Sèvis Revni Entèn lan pa tolere anplwaye li yo fè diskriminasyon kont okenn moun sou baz laj, sèks, koulè, andikap, ras, relijyon ak orijin nasyonal (epi tou, limitasyon nan konpetans pou pale anglè). Pozisyon zewo tolerans nou an aplike pou tout moun ki pote tèt yo volontè oswa k ap travay avèk kontribyab yo nan youn nan pwogram asistans nou yo:
- Klinik fiskal pou revni ki ba (LITC)
- Asistans volontè pou enpo sou revni (VITA)
- Konsèy Fiskal pou Granmoun (TCE)
Piblikasyon dwa sivil kontribyab yo
Piblikasyon sa yo ede eksplike epi ranfòse angajman IRS la pou pwoteje dwa sivil kontribyab yo:
- Piblikasyon 4053, Dwa Sivil ou yo Pwoteje (an anglè) afiche nan tout kote biwo asistans federal yo ye
- Piblikasyon 4053-C, Dwa sivil ou yo Pwoteje (an anglè) afiche nan tout kote ki sou kontwòl federal yo
- Aksesibilite — Deklarasyon dwa (an anglè)
Fè yon Demann
Si w se yon kontribyab ki gen yon andikap epi ki bezwen yon aranjman rezonab, oswa w limite nan konpetans pou ou pale anglè epi w bezwen asistans nan lang, enfòme anplwaye IRS k ap travay pou ou a sou bezwen asistans ou an. Anplis, si w rankontre yon moun ki travay tankou volontè oswa k ap travay nan yon biwo LITC, VITA oswa TCE, enfòme moun nan ou bezwen yon aranjman rezonab oswa asistans nan lang.
Nou ankouraje w travay avèk anplwaye nou yo ak volontè nou yo oswa manm estaf nou yo ki nan pwogram asistans nou yo, pou w ka jwenn asistans pou yon aranjman rezonab oswa asistans nan lang. Tanpri remake nou pa kapab asiste w sou kesyon ki gen rapò ak enpo. Si w bezwen asistans pou w rezoud pwoblèm fiskal ak IRS la, kontakte Sèvis Defans Kontribyab la nan 877-777-4778 oswa vizite paj entènèt Defans Kontribyab la.
Lòt enfòmasyon
Si w gen yon plent jeneral sou yon anplwaye IRS, kontakte Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Fiskal la (TIGTA). TIGTA genyen odit konplè ak pwogram ankèt, ki gen ladan yon pwogram ranfòsman estratejik ki mete aksan sou prevansyon ak apwòch deteksyon pou asire pi wo degre entegrite ak etik lakay moun k ap travay nan IRS la. Pou enfòmasyon sou kòman yo soumèt yon plent bay TIGTA, rele 800-366-4484 oswa ale nan paj entènèt TIGTA a (an anglè).
Pandan nou pa ka ede w ak zafè ki gen rapò ak enpo yo, nou ankouraje w ale sou sit entènèt IRS la oswa rele 800-829-1040 pou w jwenn enfòmasyon sou kesyon yo poze pi souvan yo tankou ki jan pou w jwenn ranbousman enpo ou a. Si w kwè yo pa ka rezoud pwoblèm ou an pa telefòn oswa anliy, pran yon randevou pou pale ak yon reprezantan IRS nan Sant Asistans Kontribyab lokal ou a (TAC) nan 844-545-5640. Lè w ap vizite TAC a, tanpri raple w yo ka mande w pou w bay yon idantifikasyon valab avèk foto ak yon Nimewo Idantifikasyon kontribyab, tankou yon nimewo Sekirite Sosyal, pou resevwa sèvis yo. Anplis, si w sispèk aktivite fwod fiskal, kontakte liy dirèk Referans Fwòd Fiskal IRS la nan 800-829-0433.