Moun k ap fè deklarsyon pou ane sivil (Pi Komen)

Deklare nan dat: 15 avril 2024

Moun ki fè deklarasyon pou egzèsis fiskal yo

Deklare nan dat: Nan jou k ap 15, nan katriyèm mwa apre egzèsis fiskal ou a fini.

Si 15 lan tonbe nan yon jou samdi, dimanch, oswa yon jou konje, dat limit la ap repòte pou jou ouvrab ki vini apre a. Yo konsidere deklarasyon w lan ranpli alè si w byen mete adrès la, tenm nan ak si yo depoze anvlòp la pa lapòs anvan dat limit la.

Gade Piblikasyon 509, Kalandriye Fiskal yo (an anglè) pou plis enfòmasyon sou:

  • dat limit pou deklarasyon enpo yo
  • dat limit deklarasyon, peman ak lòt aksyon fiskal

Bezwen Plis Tan?

Si ou pa kapab soumèt anvan dat limit deklarasyon w lan, ou kapab mande yon pwolongasyon otomatik 6 mwa pou w deklare. Tanpri konnen ke:

Ou Pat Soumèt Deklarasyon Enpo w Dènyèman?

Si ou pa te fè deklarasyon enpo sou revni federal ou pou ane sa a oswa pou ane anvan yo, ou ta dwe fè deklarasyon ou an pi vit posib. Gade kisa pou w fè si w poko soumèt deklarasyon enpo w (an anglè).

Manm Lame a

Yo ka aplike règleman espesyal (an anglè) si ou te sèvi oswa ap sèvi nan Fòs Arme nan yon zòn konba oswa nan yon operasyon ijans oswa ou vin entène lopital akoz yon blesi pandan ou ap sèvi.

Ou gen omwen 180 jou apre ou kite zòn konba/operasyon ijans yo deziyen an pou ranpli epi peye enpo yo.

Si Sèvis la detèmine ke ou afekte pa yon katastwòf prezidan deklare oswa yon aksyon teworis oswa militè, ou ka gen jiska yon lane apre dat limit deklarasyon ou an pou ranpli ak peye enpo yo, tou depann de dat limit Sèvis la presize.

Kontribyab yo, ki gen ladan sivil k ap travay ak Depatman Defans la, dwe notifye IRS la dirèkteman (an anglè) sou kondisyon yo pou alèjman kalifye pou zòn konba. Pou plis enfòmasyon gade, Bay IRS la Avi pa Imèl konsènan Sèvis nan Zòn Konba (an anglè).