EFTPS: Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal

EFTPS

EFTPS (an anglè) se yon sistèm gratis ke Ministè Finans Etazini a ofri pou ka peye enpo federal ou yo.


EFTPS ap ofri w

Sekirite ou kapab fè konfyans

Itilizasyon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (EIN oswa SSN) ou a, Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl (PIN) ak Modpas Entènèt ou, ansanm ak yon navigatè Entènèt sekirize, ogmante sekirite ou. 

Fasilite a nan de pla men w

  • Pwograme pèman ou jiska 365 jou alavans.
  • Fè pèman enpo depi lakay ou oswa nan biwo w, 24/7.
  • Peye enpo sou revni, sou travay, enpo estime ak enpo federal dirèk ou.
  • Chanje fasilman oswa anile pèman ou te gentan pwograme yo.
  • Suiv pèman ou gras a notifikasyon pa imèl.
  • Gade istorik 15 mwa pèman ou te fè yo.
  • Resevwa èd ak pèman oswa ransèyman ou bezwen nan men Ajan Sèvis Kliyantèl yo.

Presizyon ou kapab fè konfyans

Konfimasyon imedya pou pèman ou ansanm ak atestasyon bankè ou ap konfime vèsman yo te fèt.

Kapasite pou fè peman pou plizyè kliyan

Si ou se yon pwofesyonèl fiskal, ou ka fè peman pou plizyè kliyan ak yon sèl konekyon. Telechaje lojisyèl Founisè pakèt gratis la (an anglè) .

Piblikasyon 5301, Sistèm Elektwonik pou Peman Enpo Federal - Manyèl Itilizatè Lojisyèl Founisè Pakèt (an anglè)PDF

Kijan pou enskri nan EFTPS

Nouvo enskripsyon pou EFTPS ka pran jiska senk jou ouvrab pou trete.

Enskri nan EFTPS (an anglè) oswa mande yon fòm enskripsyon Sèvis Kliyan EFTPS:

Avantaj siplemantè lè ou ap itilize EFTPS


Enfòmasyon Siplemantè

Piblikasyon 966, Sistèm Elektwonik pou Pèman Enpo Federal, Yon Gid sou Kijan Pou Kòmanse (an anglè)PDF

Piblikasyon 4990, EFTPS Livrè Enstriksyon sou Pèman pou Biznis ak Patikilye Kontribyab (an anglè)PDF

Piblikasyon 5301, Sistèm Elektwonik pou Pèman Enpo Federal - Manyèl Itilizatè Lojisyèl Founisè Pakèt (an anglè)PDF

Resous anliy EFTPS yo epi disponib pou moun kòmande pa telefòn (an anglè)

Gen plis opsyon elektwonik ak lòt ankò sou paj pèman prensipal la

Eskwokri ak sit pyèj ki ekziste aktyèlman ki degize an IRS (an anglè)