Lwa sou Swen Abòdab la gen refòm konplè sou asirans sante epi li gen ladan l dispozisyon fiskal ki afekte moun, fanmi, biznis, konpayi asirans, òganizasyon ki egzante de taks ak antite gouvènmantal yo. Dispozisyon fiskal sa yo (an anglè) genyen chanjman enpòtan ladan yo, tankou fason moun ak fanmi fè taks yo. Lwa a genyen tou avantaj ak responsablite pou lòt òganizasyon ak anplwayè yo.

 

 Endividi ak Fanmi yo (an anglè)

Lwa a egzije pou oumenm ak moun ki depann de ou yo  genyen asirans swen sante. Si ou te achte asirans sou Mache Asirans Sante (an anglè) a, ou ka kalifye pou Kredi Taks sou Prim nan (an anglè).

Anplwayè yo

Lwa sou Swen Abòdab la gen ladann egzijans pou anplwayè yo konsènan asirans swen sante. Dimansyon ak estrikti mendèv ou detèmine responsablite w.

Si ou pa gen anplwaye, enfòmasyon an pa konsène ou.