Yon PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN) se yon nimewo ki gen sis (6) chif ki anpeche yon lòt moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl ou pou li ranpli yon deklarasyon enpo. Se oumenm ak IRS la sèlman ki konnen IP PIN nan. Li ede nou verifye idantite ou lè w ap ranpli deklarasyon enpo sou òdinatè oswa sou papye. Menmsi ou pa gen yon egzijans pou deklare, IP PIN nan ap toujou pwoteje kont ou. Si yo konfime ou se yon viktim vòl idantite fiskal epi nou te rezoud pwoblèm kont fiskal ou, n ap voye yon Avi CP01A (an anglè) avèk nouvo IP PIN ou an chak ane pa lapòs. Si ou pa genyen yon IP PIN deja, ou ka resevwa yon IP PIN nan yon demach pou ou pwoteje tèt ou kont vòl idantite fiskal. Si ou vle fè demann pou yon IP PIN, tanpri remake: Ou dwe pase nan yon pwosesis verifikasyon idantite. Konjwen yo ak depandan yo kalifye pou yon IP PIN si yo ka pase pwosesis verifikasyon idantite a. Kòman pou ou resevwa yon IP PIN Mwayen pi rapid pou resevwa yon IP PIN se lè ou itilize zouti anliy Resevwa yon IP PIN nan. Si ou swete resevwa yon IP PIN epi ou poko genyen yon kont sou IRS.gov, ou dwe enskri pou ou valide idantite w. Jeneralman, zouti IP PIN nan disponib soti mitan janvye pou rive mitan novanm. Klike bouton an pou kòmanse Resevwa yon IP PIN (an anglè) Lòt mwayen apre zouti anliy lan Si ou vle yon IP PIN men ou pa ka valide idantite ou avèk siksè atravè zouti Resevwa yon IP PIN nan, gen lòt mwayen pou fè sa. Tanpri, remake lè ou itilize yon lòt mwayen apre zouti anliy lan, w ap pran plis tan pou ou jwenn yon IP PIN. Soumèt yon demann pou yon IP PIN Si revni brit ajiste ou nan dènye deklarasyon ou depoze a pi ba pase 73 000 dola pou Patikilye oswa 146 000 dola pou Marye K ap Deklare Konjwen epi ou pa kapab itilize zouti anliy lan, ou gen opsyon pou ou itilize Fòm 15227, Demann pou yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (an anglè)PDF. Ou dwe genyen: Yon nimewo Sekirite Sosyal oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl valid Yon revni brit ajiste nan dènye deklarasyon ou depoze a pi ba pase 73 000 dola pou Patikilye oswa 146 000 dola pou Marye K ap Deklare ak Konjwen yo. Aksè ak yon telefòn N ap itilize nimewo telefòn ou te bay nan Fòm 15227 pou rele ou epi valide idantite w. Depi nou fin verifye idantite w, w ap resevwa IP PIN ou an atravè Sèvis Postal Etazini dabitid soti kat (4) rive sis (6) semèn. Epi w ap kontinye resevwa IP PIN ou chak ane pa lapòs. Demann otantifikasyon an pèsòn pou yon IP PIN Si ou pa anmezi pou verifye idantite ou anliy oswa avèk pwosesis Fòm 15227 la oswa ou pa kalifye pou soumèt Fòm 15227 ou ka pran yon randevou pou yon rankont an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab lokal. Tanpri pote yon dokiman idantifikasyon ak foto aktyalize gouvènman an ba ou ak yon lòt dokiman idantifikasyon pou pwouve idantite w. Depi nou fin verifye idantite w, w ap resevwa IP PIN ou an atravè Sèvis Postal Etazini an nan twa (3) semèn, jan sa ye dabitid. Epi w ap kontinye resevwa IP PIN ou an chak ane pa lapòs. Enfòmasyon Enpòtan konsènan IP PIN yo Yon IP PIN valid pou yon ane sivil Chak ane gen yon nouvo IP PIN ki jenere pou kont ou an Lè ou retounen konekte sou zouti Resevwa yon IP PIN nan, sa ap pèmèt IP PIN ou an afiche Ou dwe itilize yon IP PIN chak fwa w ap depoze yon deklarasyon taks pandan ane a, ansanm avèk deklarasyon ane anvan yo tou. Kesyon yo Poze Souvan sou Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite a (an anglè) Itilize yon IP PIN pou Deklare Antre IP PIN sis (6) chif la lè lojisyèl enpo w lan mande w li oswa bay pwofesyonèl enpo ou fè konfyans lan k ap prepare deklarasyon enpo w la li. IP PIN nan itilize nan Fòm 1040, 1040-NR, 1040-PR, 1040-SR, ak 1040-SS sèlman. Ou dwe mete yon IP PIN ki kòrèk nan deklarasyon enpo elektwonik la oswa sou papye a pou evite rejè ak reta. Yon IP PIN ki pa kòrèk oswa ki manke ap lakoz yo rejte deklarasyon elektwonik ou a oswa retade deklarasyon sou papye w la jiskaske yo kapab verifye li. Pa devwale IP PIN ou an bay pèsòn. Se pwofesyonèl enpo w la sèlman ki ka konnen li e se sèlman lè ou pare pou siyen ak soumèt deklarasyon w lan. IRS la p ap janm mande IP PIN ou. Apèl telefòn, mesaj imèl oswa mesaj tèks k ap mande IP PIN ou se anak. IP PIN ki Pèdi yo Gade Rekipere IP PIN Ou pou detay yo. Pa soumèt yon Fòm 15227 pou fè demann yon nouvo IP PIN.