Body Byenvini nan Deklarasyon Gratis IRS la, kote w ap kapab prepare ak fè deklarasyon taks federal sou revni endividyèl ou gratis avèk lojisyèl preparasyon ak deklarasyon taks la. Kite IRS fè travay ki difisil la pou ou. Deklarasyon Gratis IRS la pèmèt ou prepare epi deklare taks federal sou revni w gratis sou entènèt avèk preparasyon taks ki gide nan yon sit ki se asosye IRS oswa Fòmilè pou Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo. Sa fasil, san danje epi sa pa koute w anyen pou yon deklarasyon federal. Pou resevwa yon deklarasyon taks federal gratis, ou dwe chwazi yon founisè deklarasyon gratis IRS ki nan paj Navige Atravè Tout Òf yo (an anglè) oswa apati rezilta ou jwenn nan Zouti Rechèch Anliy (an anglè) ou an. Depi ou fin klike sou founisè Deklarasyon Gratis IRS ou vle a, w ap kite sit entènèt IRS.gov la pou w al tonbe sou sit entènèt founisè Deklarasyon Gratis IRS la. Epi, ou dwe kreye yon kont sou sit entènèt founisè Deklarasyon Gratis IRS ou te monte sou li apati IRS.gov la pou w prepare epi depoze deklarasyon w lan. Tanpri remake, yon kont ki kreye sou sit entènèt komèsyal pou preparasyon taks menm founisè a P AP fonksyone avèk Deklarasyon Gratis IRS la: ou DWE ale sou sit Deklarasyon Gratis founisè a jan yo mande pou fè sa anwo a. Chwazi nan Deklarasyon Gratis IRS Preparasyon Taks ki Gide (pou AGI $73,000 oswa pi piti) Deklarasyon federal gratis si ou kalifye Reponn kesyon senp yo Preparasyon gide a fè tout kalkil yo Depo taks ki fèt sou sit yon asosye IRS Gen preparasyon taks leta ak depo ki gratis Chwazi yon Òf Deklarasyon Gratis IRS (an anglè) Fòmilè pou Ranpli Disponib pou tout nivo revni Fòmilè elektwonik gratis ou ranpli epi w soumèt ou menm menm An mezi pou prepare yon deklarasyon taks sou papye avèk fòmilè, enstriksyon ak piblikasyon IRS yo Pa gen kalkil ak konsèy sou preparasyon taks limite Itilize Fòmilè pou Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an anglè) Kisa Deklarasyon Gratis IRS la ye? Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la se yon patenarya piblik-prive ant IRS ak anpil dirijan endistri preparasyon taks ak lojisyèl deklarasyon ki bay pwodui ki gen mak non pa yo gratis. Sa bay kontribyab taks yo de (2) fason yo ka prepare epi deklare taks federal sou revni yo gratis sou entènèt: Preparasyon Taks Gide bay sèvis preparasyon ak depo taks gratis sou sit asosye IRS yo. Asosye nou yo livre sèvis sa a gratis pou kontribyab taks ki kalifye pou sa. Kontribyab taks ki genyen AGI (Revni an Gwo Ajiste) (an anglè) 73000$ oswa mwens, kalifye pou yon deklarasyon taks federal gratis. Fòmilè pou Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo se fòmilè elektwonik pou taks federal ki genyen menm valè ak yon fòm 1040 papye. Ou dwe konnen kijan pou w prepare pwòp deklarasyon taks ou pou kont ou avèk enstriksyon fòm yo ak Piblikasyon IRS yo, si sa nesesè. Li bay kontribyab ki gen revni (AGI) (an anglè) ki depase 73000$ yo yon opsyon gratis. Chache jwenn kisa w bezwen pou w kòmanse, pwoteksyon w ak sekirite, fòmilè ki disponib epi plis koze sou Deklarasyon Gratis IRS la anba a. Jan Òf Deklarasyon Gratis la Fonksyone Ou dwe kòmanse opsyon deklarasyon w lan sou IRS.gov. Lè ou ale dirèk sou sit entènèt yon konpayi, sa ap lakoz ou pa jwenn avantaj yo ofri la yo. Chwazi yon opsyon Deklarasyon Gratis IRS, preparasyon taks ki gide oswa Fòmilè pou Ranpli pou Deklrasyon Gratis yo. W ap tonbe dirèk sou sit entènèt asosye IRS la pou ou kreye yon nouvo kont, oswa si ou te yon itilizatè deja, konekte ak yon kont ki egziste deja. Prepare epi fè deklarasyon taks federal ou pa vwa elektwonik. Resevwa yon imèl lè IRS la aksepte deklarasyon w lan. Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la ofri fòm majorite moun plis depoze (an anglè) ak anèks pou kontribyab yo. Konsènan Patenarya Deklarasyon Gratis IRS la Avèk Konpayi Preparasyon Taks Anliy yo Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la se yon Patenarya Piblik-Prive (PPP) ant IRS ak Alyans Deklarasyon Gratis la, yon kowalisyon pi gwo konpayi lojisyèl preparasyon taks yo. Asosye Deklarasyon Gratis IRS yo se konpayi preparasyon taks sou entènèt ki ofri sa yo rele pwogram “Deklarasyon Gratis IRS”, ki bay preparasyon taks elektwonik gratis ak depo deklarasyon taks federal san yon santim pou kontribyab ki kalifye yo (genyen ki ka ofri deklarasyon leta gratis). PPP pwogram Deklarasyon Gratis IRS la pa yon aranjman kontraktyèl tradisyonèl; patenarya sa reprezante yon balans responsabilite kolektif ak kolaborasyon k ap sèvi enterè kontribyab yo ak gouvènman Federal la. Asosye lojisyèl preparasyon taks anliy yo fè pati Alyans Deklarasyon Gratis (an anglè) la, ki kowòdone avèk IRS la pou bay preparasyon taks federal elektwonik gratis ak depo pou ou. Patenarya piblik-prive, san pwofi sa a la pou ede plizyè milyon moun prepare ak depoze taks federal yo anliy gratis. IRS pa andose okenn konpayi asosye endividyèl. Sa Ou Bezwen pou w Kòmanse Enfòmasyon Pèsonèl Ou Bezwen Yon kopi deklarasyon taks ane pase a pou w ka gen aksè ak Revni An Gwo Ajiste (AGI) ou (an anglè) Nimewo Sekirite Sosyal Valid pou tèt ou, mari oswa madanm ou, epi nenpòt ki depandan w genyen, si sa aplikab Revni ak Resi Avantaj Sekirite Sosyal yo Konpansasyon Chomaj Tout resi ki gen pou wè ak ti antrepriz ou, si sa aplikab Resi revni ki soti nan lweyaj, byen imobilye, redevans, patenarya, sosyete S, fideyikomi Lòt revni W-2 yo (an anglè), ki montre salè anyèl tout anplwayè w yo ba ou Fòmilè 1099-INT (an anglè), ki montre enterè yo peye pandan ane a Fòmilè 1099-G (an anglè) , ki montre tout ranbousman, kredi oubyen refoulman kòb taks eta a ak lokalite a Fòmilè 1099-DIV (an anglè) ak 1099-R (an anglè), ki montre dividand ak lajan ki soti nan fon retrèt oubyen lòt fon yo peye w pandan ane a Deklaran ACA yo Fòmilè 1095-A, Deklarasyon Mache a sou Asirans Sante (an anglè). Pou plis enfòmasyon, gade Pwovizyon sou Taks Lwa sou Swen Abòdab (ACA) la (an anglè). Fòm 8962, Kredi Enpo sou Prim (an anglè) Fè Deklarasyon Elektwonik Lè se ou k ap prepare deklarasyon taks ou epi depoze yo pa vwa elektwonik, ou dwe siyen ak valide deklarasyon taks elektwonik ou an. Pou ou verifye idantite w, itilize AGI ane pase a oswa nimewo idantifikasyon pèsonèl (PIN) pou siyati ou te chwazi pou tèt ou a. Pou siyen deklarasyon taks elektwonik ou an, itilize yon PIN 5 chif ou te chwazi pou tèt ou, nenpòt 5 chif (eksepte zewo) ou chwazi ki pral sèvi kòm siyati elektwonik ou. Si ou pa konnen AGI ane pase