Chak ane, ou ta dwe chwazi estati depo ki reflete sikonstans ou kòrèkteman. Estati depo w ka chanje apre yon gwo evènman nan lavi a tankou lè w marye oswa w demenaje al abite lwen kay la.
Reponn kèk kesyon pou w detèmine estati depo w ki kòrèk la (an anglè).
Kijan estati depo afekte enpo pa w
Estati depo ka afekte:
- Si w dwe ranpli yon deklarasyon
- Konbyen enpo ou dwe
- Kredi ou ka reklame
- Ki kalite fòm ou dwe ranpli
- Montan dediksyon estanda w la
- Si w dwe jwenn yon ranbousman
Senk estati depo
Anjeneral, estati depo w baze sou eta sivil (an anglè) ou nan dènye jou ane a. Ou ka chwazi:
Selibatè (an anglè) si w pa marye, divòse oswa separe legalman.
Marye epi ranpli ansanm (an anglè) si w marye oswa si konjwen w te mouri pandan ane a.
Marye men ranpli separeman (an anglè) si w marye epi w pa vle ranpli enpo ansanm oswa w twouve ranpli separeman ap pèmèt ou peye mwens enpo. Pifò koup ekonomize lajan lè yo ranpli enpo ansanm.
Chèf kay (an anglè) si w selibatè epi w peye plis pase mwatye depans lavi a pou ou menm ak yon moun ki kalifye antanke depandan pa w.
Konjwen sivivan ki kalifye (an anglè) si konjwen w te mouri nan espas de (2) lane ki pase yo epi ou gen yon timoun kòm depandan pa w.
Jwenn detay sou estati depo yo ak fason pou w chwazi yo (an anglè)
Ki gen rapò
Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Jere enpo w yo apre yon evènman lavi a (an anglè)
Deklare enpo w yo apre divòs oswa separasyon
Piblikasyon 501, Depandan, dediksyon estanda, ak enfòmasyon pou depo (an anglè)