Nan seri sa a:
Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen
Ki moun ki dwe ranpli
Pifò sitwayen ameriken (an anglè) oswa rezidan pèmanan yo (an anglè) ki travay Ozetazini dwe ranpli yon deklarasyon enpo.
Anjeneral, ou bezwen ranpli si:
- Revni brit ou depase egzijans pou ranpli a
- Ou gen plis pase $400 nan salè nèt antanke travayè endepandan (travay segondè oswa lòt travay endepandan)
- Ou te gen lòt sitiyasyon ki mande pou w ranpli (an anglè)
Li ka nan avantaj ou pou w ranpli menmsi w pa oblije.
Kantite revni ki fè l obligatwo pou w ranpli
Si w potko gen 65 nan fen ane 2023 a
Si estati ranpli w se: | Fè yon deklarasyon enpo si revni brit ou te omwen: |
---|---|
Selibatè | $13 850 |
Chèf kay | $20 800 oswa plis |
Moun marye ki ranpli ansanm | $27 700 oswa plis (toulede konjwe yo poko gen 65 an) $29 200 oswa plis (Yon konjwen poko gen 65 an) |
Marye men ranpli separeman | $5 oswa plis |
Konjwen sivivan kalifye | $27 700 oswa plis |
Ou ka bezwen depoze yon deklarasyon menmsi w te fè mwens revni, pou w jwenn ranbousman prelèvman anplwayè w la te retire nan revni w.
Si w te gen 65 an oswa plis nan fen 2023
Si estati ranpli w se: | Fè yon deklarasyon enpo si revni brit ou te omwen: |
---|---|
Selibatè | $15 700 oswa plis |
Chèf kay | $22 650 oswa plis |
Moun marye ki ranpli ansanm | $30 700 oswa plis (both spouses 65 or older) |
Marye men ranpli separeman | $5 oswa plis |
Konjwen sivivan kalifye | $29 200 oswa plis |
Depandan
Sèvi ak tablo sa a si paran w oswa yon lòt moun ka reklame w kòm depandan.
Rèvni w touche: Salè, konpansasyon, poubwa, frè pwofesyonèl, ak bous ak sibvansyon ki enpozab.
Revni w pa touche: Enterè enpozab, dividann òdinè, ak distribisyon pwofi kapital, konpansasyon pou chomaj, benefis Sekirite Sosyal ki enpozab, pansyon, anwite ak distribisyon revni ki pa touche nan men yon fidisi.
Gross income: Earned plus unearned income.
Revni brit: Revni w te touche ak revni w pa t touche.
Ou ka bezwen reponn kesyon pou w konnen si w dwe ranpli (an anglè)
Si estati ranpli w se: | Depoze yon deklarasyon enpo si nenpòt nan sa yo applike avè w: |
---|---|
Selibatè ki poko gen 65 an | Revni w pa t touche te pi plis pase $1 250 Revni w te touche te pi plis pase $13 850 Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
|
Selibatè ki gen 65 an oswa plis | Revni w pa t touche te pi plis pase $3 100 Revni w te touche te pi plis pase $15 700 Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
|
Moun marye ki poko gen 65 an | Revni brit ou te $5 oswa plis epi konjwen w te depoze yon deklarasyon separeman, e li te detaye dediksyon l yo Revni w pa t touche te pi plis pase $1 250 Revni w te touche te pi plis pase $13 850 Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
|
Moun marye ki gen 65 an oswa plis | Revni brit ou te $5 oswa plis epi konjwen w te depoze yon deklarasyon separeman, e li te detaye dediksyon l yo Revni w pa t touche te pi plis pase $2 750 Revni w te touche te pi plis pase $15 350 Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
|
Depandan ki avèg:
Itilize tablo sa a si para w oswa yon lòt moun ka reklame w kòm depandan epi w avèg.
Si estati ranpli w se: | Depoze yon deklarasyon enpo si nenpòt nan sa yo applike avè w: |
---|---|
Selibatè ki poko gen 65 an | Revni w pa t touche te pi plis pase $3 100 Revni w te touche te pi plis pase $15 700 Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
|
Selibatè ki gen 65 an oswa plis | Revni w pa t touche te pi plis pase $4 950 Revni w te touche te pi plis pase $17 550 Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
|
Moun marye ki poko gen 65 an | Revni brit ou te $5 oswa plis epi konjwen w te depoze yon deklarasyon separeman, e li te detaye dediksyon l yo Revni w pa t touche te pi plis pase $2 750 Revni w te touche te pi plis pase $15 350 Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
|
Moun marye ki gen 65 an oswa plis | Revni brit ou te $5 oswa plis epi konjwen w te depoze yon deklarasyon separeman, e li te detaye dediksyon l yo Revni w pa t touche te pi plis pase $4 250 Revni w te touche te pi plis pase $16 850 Revni brit ou te plis pase montan ki pi gwo a ant:
|
Si w toujou pa sèten ou dwe ranpli
Gade si w bezwen ranpli: reponn kèk kesyon pou w konnen (an anglè)
Ranpli kanmenm menmsi w pa oblije fè sa
Menm si ou fè mwens pase revni ki nesesè pou ranpli, konsidere ranpli kanmenm. Ou ka jwenn yon ranbousman:
- Si w kalifye pou yon kredi enpo ranbousab
- Si yo te prelve enpo federal sou chèk ou
- Si ou te fè peman enpo estime
Fason pou ranpli enpo ou: etap pa etap Rasanble dokiman w yo
Ki gen rapò
Revni enpozab
Estati ranpli
Piblikasyon 501 (2023), Depandan, Dediksyon Estanda, ak Enfòmasyon pou Ranpli (an anglè)