Nan seri sa yo:
Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen
Prepare w
Lè w fini avèk enpo yo, pran kèk minit pou prepare pou ane pwochen. Planifye enpo w pandan ane a ka ede w:
- Ekonomize tan ak estrès
- Depoze yon deklarasyon egzat
- Jwenn ranbousman w pi vit
Men etap ou ka pran pou fè deklarasyon ane pwochen an vin pi fasil.
Òganize dosye w yo
Kreye dosye pou dokiman enpo w yo. Sa gen ladan l:
- Dokiman ak resi ou rasanble
- Fòm yo voye ba ou an janvye ak fevriye
Chèche konnen konbyen tan pou w konsève dosye enpo yo
Mete enfòmasyon w yo ajou lè gen chanjman
Si w deplase oswa chanje non w, mete enfòmasyon w yo ajou sa pèdi tan.
Tcheke prelèvman w
Si ranbousman w oswa bòdwo enpo w la pa t sa w vle pou ane pwochen, ou ka ajiste li lè w chanje prelèvman w. Tcheke prelèvman w lan nenpòt lè revni w oswa sitiyasyon fiekal ou chanje pandan ane a. Pou chanje kantite lajan ki prelve a, bay patwon w yon W-4 ki ajou.
Konsidere evènman lavi a
Si w demenaje, marye oswa divòse, fè yon timoun, jwenn yon dezyèm travay, pran retrèt ou oswa gen lòt chanjman, sa ka afekte enpo w. Chèche konnen sa pou w fè pou sèten evènman lavi a (an anglè).
Modifye deklarasyon w lan
Si w resevwa yon avi nan men nou konsènan yon erè nan deklarasyon w lan oswa si w reyalize ou fè yon erè, ou ka bezwen ranpli yon deklarasyon modifye (an anglè).