Zouti yo

Chèche zouti fiskal nou mete a dispozisyon patikilye kontribyab yo, biznis yo, ak pwofesyonèl fiskal yo.

Pou Patikilye Kontribyab yo

Kont

Kont Anliy ou an
Ale sou kont anliy ou an pou jwenn aksè a enfòmasyon endividyèl kont ou an, pou w ka wè balans ou, fè ak wè peman ou yo, gade oswa kreye plan peman, jere metòd kominikasyon ou pi pito yo, gade kek dosye fiskal, epi gade ak apwouve demann otorizasyon yo.

Resevwa yon Relve
Komande kopi dosye fiskal ou yo ak tout ansyen relve deklarasyon ou yo, enfòmasyon kont fiskal ou, deklarasyon salè ak revni ou yo epi verifye lèt deklarasyon ki pa fèt.

Deklarasyon

Deklarasyon Gratis
Sèvi ak gid preparasyon fiskal la pou prepare epi soumèt deklarasyon enpo sou revni federal ou a anliy san ou pa peye (si ou Kalifye) sou sit yon patnè IRS oswa lè’w sèvi ak Fòm Deklarasyon pou Soumèt Gratis la.

Founisè Deklarasyon Elektwonik Otorize (an anglè)
Chèche yon founisè deklarasyon elektwonik otorize nan zòn ou rete a ki ka soumèt deklarasyon enpo ou a pa vwa elektwonik.

Lokalizatè pou Volontè pou Asistans nan Enpo sou Revni (an anglè)
Resevwa asistans fiskal gratis pou pèsonaj yo, andikape yo, moun ki pa byen metrize anglè ak kontribyab yo ki kalifye selon nivo revni yo.

Anyè Preparatè Deklarasyon Enpo Federal yo (an anglè)
Chèche preparatè ki nan zòn ou ki gen lisans pwofesyonèl IRS rekonèt.

Kote Deklarasyon Modifye Mwen An?
Suiv estati deklarasyon modifye ou a.

Ranbousman ak Pèman yo

Kote Ranbousman Mwen an?
Verifye estati ranbousman enpo sou revni ou an pou ane fiskal ki sot pase yo.

Aplikasyon Mobil IRS2Go
Verifye sitiyasyon ranbousman pa ou, peye yon vèsman, resevwa èd pou preparasyon taks gratis, enskri pou ka jwenn konsèy taks ki itil, elatriye

Kont Anliy Ou
Ale sou kont anliy ou an pou w jwenn aksè a enfòmasyon endividyèl kont ou an, pou w ka wè balans ou, fè ak gade peman ou yo, gade oswa kreye plan peman yo.

Pèman Dirèk
Peye bòdwo enpo ou (san ou pa anrejistre) dirèkteman apati de kont kouran oswa epay ou.

Antant Pèman Sou Entènèt
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon pou yon antant peman sou montan enpo ou dwe a si ou pa gen lajan pou peye tout kòb la yon sèl kou.

Kalifikasyon Alavans pou Òf Negosyasyon
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon pou fè demand pou yon Òf Negosyasyon, yon antant pou peye mwens pase tout montan taks ou dwe a.

Kredi ak Dediksyon yo

Asistan pou Kredi Enpo Sou Revni ou Antre (EITC)
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon yo epi estime montan Kredi Enpo Sou Revni ou Antre.

Rechèch sou Òginizasyon ki Ekzonere yo (an anglè)
Fè rechèch sou yon òganizasyon charite oswa ki pa Travay pou pwofi epi chèche konnen si li ranpli kondisyon pou resevwa kontribisyon ki redui enpo.

Rechèch Kont pou Kredi a Moun Ki Ap Achte Kay Premye Fwa (FTHBC) (an anglè)
Chèche konnen balans kont ou a pou Kont pou Kredi a Moun Ki Ap Achte Kay Premye Fwa ak istorik pèman ou sou entènèt.

Kalkilatris Fiskal yo

Estimatè Prelèvman Enpo
Evalye ki montan enpo sou revni federal anplwayè ou a dwe prelve nan salè ou.

Kalkilatris Enpo sou Machandiz (an anglè)
Kalkile montan enpo sou lavant jeneral opsyonèl leta ak lokal ou ka reklame lè w ap detaye dediksyon yo.

Asistans a Kontribyab

Lokalizatè Sant pou Ede Kontribyab (an anglè)
Chèche jwenn yon Sant ki pou Ede Kontribyab si pwoblèm enpo ou genyen an pa ka rezoud sou entènèt oswa nan telefòn.

Pou Biznis yo

Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN)
Resevwa EIN ou sou entènèt san ou pa bezwen rele nou, ni poste ni fakse yon Fòm SS-4 sou papye, yon Demann pou Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN).

Kalandriye Fiskal (an anglè)
Sonje dat fiskal ki enpòtan pou biznis ak dat limit dirèkteman apati de biwo ou.

Zouti pou Chèche Lis ak Telechaje FATCA Enstitisyon Finasye Etranje (FFI) (an anglè)
Itilize zouti pou rechèch ak telechajman an pou chèche konnen si yon Enstitisyon Finansyè Etranje enskri non li nan lis FATCA a.

Sistèm Elektwonik pou Pèman Enpo Federal (EFTPS)
Peye taks federal ou sou entènèt oswa pa telefòn gras a EFTPS, ki se yon sistèm pou pèman enpo gratis.

Pwofesyonèl Enpo

Kont Fiskal Profesyonèl (an anglè)
Kont Fiskal Pwofesyonèl la pèmèt ou soumèt yon demann otorizasyon pou kont anliy IRS yon patikilye kontribyab.

Nimewo Idantifikasyon Preparatè Fiskal (PTIN) (an anglè)
Fè demand oswa renouvle yon PTIN. Li obligatwa pou nenpòt ki moun ki prepare oswa ede moun nan prepare deklarasyon enpo sou revni federal yo pou lajan.

Sèvis Elektwonik pou Pwofesyonèl Fiskal
Enskri kòm yon patnè biznis akredite ak IRS epi jere biznis ou pa vwa elektwonik ak IRS la.