Nan seri sa yo:

Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen


Depoze nan dat limit avril la

Depoze deklarasyon enpo w nan dat limit la. Pou pifò moun ki ranpli, dat limit pou deklarasyon enpo 2023 a se Lendi 15 avril 2024 (17 avril 2024, si w abite nan Maine oswa Massachusetts).

Si w se yon militè ki estasyone aletranje oswa nan yon zòn konba (an anglè) pandan sezon ranpli enpo a, ou ka gen plis tan.

Si w bezwen plis tan, ou dwe mande yon pwolongasyon (an anglè) nan dat limit mwa avril pou ranpli a. Si w ranli pi ta sa ka ajoute enterè ak penalite.

Si w ranpli pou mande pwolongasyon tan, ou dwe toujou peye enpo ou dwe a nan dat limit la. Si w peye pi ta sa ap ajoute enterè ak penalite.

Si w pa kapab peye, chèche jwenn èd pou dèt enpo.

Jwenn dènye chanjman enpo yo (an anglè).

Chwazi yon fason pou ranpli

Depoze elektwonikman (e-filing) ba w ranbousman w pi vit. Ou ka fè yon dosye elektwonik ak Depoze Gratis IRS oswa lojisyèl preparasyon enpo.

Gade Sis Rezon Ki fè W Dwe Ranpli Enpo W Yo Elektwonikman (an anglè).

Èd enpo gratis nan men volontè IRS-sètifye

Jwenn èd gratis pou prepare enpo si nenpòt nan kondisyon sa yo aplike avè w:

  • Touche $64 000 oswa mwens
  • Gen yon andikap
  • Bezwen sipò lang
  • Gen 60 an oswa plis

Vizite yon Sant Asistans Kontribyab IRS

Kontakte nou

Depoze Gratis IRS

Si revni brit ajiste w la se $79 000 oswa mwens, ou ka ranpli elektwonikman ak Depoze Gratis IRS. Si revni w pi wo, ou ka itilize Fòmilè Moun ka Ranpli Gratis yo.

Jwenn opsyon Depoze Gratis IRS yo

Pwogram Pilòt Depoze Dirèk IRS 

Si w ap viv nan sèten eta epi w ranpli lòt kondisyon, ou ka elijib pou depoze elektwonikman (e-file) nan pwogram pilòt depoze dirèk (an anglè) nou an.

Lojisyèl preparasyon enpo

Sèvi ak yon lojisyèl preparasyon enpo sou entènèt ou chwazi pou ranpli enpo w elektwonikman oswa sou papye.

Pwofesyonèl enpo

Chwazi yon pwofesyonèl enpo IRS-apwouve (an anglè).

Fòm sou papye

Ou ka ranpli fòm ki sou papye yo epi poste yo voye bay IRS.

Jwenn fòm ki bon pou ou a (an anglè)

Ekri nimewo sa yo

Lè w ranpli deklarasyon w lan, ekri nimewo sa yo pou w ka tcheke ranbousman w lan, fè yon dosye elektwonik pou ane pwochèn oswa jwenn enfòmasyon enpo pandan ane a:

  • Montan egzak ranbousman w lan 
  • Revni brit ajiste w la 

Ou ka jwenn nimewo sa yo tou apre nou fin trete deklarasyon w lan nan kont sou entènèt ou a.

Ranpli pou ane anvan yo

Si w pa t ranpli deklarasyon enpo pou yon ane pase, ou ka ranpli yon deklarasyon enpo pou nenpòt ane anvan (an anglè).