Eske w bezwen yon moun pou prepare deklarasyon taks ou?

Genyen divès kalite pwofesyonèl ki ede moun ak deklarasyon taks yo tankou kontab piblik sètifye, ajan anwole, avoka, e plizyè lòt ki pa gen diplòm pwofesyonèl pou sa. Moun k ap prepare taks la dwe konpetan nan preparasyon taks pou l kapab konplete deklarasyon taks la ak presizyon. Ou konfye l ak enfomasyon ki reyèlman pèsonèl pou ou. Yo konnen detay sou maryaj ou, revni w, pitit ou e nimewo sekirite sosyal ou yo - detay lavi finansye w.

Pifò pwofesyonèl taks bay sèvis ki remakab e pwofesyonèl. Malerezman chak ane, gen kontribyab ki soufri finansyèman akoz yo chwazi move preparatè deklarasyon taks. Chèche mwayen tcheke ti konsèy nou yo sou fason pou chwazi preparatè taks (an anglè) ak fason pou evite "fo" preparatè taks malonèt (an anglè).

Ki jan de preparatè taks ou bezwen?

Nenpòt moun kapab yon preparatè deklarasyon taks pou lajan depi l genyen yon Nimewo Idantifikasyon Preparatè Fiskal (PTIN) ki soti nan IRS. Anmenmtan, preparatè deklarasyon taks gen diferan nivo konpetans, edikasyon ak ekspètiz.

Enfòme sou tit ak kalifikasyon preparatè taks (an anglè). Gade Byen Chwazi yon Preparatè Taks (an anglè) Enfòme sou pwogram Volontè pou Asistans nan Taks sou Revni (VITA) .

Kòman m ka verifye kalifikasyon yon preparatè taks?

Repètwa Preparatè Deklarasyon Taks Federal ak Diplòm e Kalifikasyon Espesyal nou yo (an anglè) kapab ede w jwenn preparatè nan zòn ki gen sètifika ke IRS rekonèt, ou byen ki genyen yon Sètifika Finisman Pwogram Sezon Deklarasyon Taks Anyèl. Ou kapab verifye tou asosyasyon pwofesyonèl (an anglè) kote anpil preparatè taks yo se manm.

E si m ta gen yon plent kont yon preparatè taks?

Fwòd preparatè deklarasyon taks antre nan lis fwòd taks ki popilè anpil.

IRS bay ti konsèy pou evite preparatè taks san konsyans epi li pran angajman pou envestige preparatè deklarasyon taks ki mal aji.

Depoze yon plent (an anglè) si move konpòtman ou byen move pratik preparatè deklarasyon taks yo gen enpak finansye sou ou.