Direct Pay (Pèman Dirèk) Pa Mwayen Kont Bankè

Sèvi ak sèvis sekirize sa a pou w peye taks ou pou Seri Fòm 1040 lan, estimasyon taks oswa lòt fòm ki asosye ak yo (an anglè) dirèkteman apati kont kouran oswa kont epay ou gratis.

Ou kapab siveye fasilman pakou lajan ou peye a lè ou enskri pou w resevwa notifikasyon pa imel konsènan pèman taks ou fè, chak lè ou itilize Direct Pay IRS ofri a.

  • Notifikasyon pa imel la ap gen landan l nimewo konfimasyon ou resevwa lè w fin fè yon tranzaksyon pèman an.
  • IRS ap kontinye raple kontribyab yo pou yo veye eskamòtay nan imel yo. W ap resevwa yon imel nan men Direct Pay IRS sèlman lè w te mande pou sèvis sa a

Si w gentan soumèt yon pèman Direct Pay, ou ka sèvi ak nimewo konfimasyon pèman w lan pou w ka gen aksè ak yon antèt ki di Look Up a Payment (Chèche Yon Pèman). Yon pèman ki te pwograme, ou ka modifye l oubyen anile l menm de jou ouvrab anvan dat pèman an fèt.

Ou kapab wè istorik pèman w te fè yo lè ou antre sou kont sou entènèt IRS ou.

Disponiblite

Sèvis Direct Pay a disponib nan lè sa yo:

  • Lendi jiska Samdi: Minui jiska 11:45 p.m. Fizo Orè Lès
  • Dimanch: 7 a.m. jiska 11:45 p.m. Fizo Orè Lès

Kapab gen lòt entèripsyon nan sèvis la, kidonk nou ap fè w konnen si Direct Pay disponib avan w kòmanse sesyon an. Mèsi pou pasyans ou.

Tanpri se pou note byen, Direct Pay pa afekte dat limit ou ditou, kidonk se pou w planifye alavans pou ka fè sèten ou peye alè.

Limitasyon sou montan ak frekans

Sèvis Direct Pay IRS la p ap aksepte plis pase de vèsman nan espas yon peryòd 24 rè, epi se pou chak vèsman pi piti pase $10 milyon. Pou w ka fè vèsman elektwonik ki pi gwo, sèvi ak sèvis EFTPS la oswa pèman telegrafik menm jou.