Lèt Avans Kredi Enpo pou Timoun yo Jwenn detay sou lèt konsènan pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo: Lèt 6416 ak Lèt 6416-A (an anglè) Lèt 6417 (an anglè) Lèt 6419 (an anglè) Avi oswa lèt ou an va eksplike rezon ki fè IRS kontakte w e kijan pou jere sitiyasyon an. Si ou dakò ak enfòmasyon yo, ou pa bezwen kontakte nou. Si, lè wap chache avi oswa lèt ou an, ou itilize metòd rechèch ki sou paj sa a, si l pa ba w rezilta a, oubyen si w panse avi an oubyen lèt la ta sanble sispèk, se pou ou kontakte nou nan 800-829-1040. Si ou jwenn avi an oswa lèt la fo, tanpri swiv gid asistan IRS la oubyen ale sou paj: Siyale Eskwokri nou an pou lòt etap yo. Pou kapab jwenn yon kopi avi oubyen lèt IRS la an Braille oubyen an gran lèt, vizite paj Enfòmasyon konsènan Sant Medya Altènativ la (an anglè) pou plis detay. Poukisa IRS te kontakte m? IRS ekri moun pou rezon sa yo: Ou dwe yon balans. Ranbousman w soti pi gwo oubyen pi piti. Nou gen yon kesyon konsènan deklarasyon taks ou. Nou bezwen verifye idantite ou. Nou bezwen plis enfòmasyon. Nou chanje deklarasyon w lan. Nou bezwen avize w de reta nan tretman deklarasyon w lan. Pwochenn etap Li Chak avi oswa lèt gen anpil enfòmasyon enpòtan, poutèt sa se enpòtan pou li l avèk atansyon. Si nou chanje deklarasyon taks ou, konpare enfòmasyon nou voye ba ou nan avi oubyen lèt la ak enfòmasyon ki nan deklarasyon taks orijinal ou te ranpli a. Reponn Si avi a ou lèt la reklame yon repons nan yon dat espesifik, gen de (2) rezon fondamantal ki fè ou dwe konfòme w ak sa: Pou diminye enterè ak pennalite siplemantè. Pou prezève dwa kontestasyon ou si ou pa dakò Ou ta dwe reponn jan sa endike pou fèt nan lèt la oswa nan avi a, sa vle di, pa imèl, FAKS, oswa pa vwa nimerik atravè Zouti Telechajman Dokiman IRS la, lè li disponib, avèk kòd aksè inik ki nan lèt oswa avi w la. Pèman Peye kantite ou kapab, menm si ou pa ka peye tout sa w dwe a an plen. Ou ka peye sou entènèt oswa aplike pou yon Akò Pèman sou Entènèt oubyen yon Pwopozisyon Konpwomi. Vizite paj pèman nou an pou plis detay. Kenbe yon kopi avi a ou lèt la Se enpòtan pou kenbe kopi tout avi oswa lèt yo avèk dosye taks ou. Ou ka bezwen dokiman sa yo annapre. Kontakte nou Wap jwenn nimewo telefòn pou kontakte nou anlè nan kwen adwat avi a oubyen lèt la. Nòmalman ou dwe kontakte nou sèlman si ou pa dakò ak enfòmasyon yo, si nou mande enfòmasyon anplis, oubyen si ou gen yon balans ki rive nan dat limit. Ou ka ekri nou tou nan adrès ki nan avi a oubyen nan lèt la. Si ou ekri, tann omwen 30 jou pase pou ka jwenn repons nou. Andwa pou nimewo avi a oswa lèt la Ou ka jwenn nimewo avi a (CP) oubyen nimewo lèt la (LTR) swa nan kwen anlè oubyen nan kwen anba adwat korespondans ou. Jwenn èd ak Taks ou Sèvis Defans pou Kontribyab Otorizasyon Tyès (an anglè) Klinik pou Kontribyab ki gen Ti Revni (an anglè) Sijè Avi yo Sijè No. 651 Avi - Kisa w dwe fè (an anglè) Sijè no. 652 Avi sou rapò revni ki manke CP2000 (an anglè) Sijè No.653 Avi IRS ak bòdwo, Sanksyon ak chaj enterè (an anglè) Sijè No.654 Konprann Demann Avi CP75 ak CP75A Ou a pou Dokiman Sipò (an anglè) Lòt Ed Deklarasyon Dwa Kontribyab yo Zouti Fiskal yo Gid kontribyab yo sou vòl idantite (an anglè) Lwa sou Swen Abòdab (an anglè) Lwa sou Delè pou Evalyasyon, Koleksyon ak Ranbousman Enpo Jwenn yon fòm Konsènan Fòm 1040, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Etazini yo Konsènan Fòm 1040-SR, Deklarasyon Enpo Etazini pou Pèsonaj yo (an anglè) Konsènan Fòm 1040-X, Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl Etazini Amande Fòm ak Piblikasyon Aksesib (an anglè) Fòm aktyèl, pib (an anglè) Fòm Ane Avan, pib (an anglè) Fòmilè Kòmand ak Piblikasyon Peye lè siplemantè… Antre nan yon orè pèman mansyèl Fè Demand pou yon Plan Pèman sou Entenèt