachman.
- Voye enfòmasyon sa yo bay phishing@irs.gov avèk sijè “Tèks”:
- Nimewo telefòn moun ki voye yo a ak kontni mesaj tèks yo
- Nimewo telefòn moun ki resevwa yo a
- Dat, fizo orè moun ki resevwa a
- Efase tèks orijinal la
Epitou ou kapab:
- Transfere tèks la bay 7726 (an anglè) (SPAM). Sa ede founisè sèvis san fil ou an detekte epi bloke mesaj ki sanble yo.
- Denonse li bay Komisyon Federal pou Komès la (an anglè). Y ap pataje rapò w la bay fòs lòd yo.
Videyo: Kijan pou w evite anak mesaj tèks IRS yo (an anglè)
Sitwèb
Nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN)
Si yon sitwèb ap chaje w pou yon EIN:
- Kontakte bank oswa konpayi kat kredi w la pou diskite sou chaj yo
- Denonse sa bay Komisyon Federal pou Komès la (an anglè)
Ou kapab jwenn yon EIN gratis nan men IRS.
Telefòn
Apèl ki gen rapò ak IRS
IRS oswa ajans koleksyon prive yo ka rele ou pou trete pwoblèm kont yo. Nou pa janm rele pou mande peman kounye a, menase pou arete oswa enfòme ou de yon ranbousman. Kijan w ap konnen se IRS la (an anglè).
Si ou resevwa yon apèl ki gen rapò ak IRS la ki sispèk, anrejistre nimewo a epi rakwoche.
Denonse li bay Liy Asistans Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Fiskal (TIGTA) (an anglè) oswa rele 800-366-4484.
Apèl pou soulajman dèt fiskal yo
Si ou resevwa yon apèl pou soulajman dèt fiskal, anrejistre nimewo a epi rakwoche. Denonse li bay:
Lapòs
Lèt IRS ak lèt ki gen rapò ak taks
Si ou resevwa yon lèt ki di se IRS la, verifye si se nou. Chèche avi ak lèt IRS yo.
Ou kapab abòne pou jwenn avi yo sou kont IRS ou.
Si ou jwenn yon lèt konsènan yon ranbousman ou pa reklame, privilèj fiskal, soulajman dèt fiskal oswa lòt anak, denonse li bay:
Ou kapab kontakte biwo pwoteksyon konsomatè a tou avèk pwokirè jeneral eta (an anglè) w la.
Komisyon Federal pou Komès la bay gid pou redwwi mesaj ki pa itil yo (an anglè).
Lèt koleksyon dèt prive yo
Nou itilize ajans koleksyon dèt yo pou yon seri dèt fiskal ki pa peye. Nou avize ou pa lapòs anvan ajans lan voye yon lèt. Aprann konnen kijan sa fonksyone.
Faks
Fòm W8-BEN
Si ou resevwa yon faks, imèl oswa lèt ki sispèk, konsènan Fòm W8-BEN, Sètifika Estati Etranje Pwopriyetè Benefisyè pou Prelèvman ak Deklarasyon (Patikilye yo) Taks Ozetazini (an anglè):
- Denonse sa bay phishing@irs.gov. Sijè: W8-BEN.
- Si mesaj sispèk la nan yon imèl, itilize youn nan opsyon sa yo:
- Anrejistre imèl la kòm yon fichye, epi voye li kòm yon atachman
- Seleksyone ‘Forward as attachment (Transfere kòm atachman)’ si founisè imèl ou gen opsyon an
- Jwenn antèt imèl la (an anglè) epi voye li ba nou
- Transfere imèl la. Remake: sa elimine done enpòtan yo pou idantifye ak kanpe anakè a
- Denonse bay Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Fiskal (TIGTA) (an anglè)
EFIN
Si ou se yon pwofesyonèl taks ki te resevwa yon imèl sispèk ki mande w voye enfòmasyon EFIN ou yo pa faks:
- Denonse vòl done yo pi vit posib bay sreprezantan pati enterese a (an anglè).
- Denonse faks la bay:
- phishing@irs.gov. Sijè: EFIN
- Founisè lojisyèl taks faks la vle fè kwè li ye a
- Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Fiskal (TIGTA) (an anglè)
Pa itilize IRS nan egzèsis eskwokri yo
Nou pa bay otorizasyon pou itilize IRS la oswa logo li a nan egzèsis eskwokri yo. Sa konsène tout imitasyon yo ka konfonn ak orijinal (gzanp: lRS, 1rs, elatriye).