Kontakte Biwo Lokal Mwen lè M Aletranje

Sèvis Entènasyonal 

Si w se yon kontribyab ki gen kesyon espesifik sou yon kont pèsonèl oubyen biznis, ou bezwen kontakte Biwo Apèl Telefonik pou Sèvis Kontribyab Entènasyonal nan telefòn oubyen faks. Biwo Apèl Telefonik Entènasyonal la fonksyone lendi pou vandredi, soti:

  • 6 è nan maten pou rive 8 è nan aswè (Lè Oryan) pou kesyon sou lwa fiskal yo
  • 6 è nan maten pou rive 11 è nan aswè (Lè oryan) pou tout lòt kesyon

Telefòn: 267-941-1000 (sèvis la pa gratis)
Faks: 681-247-3101 (pou kesyon ki konsène kont taks entènasyonal sèlman)

Si w se yon pwofesyonèl taks oubyen founisè lojisyèl ki rele sou kesyon deklarasyon elektwonik, epi se pa sou koze kont, tanpri kontakte biwo èd sou zafè elektwonik (e-help) ki nan Austin nan 512-416-7750 (sèvis la pa gratis). Moun pou ede ap disponib lendi pou vandredi soti 7è nan maten pou rive 6 è nan aswè (Lè Santral).

Sèvis yo te konn ofri pou kontribyab nan pòs aletranje yo pa disponib ankò. Tanpri voye enfòmasyon deklarasyon taks ou ak lòt kòrespondans yo nan adrès anba a.

Kontribyab endividyèl yo ki p ap viv Ozetazini ka kontakte IRS pa lapòs nan:

Internal Revenue Service
International Accounts
Philadelphia
, PA 19255-0725

Kontribyab Biznis yo ki pa Ozetazini ka kontakte IRS pa lapòs nan:

Internal Revenue Service
International Accounts
Ogden
, UT 84201-0038

Rezidan Pòtoriko ak Zile Vyèj yo ka kontakte IRS gratis nan nimewo 800-829-1040. (Orè Travay yo se 7 è nan maten pou 10 è nan aswè, Lendi pou Vandredi). Pou rezidan Pòtoriko ki vle jwenn enfòmasyon fas pou fas, se pou yo ale nan Kontakte Biwo Lokal IRS.

Lòt kesyon ki ka enterese moun:

Biwo Entènasyonal Defans Dwa Kontribyab:

Pou mande asistans Defans Kontribyab la, rele nimewo gratis Sèvis Defans Kontribyab anba a oswa refere ou Kontakte yon Defansè Dwa Kontribyab Lokal (LTA) nan Tèritwa Ameriken Karayib yo (Pòtoriko & Zile Vyèj) ak Tèritwa Entènasyonal yo (an anglè) oubyen Kontakte yon Defansè Dwa Kontribyab (LTA) nan Hawaii & Tèritwa Pasifik yo (Guam, Samoa AmeriK epi zile Mariana Nò) (an anglè).