Yon pwopozisyon an konpwomi (OIC) ka pèmèt ou fè peman dèt enpo ou yo pou yon montan ki pi piti pase montan total ou dwe a si ou pa kapab peye tout montan an oswa si sa ta lakòz difikilte finansye. Nou konsidere revni ou, depans ou ak valè net byen ou yo.
Anjeneral, nou p ap aksepte yon pwopozisyon an konpwomi si ou kapab peye tout dèt enpo ou atravè yon plan peman ak/oswa valè net byen ou yo. Anvan ou aplike, eksplore lòt opsyon peman pou detèmine ki opsyon ki bon pou ou.
Kijan pou aplike pou yon OIC
Verifye si ou kalifye
Sèvi ak Zouti Prekalifikasyon pou Pwopozisyon Konpwomi (an anglè) pou verifye si ou kalifye epi prepare yon òf preliminè.
Pou kalifye, ou dwe:
- Ranpli tout deklarasyon enpo obligatwa yo
- Fè peman enpo estime obligatwa yo
- Pa nan pwosedi fayit ouvèt
- Si ou se yon anplwayè, fè depo enpo federal obligatwa yo pou trimès aktyèl la ak de dènye trimès yo
Soumèt aplikasyon w lan
Ou ka soumèt aplikasyon w lan pou yon OIC nan Kont Endividyèl ou a. Konekte oswa kreye yon kont pou kòmanse.
Biznis ak moun ki pa gen yon kont ka telechaje fòm yo ak enstriksyon etap pa etap nan Fòm 656-B, Manyèl Pwopozisyon Konpwomi an (an anglè) PDF. Kontribyab biznis yo ka fè peman OIC atravè Kont Enpo Biznis yo oswa voye peman yo pa lapòs ansanm ak fòm OIC yo.
Chak aplikasyon OIC egzije yon frè aplikasyon $205 ak yon premye peman sof si ou satisfè kondisyon pou revni fèb yo.
Fè premye peman an
Premye pèman ou depann de òf ou a ak opsyon peman ou chwazi a. Ou ka chwazi yon peman yon sèl kou oswa peman peryodik. Si ou satisfè kondisyon pou revni fèb yo, ou pa oblije peye frè aplikasyon an, premye peman an oswa peman peryod yo pandan n ap egzamine òf ou a. Se sèlman moun endividyèl ki ka kalifye dapre kondisyon pou revni fèb la.
Peman yon sèl kou
Peye 20% montan òf ou a lè ou aplike. Si nou aksepte òf la, peye rès balans lan nan senk peman oswa mwens.
Peman peryodik
Fè premye peman an lè ou aplike epi kontinye fè peman peryodik pandan n ap egzamine òf ou a. Si nou aksepte òf la, kontinye fè peman jiskaske ou fin peye tout montan òf la.
Si ou aplike epi ou pa kalifye, n ap retounen aplikasyon ou ak frè aplikasyon an. N ap aplike peman yon sèl kou ou a oswa peman peryodik ou yo sou dèt enpo w la.
Apre ou aplike
Si nou konfime ou kalifye epi nou trete aplikasyon ou a:
- W ap resevwa yon notifikasyon
- Nou ka mande plis enfòmasyon pou fini ankèt nou an
- Nou sispann pifò aktivite koleksyon yo
- Nou pwolonje peryòd koleksyon ou
- Nou ka depoze yon notifikasyon privilèj fiskal federal
Ou dwe kontinye fè tout peman OIC obligatwa yo pandan pwosesis aplikasyon an. Ou pa bezwen fè peman sou yon plan peman ki egziste deja pou menm balans ou dwe a.
Yo pral apwouve demann ou an otomatikman si nou pa aksepte l ni rejte l nan yon delè dezan. Delè dezan sa a kòmanse lè nou resevwa demann ou an, epi li pa gen ladan l peryòd tan ki pase pandan yon pwosedi apèl.
Si yo aksepte aplikasyon w lan
- Ou dwe respekte tout kondisyon òf ki nan Seksyon 7 Fòm 656 la pou kenbe OIC ou
- Nou p ap retire privilèj fiskal federal yo jiskaske ou fin peye OIC ou nèt
- Kèk enfòmasyon sou òf ou a ap disponib piblikman nan dosye enspeksyon piblik la (an anglè)
Si yo rejte aplikasyon w lan
- Frè aplikasyon an p ap retounen
- Nenpòt peman ap aplike sou balans ou dwe a
- Ou ka fè apèl kont OIC yo rejte a (an anglè) devan Biwo Apèl Endepandan IRS la