Verifye Estati Deklarasyon Amande w la Ou ka verifye estati deklarasyon amande w la ak zouti Kote deklarasyon amande mwen an. Li ka pran jiska 3 semèn pou deklarasyon amande w la parèt sou sistèm nou an. Èske mwen ka soumèt Deklarasyon Amande mwen an anliy? Wi. Si w bezwen modifye Fòm 1040 oswa Fòm 1040-SR ane 2020, 2021 oswa 2022 w lan, ou kapab kounye a ranpli Fòm 1040-X, Deklarasyon Enpo sou Revni Amande Moun Ozetazini anliy avèk lojisyèl enpo ki disponib yo. Anplis, Fòm 1040-NR amande a ak Fòm 1040-SS/PR amande a kapab depoze anliy kounye a pou ane fiskal 2021 an ak 2022 a. Ki rezon ki fè yon deklarasyon enpo amande pa ka ranpli anliy? Yo dwe ranpli deklarasyon amande yo sou papye pou rezon sa yo: Tout Fòm 1040 ak 1040-SR deklarasyon amande ki gen plis pase twa (3) zan, oswa Fòm deklarasyon 1040-NR ak 1040-SS/PR ki gen plis pase de (2) zan pa kapab amande anliy. Deklarasyon amande pou nenpòt lòt ane fiskal oswa fòm fiskal yo dwe ranpli sou papye. Si w ap amande deklarasyon yon ane pase ki te soumèt anvan sa sou papye pandan ane yo ap trete li a, deklarasyon amande a dwe soumèt tou sou papye tou. Kouman pou mwen ranpli deklarasyon amande mwen an anliy? Kontakte founisè lojisyèl enpo ou pi pito a pou verifye patisipasyon yo, reponn tout kesyon ak pou enstriksyon espesifik ki nesesè pou soumèt deklarasyon amande w la. Konbyen deklarasyon amande yo ka ranpli anliy? Moun k ap ranpli yo kapab depoze jiska twa (3) deklararasyon amande anliy. Si ou depoze yon twazyèm deklarasyon amande epi yo aksepte l, y ap rejte tout tantativ ki vin apre yo. Èske mwen ka ranpli deklarasyon amande mwen an anliy pou ane fiskal anvan yo? Ou kapab amande deklarasyon Fòm 1040 ak 1040-SR (an anglè) yo anliy pou ane fiskal 2020, ane fiskal 2021 ak ane fiskal 2022 a nan moman sa a. Anplis, yo kapab soumèt deklarasyon amande Fòm 1040-NR lan ak Fòm korije 1040-SS/PR lan anliy kounye a pou ane fiskal 2021 an ak 2022 a. Èske y ap trete deklarasyon amande mwen an pi vit lè mwen ranpli li anliy? Aktyèl delè tretman an se plis pase 20 semèn pou ni deklarasyon amande sou papye yo ak sa anliy yo. Gade paj operasyon nou yo (an anglè) pou plis enfòmasyon konsènan dire tretman yo Anplis, rele IRS la pap akselere tretman deklarasyon w lan. Reprezantan nan telefòn nou yo ak reprezantan ki la pou resevwa visit an pèsonn yo kapab sèlman chèche estati deklarasyon amande w la 20 semenn oswa plis apre ou te fin voye li lapòs; oswa si se Kote Ranbousman Mwen an? menm ki mande w pou w kontakte nou. Ki fòm ki obligatwa avèk yon deklarasyon amande yo ranpli anliy? Yon deklarasyon Fòm 1040, 1040-SR ak 1040-NR amande ap bezwen pou yo soumèt tout fòm ak barèm ki nesesè yo tankou se te premye fwa y ap soumèt, menm si kèk fòm pa gen okenn ajisteman. Sa se yon konpleman sou yon Fòm 1040-X ki tache. Deklarasyon Fòm 1040-SS/PR amande a ekzije pou yo soumèt tout fòm ak barèm nesesè tankou se te premye fwa y ap soumèt, menm si kèk fòm pa gen pkenn ajisteman. Remake tou, Fòm 1040-X la p ap tache ansanm avèk Fòm 1040-SS/PR la. Èske sa ekzije yon nouvo Fòm 8879, lè w ap ranpli fòm 1040-X la anliy? Yon nouvo Fòm 8879 obligatwa chak fwa yo ranpli yon Fòm 1040 oswa Fòm 1040-SR amande anliy. Èske depo dirèk yo disponib pou Fòm 1040-X yo ranpli anliy? Yo ka mande depo dirèk pou deklarasyon amande ki soumèt anliy yo pou ane fiskal 2021 ak ane fiskal 2022 yo apati kòmansman tretman ane fiskal 2023 a. Yo dwe antre enfòmasyon kont bankè yo sou Fòm 1040-X (oswa Fòm korije 1040SS/PR) ki soumèt anliy yo. Èske Fòm 8888, Alokasyon Ranbousman (ki gen ladan Acha Bon Ekonomi), kapab ranpli ak yon deklarasyon amande? Wi. Yo ka tache Fòm 8888 la nan yon deklarasyon amande ki soumèt anliy pou fè demann yon depo dirèk sou plizyè kont bankè. Yo paka sèvi ak ranbousman deklarasyon amande yo pou achte bon ekonomi yo. Ki kote mwen ka voye yon chèk sou papye pou yon deklarasyon amande ki fèt anliy epi èske mwen ta dwe itilize yon Fòm 1040-V, Bon Peman? itilize Fòm 1040-V, Bon Peman lè w voye yon chèk papye pou peman yon deklarasyon amande yo ranpli anliy. Enstriksyon Fòm 1040-V bay adrès postal la pou w voye chèk papye a. Kouman mwen ka tcheke estati deklarasyon amande mwen te ranpli anliy lan? Ou ka itilize zouti anliy Kote deklarasyon amande mwen an? pou verifye estati deklarasyon w lan epi konfime resepsyon an. Nan konbyen tan m ap kapab itilize aplikasyon Kote Deklarasyon Amande mwen an pou m verifye estati yon deklarasyon amande ki ranpli anliy? Zouti anliy Kote Deklarasyon Amande mwen an (WMAR) oswa nimewo telefòn gratis 866-464-2050 kapab sèvi pou mizajou estati yo twa semèn apre ou fin ranpli deklarasyon an. Toulede zouti yo disponib nan lang anglè ak panyòl e yo gen tout dènye enfòmasyon yo disponib. Èske mwen ka jwenn estati yon deklarasyon amande pou plizyè ane fiskal? Kote Deklarasyon Amande mwen an? ka fè w jwenn estati deklarasyon amande w la pou ane fiskal sa a oswa jiska twa ane fiskal anvan. Kisa k ap rive lè estati deklarasyon amande mwen an di yo resevwa l? Yo te resevwa deklarasyon amande w la epi y ap trete li. Aktyèlman, sa pran plis pase 20 semèn pou nou fin trete li. Kisa k ap rive lè estati deklarasyon amande mwen an di yo ajiste l? Gen yon ajisteman ki fèt sou kont ou a. Ajisteman an gen rapò ak yon ranbousman, balans lajan ou te dwe oswa okenn chanjman nan enpo ou yo. Kisa k ap rive lè estati deklarasyon amande mwen an di yo fin trete li? Deklarasyon amande w la fin trete. W ap resevwa tout enfòmasyon ki gen rapò ak tretman an pa lapòs. Sa gen plis pase 20 semèn depi w te resevwa deklarasyon amande mwen an. Poukisa li poko trete? Gen kèk deklarasyon amande ki pran plis pase 20 semèn pou plizyè rezon. Deklarasyon w lan ka bezwen plis revizyon si li: Gen erè Pa konplè Pa siyen Yo tounen l ba w pou w bay plis enfòmasyon Gen ladan l yon Fòm 8379, Alokasyon mari oswa madanm blese Afekte pa vòl idantite oswa fwod Reta nan pwosesis la ka rive tou lè yon deklarasyon amande bezwen: Rout nan yon domèn espesyalize Otorizasyoon depatman fayit nan IRS la Revizyon ak apwobasyon yon ofisye revni Revizyon yon apèl oswa yon rekonsiderasyon yo mande nan yon desizyon IRS Y ap kontakte w si gen gen bezwen plis enfòmasyon pou trete deklarasyon amande w la. Ki kalite deklarasyon amande ki pa disponib nan zouti a? Kote Deklarasyon Amande mwen an? pa ka ba w estati deklarasyon oswa reklamasyon sa yo: Demann pou repòte ak reklamasyon Reklamasyon mari oswa madanm ki blese Yon Fòm 1040, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Ameriken, ki make kòm amande oswa korije Yon deklarasyon amande ak yon adrès aletranje. Yon deklarasyon enpo pou biznis amande Yon deklarasyon amande yon inite espesyalize trete—tankou Depatman Egzamen oswa Fayit nou an. Ou kapab twouve enfòmasyon sou enpo sa yo itil: Sijè fiskal 308 – Deklarasyon Amande (an anglè) Sijè fiskal 152 – Enfòmasyon sou Ranbousman (an anglè) Sijè fiskal 202 – Opsyon Peman Enpo (an anglè)