Kontribyab entènasyonal ki pa genyen yon kont nan bank Ameriken ka swiv entriksyon ki anba la a yo pou transfere lajan ki soti dirèkteman nan bank etranje yo a voye bay Sèvis Revni Entèn pou peye taks yo dwe pou tèt yo oswa pou biznis yo.
Atansyon: Malgre metòd pèman sa a disponib pou tout moun ki gen kont nan bank etranje (sa vle di tou anpil kalite enstitisyon diferan), sa ka koute anpil. Tanpri panse ak lòt opsyon, tankou peye ak yon kat kredi, pou w ka evite peye gwo pri transfè dirèk deviz etranje koute. Pou plis enfòmasyon sou kòman pou w itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Fiskal Federal (EFTPS) oubyen pou lòt metòd pèman an deviz Ameriken, vizite sitwèb Fè yon Pèman .
Remak:Pèman taks Ozetazini dwe fèt nan non Sèvis Revni Entèn (IRS) an dola Ameriken.
Transfè Telegrafik Entènasyonal
Pou w konplete yon transfè telegrafik entènasyonal nan yon bank etranje, ou bezwen konplete Fèy Travay pou Pèman Fiskal nan Menm Jou a (an anglè) PDF ak Kòd Tip Taks la (an anglè) epi peryòd fiskal la (ane a ak/oubyen trimès la) poutèt pou fon an kapab peye direkteman responsabilite fiskal sa a ou genyen anvè IRS la. Aprè w konplete fèy travay la, ale nan bank lan ak li epi mande pou w fè transfè entènasyonal la.
Bank etranje w la dwe genyen relasyon dirèk ak yon bank Ameriken malgre bank Ameriken an pa oblije afilye ou bye lye ak bank etranje a. Tibank lokal ka pa ka an mezi pou reponn ak yon transfè telegrafik entènasyonal men gwo bank yo kapab. Si bank you an an mezi pou transfere lajan mete nan yon bank Ameriken, l ap mande w konplete yon fòm aplikasyon pou transfè telegrafik entènasyonal. W ap bezwen Nimewo Tranzit Woutaj (RTN), moun konnen l tou sou non Asosyasyon Bank Ameriken (ABA), non bank kote kòb la ap transfere a, pafwa yo rele l "Bank Benefisyè".
Puu w konplete yon transfè telegrafik, w ap bezwen enfòmasyon sa yo:
- Yon Fèy Travay Kontribyab Menm Jou A ki deja ranpli
- Nimewo kont IRS – 20092900IRS (si w vle)
- Nimewo woutaj IRS RTN/ABA – 091036164 US TREAS SINGLE TX
Konsèy - Tanpri konplete Fèy Travay Kontribyab Memm Jou A ANVAN w ale nan bank ou an. W ap bezwen enfòmasyon ki nan fèy travay la pou w ka konplete aplikasyon telegrafik la jan bank lan mande l la.
Enstitisyon finansye a (bank lan) ka chaje w yon frè pou sèvis telegafik la. Si bank etranje w la bezwen aisitans, yo ka kontakte Sèvis Kliyantèl Pèman Taks Federal nan nimewo sa a 314-425-1810 (apèl la pa gratis). Si w gen kesyon sou transfè telegrafik, tanpri kontake Biwo lokal Entènasyonal ou a pou asistans.
Pou plis enfòmasyon sou opsyon pèman elektwonik, telechaje Piblikasyon 966 la, Chwa Elektwonik pou Peye Tout Taks Federal Ou Yo (an anglè) PDF (796 KB).
Pèman Elektwonik Aletranje - Kòd Tip Taks la
Kòd Tip Taks la pou Patikilye:
Nimewo Fòmilè a | Non Fòmilè a epi Tip Pèman | Yon Kòd Tip Taks ki gen 5 chif |
---|---|---|
1040 | Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl Ozetazini | |
1040 | Pèman pou deklarasyon modifye | 10400 |
1040 | Dosye ekstansyon w te depoze a | 10402 |
1040 | Peye davans pou ensifizans | 10404 |
1040 | Pèman Estimasyon Taks | 10406 |
1040 | Pèman w ap fè apre (Nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS) | 10407 |
Kòd Tip Taks pou Biznis
Nimewo Fòmilè a | Non Fòmilè a (Tip Pèman) | Yon Kòd Tip Taks ki gen 5 chif |
---|---|---|
720 | Depo Trimestriyèl pou Deklarasyon Taks Patikilye | 72005 |
720 | Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lè notifikasyon IRS | 72007 |
940 | Depo Taks Anyèl Anplwayè pou Chomaj (FUTA) | 09405 |
940 | Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lè notifikasyon IRS | 09407 |
941 | Depo Taks trimestriyèl Anplwayè pou Anplwa (FICA) | 94105 |
941 | Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lè notifikasyon IRS | 94107 |
941 | Jan IRS kalkile Ensifizans | 94104 |
944 | Depo Taks Anyèl Anplwayè pou Anplwa | 94405 |
944 | Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lè notifikasyon IRS | 94407 |
945 | Depo prelèvman Fiskal Federal sou Revni | 09455 |
945 | Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS | 09457 |
990T | Depo Fiskal Revni sou Biznis Òganizasyon Egzante yo | 99046 |
990T | Pèman ak deklarasyon an oubyen ak lèt notifikasyon IRS | 99047 |
990T | Pèman ou dwe a nan pwolongasyon an | 99042 |
1041 | Deklarasyon Taks sou Revni Fidisyè
Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS |
10417 |
1041 | Pèman Estimasyon deklarasyon | 10416 |
1041 | Pèman ou dwe a nan pwolongasyon an | 10412 |
1042 | Deklarasyon Prelèvman Fiskal Anyèl pou Sous Revni Patikilye Etranje genyen Ozetazini
Depo |
10425 |
1042 | Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS | 10427 |
1120 | Taks sou Revni Sosyete Ameriken yo
Depo |
11206 |
1120 | Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS | 11207 |
1120 | Pèman ou dwe nan pwolongasyon an | 11202 |
1120 | Deklarasyon modifye | 11200 |
2290 | Taks pou Itilizasyon Anjen Lou | 22907 |
8804 | Deklarasyon anyèl pou Prelèvman Taks sou Patenarya (Seksyon 1446) | 88047 |
8489 | Sanksyon Sivil | 84894 |