a, ou pa gen yon kopi deklarasyon taks ane anvan an, ou ka konekte sou kont anliy ou pou w jwenn enfòmasyon sa. Se mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou ou wè revni an gwo ajiste (AGI) ane anvan w lan epi jwenn aksè nan dosye fiskal ou Si ou pa kapab konekte sou kont anliy ou, ou kapab jwenn yon relve deklarasyon taks pa lapòs k ap montre AGI ane anvan w lan. Enfòmasyon sou moun pou yo kontakte Pou lojisyèl konpayi Deklarasyon Gratis la voye yon nòt pou fè w konnen IRS aksepte deklarasyon w lan, ou bezwen genyen yon adrès imèl ki valid. Sekirite Enfòmasyon an Enfòmasyon w yo pwoteje pou okenn moun ki pa otorize pa jwenn aksè ak yo lè w voye yo bay IRS. Konpayi asosye Deklarasyon Gratis yo ka pa revele oswa itilize enfòmasyon deklarasyon taks pou rezon ki pa preparasyon deklarasyon taks si yo pa jwenn konsantman volontè ou. Antrepriz sa yo gen pou yo soumèt anba Règleman konsènan Pwoteksyon ak Konfidansyalite Komisyon Federal Kòmès epi tou anba règleman deklarasyon elektwonik IRS. Nou pa kolekte oubyen kenbe enfòmasyon sou ou lè w itilize Deklarasyon Gratis IRS la. Règleman nou entèdi pou nou itilize kouki entènèt ki pèmanan. Pafwa nou sèvi ak kouki “tanporè” oswa “sesyon” pou nou ka asire nou se ou menm ki moun egzat ki te mande enfòmasyon an. Bagay sa yo tou efase lè ou kite sit entènèt la. Deklarasyon Taks Ane Anvan yo Tanpri make sa, se sèl pou ane w ladann nan ou ka itilize Deklarasyon Gratis IRS la pou w deklare taks ou. Ou pa ka itilize Deklarasyon Gratis IRS la pou w soumèt deklarasyon ane ki gentan pase. Deklarasyon pou ane ki gentan pase yo, se sèlman preparatè taks otorize (an anglè) ki ka fè sa pa mwayen elektwonik e se pou de (2) ane fiskal anvan yo. IRS pa bay mwayen pou deklarasyon elektwonik fèt pou ane ki gentan pase yo sou sit-wèb kote moun ka fè preparasyon an pou kont kò yo. W ap oblije enprime, siyen epi poste deklarasyon pou ane ki pase yo. Nou genyen yon Repètwa Preparatè Deklarasyon Taks Federal ki gen Diplòm ak Kalifikasyon Espesyal (an anglè) ki ka ede w jwenn preparatè nan zòn pa w la ki gen diplòm pwofesyonèl IRS rekonèt, oubyen ki posede yon Sètifika Finisman Pwogram Sezon Deklarasyon Taks Anyèl. Ou ka verifye tou pou w wè ak ki asosyasyon pwofesyonèl (an anglè) anpil nan preparatè taks yo afilye. Zouti ak Enfòmasyon Ki Lye Ak Sa Pou w wè balans ou dwe, istorik pèman oswa lòt enfòmasyon sou kont fiskal ou, kreye oswa gade kont ou. Resevwa enfòmasyon ki ajou sou ranbousman w lan. Toujou sonje enprime yon kopi deklarasyon w lan aprè deklarasyon w fè sou entènèt la fin apwen. Si w bliye enprime deklarasyon an, ou ka voye mande yon relve gratis. Tou depann de ki kalite relve ou mande, w ap jwenn plis oswa pi piti pase enfòmasyon ki nan deklarasyon w lan. Pou chanje adrès ki nan dosye ou, ale nan gid Pwosedi IRS yo, Kòman pou mwen fè IRS la konnen adrès mwen chanje (an anglè). Pou chanje enfòmasyon kont labank ki nan dosye ou, ale nan gid Pwosedi IRS yo, Kisa mwen ta dwe fè si mwen antre yon move nimewo kont oswa wouting pou depo dirèk ranbousman mwen an? (an anglè) Ou kapab itilize Pèman Dirèk pou w peye fakti taks endividyèl ou oswa fè yon pèman estimasyon taks ki soti swa nan kont kouran oswa epay ou gratis. Depoze yon