Itilize zouti sa a pou kalkile taks sou revni federal ou vle pou anplwayè w la fè prelèvman sou chèk ou a. Sa rele prelèvman taks (an anglè). Gade kòman prelèvman w yo afekte ranbousman ou, sale nèt oswa taks ou dwe. Kòman Li Fonksyone Itilize zouti sa pou ou fè san okenn risk: Kalkil prelèvman taks sou revni federal ou Gade kòman montan prelèvman ou yo afekte ranbousman ou, sale nèt ou oswa taks ou dwe Chwazi yon estimasyon montan prelèvman k ap bon pou ou Rezita yo depann de enfòmasyon ou bay yo. Sa Ou Bezwen Prepare sa yo: Bilten salè tout travay (mari oswa madanm tou) Enfòmasyon sou lòt revni (travay sou kote, travay endepandan, envestisman, elatriye) Dènye deklarasyon taks Enfòmasyon pèsonèl ou pa nesesè. Enfòmasyon ou yo pa anrejistre. Konsènan Sekirite Itilize Estimatè Prelèvman Taks la Pa itilize zouti sa a si: Se yon pansyon ou genyen men se pa yon travay: Kalkile prelèvman taks ou avèk nouvo Fòm W-4P (an anglè) la. Ou gen estati etranje ki pa rezidan. Sèvi ak Avi 1392, Sipleman Enstriksyon Fòm W-4 pou etranje ki pa Rezidan yo. Si sitiyasyon fiskal ou konplike. Sa gen ladan minimòm taks altènatif, gen kapital alontèm oswa dividann kalifye. Gade Piblikasyon 505, Prelèvamn Taks ak Estimasyon Taks (an anglè) Kesyon yo Poze Souvan sou Estimatè a (an anglè) Plis toujou sou Prelèvman Taks Kilè pou Ou Verifye Prelèvman Taks Ou Poukisa Ou Dwe Verifye Prelèvman Taks Ou Konsènan Prelèvman Taks (an anglè) Piblikasyon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks (an anglè) Fòm W-4 yo Kesyon ak Repons sou Fòm W-4 2020 an (an anglè) Fòm W-4 Sètifika Prelèvman Anplwaye a Fòm W-4 (an anglè) Avi 1392, Sipleman Enstriksyon Fòm W-4 pou Etranje ki pa Rezidan yoPDF Apre Ou fin Itilize Estimatè a Itilize estimasyon ou pou w chanje montan prelèvman taks ou sou Fòm W-4 la. Oswa kenbe menm montan an. Si ou vle chanje montan prelèvman taks ou: Mete nouvo montan prelèvman taks ou nan Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a Mande anplwayè a si li itilize yon sistèm otomatik pou soumèt Fòm W-4 la Soumèt oswa bay anplwayè w la Fòm W-4 la Si ou vle kenbe menm montan prelèvman taks ou a: Ou pa bezwen fè anyen lè sa. Verifye prelèvman w lan ankò lè ou bezwen fè sa; fè sa chak ane avèk Estimatè a. Sa ape de ou rasire ou si montan prelèvman an bon pou sikonstans ou an. Kilè pou Ou Verifye Prelèvman Ou Verifye prelèvman taks ou chak ane, espesyalman: Lè ou gen yon gwo chanjman nan vi ou Nouvo travay oswa lòt travay ki peye Gwo chanjman revni Maryaj Timoun ki fèt oswa adopsyon Achte kay Si ou te chanje prelèvman taks ou nan mitan ane a Verifye prelèvman taks ou nan fen ane a, epi ajiste avèk yon nouvo W-4 jan sa bezwen fèt Si ou gen plis kesyon konsènan prelèvman ou, mande anplwayè w la oswa konseye w nan zafè taks la. Poukisa Ou Dwe Verifye Prelèvman Ou Genyen plizyè rezon ki fè ou dwe verifye prelèvman ou: Sa kapab anpeche ou genyen twò piti prelèvman taks ki fèt ak jwenn yon fakti taks oswa penalite sanzatann nan sezon fiskal la lòt ane. Sa kapab pèmèt ou ajiste prelèvman taks ou alavans, pou ou ka resevwa yon pi gwo pèman ak yon pi piti rannbousman nan sezon fiskal la. Sekirite Estimatè Prelèvman Taks la pa mande enfòmasyon pèsonèl tankou non, nimewo Sekirite Sosyal, adrès oswa nimewo kont labank. Nou pa anrejistre oswa konsève enfòmasyon ou mete nan estimatè a. Gade Eskwokri nan Taks/Alèt pou Konsomatè pou plis detay sou kòman pou pwoteje tèt ou kont eskwokri.