Kredi Enpo pou Timoun nan ede fanmi ki gen timoun kalifye yo jwenn yon avantaj fiskal. Ou ka anmezi pou ou reklame kredi a menm si nòmalman ou pa fè yon deklarasyon taks. Kiyès ki Kalifye Ou kapab reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pou chak timoun kalifye ki genyen yon nimewo Sekirite Sosyal ki valid pou travay (an anglè) ozetazini. Pou w yon timoun kalifye pou ane fiskal 2021 an, jeneralman fòk depandan w lan: Genyen mwens pase 18 lane nan fen ane a Se pitit gason ou, pitit fi ou, bofis oswa bèlfi ou, timoun adoptif legal ou, frè ou, sè ou, bofrè ou, bèlsè ou, demi sè ou, demi frè ou, oswa desandan youn ladan yo (ekzanp, yon pitit pitit, nyès oswa neve) Pa bay plis pase mwatye nan pwòp sipò finansye yo nan ane a T ap viv avèk ou pandan plis pase mwatye ane a Byen deklare antanke depandan ou nan deklarasyon taks ou Pa depoze yon deklarasyon konjwen avèk mari oswa madanm yo pou ane fiskal la oswa depoze li sèlman pou reklame yon ranbousman prelèvman taks sou revni yo te peye Te yon sitwayen ameriken, yon resòtisan oswa etranje rezidan ozetazini Ou kalifye pou tout montan Kredi Enpo pou Timoun 2021 an pou chak timoun kalifye si ou reponn ak tout faktè elibilite (an anglè) yo epi revni anyèl ou pa depase: 150 000 dola si ou marye epi w ap fè yon deklarasyon konjwen, oswa si w ap deklare antanke yon vèf oswa vèv kalifye; 112 500 dola si w ap deklare antanke yon chèf fwaye; oswa 75 000 dola si ou se yon selibatè oswa ou marye epi w ap fè yon deklarasyon separe Paran ak gadyen ki gen pi gwo revni yo ka kalifye pou reklame yon kredi pasyèl. Itilize Asistan Taks Entèraktif nou an pou verifye si ou kalifye (an anglè). Ou poko sèten ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an? Resous sa yo kapab ede ou: Kesyon yo poze souvan sou sezon deklarasyon Kredi Enpo pou Timoun 2021 an Kiyès ki Kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan Enstriksyon 2021 pou Anèks 8812 (an anglè) Piblikasyon 501, Depandan, Dediksyon Estanda ak Enfòmasyon Deklarasyon (an anglè) Piblikasyon 519, Gid Taks Etazini pou Etranje yo (an anglè) Kòman pou w Reklame Kredi Sa a Ou kapab reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pandan w ap mete timoun ou yo ak lòt depandan yo nan Fòm 1040, Deklarasyon Taks Endividyèl Etazini epi tache avèk li yon Anèks 8812 (an anglè) ranpli, Kredi pou Timoun Kalifye ak Lòt Depandan. Si ou te resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan 2021 an, chèche konnen kòman pou w konpare (rekonsilye) pèman ou yo pou w reklame rès Kredi Enpo pou Timoun nan, nan deklarasyon taks 2021 w lan. Jwenn plis enfòmasyon: Rekonsilye pèman avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 w yo (an anglè) Reklame Kredi Enpo pou Timoun nan si ou pa fè yon deklarasyon taks nòmalman (an anglè) Sa pou w fè si ou te resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, men ou pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan (an anglè) Lòt Kredi Taks pou Fanmi yo Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, ou ka kalifye tou pou kredi enpo sa yo: Kredi pou Swen Timoun ak Depandan (an anglè) Kredi Enpo sou Revni ki Antre Pwogram Kredi Adopsyon ak Asistans pou Adopsyon (an anglè) Kredi edikasyon (an anglè) Kredi Ranbousman Rekiperasyon an (Pèman Enpak Ekonomik yo (an anglè) Kredi pou Konje Maladi ak Konje Fanmi pou yon Seri Travayè Endepandan (an anglè) Ou ka kalifye pou Kredi pou Lòt Depandan (an anglè) pou yon timoun oswa yon depandan ki pa yon "timoun kalifye" nan objektif pou Kredi Enpo pou Timoun nan. Resous Jwenn enfòmasyon sou taks pou paran yo Jwenn repons pou kesyon sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo Konpare avantaj fiskal pou timoun yo (an anglè) Jwenn èd pou preparasyon taks gratis Chwazi yon pwofesyonèl taks Chèche konnen sa ou bezwen pote bay pwofesyonèl taks ou a (an anglè) Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo an 2021 Dapre Lwa Plan Sovtaj Ameriken 2021 an, nou te voye pèman avans Kredi Enpo pou Timoun jiska mwatye Kredi Enpo pou Timoun 2021 an bay kontribyab kalifye yo. Si ou te resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, ou kapab reklame rès Kredi Enpo pou Timoun nan lè ou fè deklarasyon taks 2021 w lan, si ou kalifye. Jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou w reklame kredi sa a.