W ap Itilize yon Aparèy Mobil? Telechaje aplikasyon IRS2Go a pou ou ka verifye estati ranbousman w lan. Sa W ap Bezwen fa-check Nimewo sekirite sosyal oswa ITIN fa-check Kondisyon fiskal ou fa-check Montan egzat ranbousman w lan Verifye Estati Ranbousman Mwen an (an anglè) Kote Ranbousman Mwen an? ap montre w estati dènye deklarasyon enpo ou te fè yo sou dènye ranbousman ane fiskal nou genyen nan achiv nou pou ou jeneralman. fa-clock-o 24 è apre deklarasyon elektwonik la fa-calendar 4 semèn apre ou voye deklarasyon w lan pa lapòs fa-moon-o Nou aktyalize Kote Ranbousman Mwen chak jou, jeneralman nan lannwit Sijè sou Ranbousman Enfòmasyon sou ranbousman (an anglè) Kesyon Moun Poze Souvan sou Sezon Ranbousman Fiskal Depo Dirèk Kote Deklarasyon Amande Mwen an? Kilè Ou Ta Dwe Rele IRS? Ou ta dwe rele nou sèlman si: Gentan gen 21 jou oswa plis, depi w te fè deklarasyon sou entènèt la "Kote Ranbousman Mwen an" di w pou w kontakte nou. N’ap kontakte ou pa lapòs si nou bezwen plis enfòmasyon pout rete deklarasyon w lan. Espere Reta si ou te poste deklarasyon sou papye, oswa si ou te reponn ak ankèt IRS t ap fè sou deklarasyon ou an. Gen deklarasyon ki pran plis tan pout rete pase lòt. Sitou lè deklarasyon an: Bezwen koreksyon nan montan Kredi Ranbousman Rekiperasyon an Bezwen yon koreksyon nan montan Kredi Enpo pou Timoun nan Pa konplè Afekte pa vòl idantite oswa fwod Genyen yon demann pou yon Kredi Enpo sou Revni ki Rantre oswa Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun (an anglè) nan pandan yo itilize revni 2019 la. Genyen yon Fòm 8379, Alokasyon pou Konjwen ki Blese (an anglè), ki ka pran jiska 14 semèn pou trete Bezwen plis analiz anjeneral L ap pran nou plis pase 21 jou (e jiska 90 a 120 jou) pou bay ranbousman pou deklarasyon taks avèk Kredi Ranbousman Rekiperasyon an, Kredi Enpo sou Revni ki Antre a ak Kredi Enpo pou Timoun Adisyonèl la. Pa fè yon lòt deklarasyon enpo. Si nou dwe ou yon ranbousman apati deklarasyon taks ou, ou ta dwe tann pou ou jwenn li anvan ou depoze Fòm 1040-X (an anglè) la pou ou amande (an anglè) deklarasyon enpo orijinal ou a.