Reta nan tretman COVID-19 L ap pran nou plis pase 20 semèn (olye 16 semèn pou pi plis) pou nou trete deklarasyon ki amande yo. Pa soumèt yon dezyèm deklarasyon taks ni rele IRS nan telefòn. Verifye sitiyasyon Fòm 1040-X, Deklarasyon Modifye Taks sou Revni Endividyèl Etazini, ou te depoze ane sa a epi jiska twa zan ki sot pase yo. 1. Kilè pou verifye... Deklarasyon modifye ou depoze a ap pran jiska 3 semèn aprè ou poste li pou li parèt sou sistèm nou an. Tretman dosye a kapab pran jiska 16 semèn. 2. Kisa ou bezwen... Nimewo Sekirite Sosyal Dat Nesans Kòd Postal 3. Kijan pou rive konnen... Sitiyasyon Deklarasyon Modifye (an Anglè) Zouti pou deklarasyon modifye a pa arive aksede a deseri deklarasyon mofiye; gade nan kesyon moun poze souvan yo (an Anglè) pou plis enfòmasyon. Anplwaye IRS ki ede moun pa telefòn yo pa genyen okenn enfòmasyon adisyonèl konsènan deklarasyon modifye ou fè a pandan peryòd tretman dosye a. Rele nan nimewo telefòn gratis nou an sèlman lè zouti a mande ou pou kontakte nou. Related Information Sijè No. 308 Deklarasyon Modifye (an Anglè) Sijè No. 202 Opsyon pou Pèman Taks (an Anglè) Kesyon Moun Poze Souvan Konsènan Deklarasyon Modifye (an Anglè) Kilè Kote Deklarasyon Modifye Pa Mwen Ap Disponib (an Anglè) Fòm 1040-X (PDF) (an Anglè)