pwolongasyon avèk Deklarasyon Gratis IRS (an anglè), Fòm 4868, lojisyèl taks oswa atravè pwofesyonèl taks ou. Jwenn yon ranplasman Fòm SSA-1099 (an anglè) pou deklarasyon avantaj Sekirite Sosyal sou entènèt. Ou pa gen yon kont labank? Pou ou jwenn yon bank ak yon kont anliy ki bon pou ou, ale sou sit entènèt FDIC a (an anglè). Si ou se yon veteran, jwenn opsyon yo sou Pwogram Avantaj Labank pou Veteran yo (VBBP) (an anglè). Ou ka mande preparatè taks ou a tou, pou opsyon pèman elektwonik yo. Avantaj Pwogram Deklarasyon Gratis la ba Ou Ou kapab jwenn yon deklarasyon taks federal gratis: Si ou fenk vini nan Deklarasyon Gratis, ou kapab chwazi Deklarasyon Gratis nan òf Deklarasyon Gratis yon konpayi dapre jan ou wè kalifikasyon òf ki nan lis ki sou IRS.gov la. Si ou chwazi yon pwogram epi ou kalifye, ou p ap peye pou preparasyon ak deklarasyon elektwonik yon deklarasyon taks federal. Si ou te chwazi Deklarasyon Gratis IRS la ane pase, w ap resevwa yon imèl menm konpayi ou te itilize a ap voye ba ou, k ap swete ou bon retou nan sèvis Deklarasyon Gratis IRS ofisyèl yo a. Imèl la dwe genyen yon lyen k ap voye ou sou sit Deklarasyon Gratis IRS konpayi an epi k ap di w kijan pou ou deklare avèk li. Si ou chwazi lyen imèl sa epi ou kalifye, ou p ap peye pou preparasyon ak deklarasyon elektwonik yon deklarasyon taks federal. Yo entèdi frè pou depoze deklarasyon federal ou: Pa gen patisipan nan pwogram Deklarasyon Gratis k ap mande ou peye pou w depoze deklarasyon taks federal si ou kalifye. Yo p ap mande ou pou ou achte okenn pwodwi oswa sèvis (pa egzanp, rediksyon pwomosyonèl yo) an echanj pou patisipan nan pwogram Deklarasyon Gratis la prepare deklarasyon taks Federal la pou ou. Pwodwi labank ki gen frè yo pa fè pati pwogram Deklarasyon Gratis la. Antanke yon patisipan nan Deklarasyon Gratis IRS la, yo pa dwe ofri ou pwodwi labank ki souvan genyen frè pwodwi, tankou pwodwi transfè ranbousman yo (egzanp, prè antisipasyon ranbousman yo (RALs)). Ka gen deklarasyon leta gratis disponib: Gen konpayi asosye pwogram Deklarasyon Gratis IRS la ki ofri preparasyon taks leta gratis. Gen lòt ki mande yon frè leta. Rasire w ou li enfòmasyon chak konpayi ak atansyon. Chak Konpayi Deklarasyon Gratis Garanti Bon Kalkil Deklarasyon yo: Chak konpayi mete lis garanti sa a sou sit entènèt Deklarasyon Gratis li. Ou kapab fè konpayi ki te prepare deklarasyon w lan konnen tout sousi ou genyen konsènan egzaktitid kalkil yo. Ou gen chwa. Si ou pa kalifye pou yon òf Deklarasyon Gratis IRS apre ou fin vizite sit entènèt Deklarasyon Gratis yon konpayi, ou kapab retounen sou sit entènèt Deklarasyon Gratis IRS.gov la pou w chèche yon òf Deklarasyon Gratis ki ka reponn ak bezwen ou yo. Chak konpayi Deklarasyon Gratis IRS ap ba ou enfòmasyon lè ou pa kalifye, avèk yon lyen k ap voye ou tounen sou sit entènèt Deklarasyon Gratis IRS.gov la. Chèche èd si ou bezwen: Si ou bezwen èd pandan ou sou sit entènèt Deklarasyon Gratis IRS yon konpayi ak pandan w ap fè taks ou, ou ka refere ou nan opsyon sèvis kliyan gratis konpayi an. IRS kapab ede ou jwenn yon opsyon gratis pou ou. Deklarasyon Gratis IRS la genyen yon zouti rechèch anliy pou Deklarasyon Gratis IRS pou ede ou jwenn yon pi bon òf ki reponn ak bezwen ou yo.