Dispozisyon Fiskal nan Lwa sou Swen Abòdab pou Anplwayè yo

Lwa sou Swen Abòdab, oswa lwa sou swen sante, gen avantaj ak responsablite pou anplwayè yo. Dimansyon ak estrikti mendèv ou a detèmine kisa ki aplikab pou ou. Dimansyon yon anplwayè detèmine pa kantite anplwaye aplentan li yo, ansanm avèk ekivalan aplentan yo.

Pou jwenn èd pou detèmine dimansyon mendèv ou chak ane, gade paj nou an sou Detèmine si yon anplwayè se yon gwo anplwayè konsène (an anglè).

 

Ti Anplwayè yo (an anglè)

Ti anplwayè yo, jeneralman sa ki gen pi piti pase 50 anplwaye aplentan, ka petèt elijib pou kredi ak lòt avantaj.

 

Gwo Anplwayè yo (an anglè)

Yon gwo anplwayè konsène, jeneralman sa ki gen 50 oswa plis anplwaye aplentan, ki gen ladan ekivalan aplentan.

Yon gwo anplwayè konsène, jeneralman sa ki gen 50 oswa plis anplwaye aplentan, ki gen ladan ekivalan aplentan.

Si ou pa gen anplwaye, enfòmasyon ki nan seksyon ki anba a pa konsène ou. Sepandan, lòt dispozisyon, tankou frè founisè asirans lan, oswa frè medikaman sou preskripsyon ki gen mak (an anglè), ka afekte òganizasyon w lan. Pou jwenn yon lis dispozisyon fiskal ACA (Affordable Care Act, Lwa sou Swen Abòdab), vizite paj Dispozisyon Fiskal nan Lwa sou Swen Abòdab (an anglè) .

Poukisa dimansyon mendèv yon anplwayè enpòtan?

Yon seri anplwayè asosye ki posede yon byen ansanm oswa anplwayè ki fè pati yon gwoup kontwole yo, yo konsidere yo kòm yon pati nan yon gwoup kolektif (an anglè). Nan ka sa a, ou dwe rasanble, oswa konbine, anplwaye ou yo pou detèmine dimansyon mendèv ou. Aprann plis sou paj Detèmine si yon anplwayè se yon gwo anplwayè konsène (an anglè) a.

Gwo anplwayè konsène yo ka jwenn resous ak dènye nouvèl yo nan Sant Enfòmasyon pou Gwo Anplwayè Konsène (an anglè).