Jwenn Ranbousman W lan Pi Rapid: Di IRS pou l Depo Dirèk Ranbousman W lan sou Youn, De (2), oswa Twa (3) Kont

Kounyea, plis pase anvan, ou bezwen yon mwayen ki fyab, rapid, sekirize, epi san kontak pou resevwa lajan w. Pi bon mwayen ki pi rapid pou w resevwa ranbousman taks ou se lè ou fè yo depoze li anliy sou kont finans ou. Pwogram IRS la rele depo dirèk. Ou ka itilize li pou fè depo ranbousman w lan sou youn, de (2) oswa menm twa (3) kont. Menm si ou pa gen yon kont chèk, gen lòt opsyon disponib pou depo dirèk. Kounye a, depo dirèk disponib tou pou deklarasyon ki fèt apre dat yo te dwe fèt la

8 sou dis (10) kontribyab itilize depo dirèk pou resevwa ranbousman yo. Li senp, san danje e sekirize. Sa se menm system transfè elektwonik yo itilize pou depoze prèske 98% tout avantaj Sekirite Sosyal ak Ministè Veteran yo sou plizyè milyon kont.

Depo dirèk ak Deklarasyon anliy se mwayen ki pi rapid pou resevwa ranbousman w. Pa gen okenn chans pou li pa ka chanje, pou li pèdi, pou yo vòlè li, oswa pou li detwi. IRS la peye plis pase nèf (9) sou dis (10) ranbousman nan mwens pase 21 jou. Kontribyab ki itilize depo dirèk pou ranbousman taks yo resevwa pèman relans yo pi rapid tou. Ou ka itilize zouti Kote Ranbousman Mwen an? pou w swiv ranbousman w lan.

Depo dirèk fasil pou itilize. Sèlman seleksyone li antanke metòd ranbousman nan lojisyèl taks ou a epi tape ladan li nimewo kont lan ak nimewo dewoutaj la. Oswa, fè preparatè taks ou a konnen se depo dirèk ou vle. Ou ka menm itilize depo dirèk si ou se youn nan kèk moun k ap fè deklarasyon sou papye toujou. Asire w ou reverifye done ou rantre yo pou evite erè.

Image of a sample check

Ou pa gen yon chèk disponib pou lokalize nimewo kont ak nimewo dewoutaj ou? Yon nimewo dewoutaj idantifye lokalizasyon sikisal bank ou an kote ou te louvri kont ou an e majorite bank yo mete nimewo dewoutaj yo sou sit entènèt yo. Ou ka jwenn nimewo kont ou lè ou enskri nan kont an bank anliy ou oswa lè ou rele sikisal bank ou an.

Si ou gen yon kat debi prepeye, ou ka fè yo depoze ranbousman w lan sou kat ou a. Anpil kat prepeye ki rechajab genyen nimewo dewoutaj ak nimewo kont yo ou ka voye bay IRS la. Wè ak enstitisyon finans lan pou asire w kat ou itilizab epi pou w jwenn nimewo kont lan ak nimewo dewoutaj la, ki ka diferan de nimewo kat la.

Aplikasyon mobil yo ka yon opsyon Kèk aplikasyon mobil ak kat debi prepeye aksepte depo dirèk ranbousman taks yo. Yo dwe genyen nimewo kont ak dewoutaj asosye avèk yo y ap ka mete nan yon deklarasyon taks. Kontribyab yo ta dwe verifye avèk founisè aplikasyon mobil la oswa enstitisyon finansyè a pou yo konfime ki nimewo pou yo itilize.

Ou pa gen yon kont labank?  Vizite sit entènèt FDIC a (an anglè) oswa Asosyasyon Nasyonal Inyon Kredi a avèk Zouti Lokalizasyon Kredi Inyon yo a (an anglè) pou enfòmasyon sou ki kote w ka jwenn yon bank oswa yon inyon kredi ki ka ouvri yon kont anliy ak kijan pou chwazi kont k ap bon pou ou an. Si w se yon Veteran, ale sou Pwogram Labank Avantaj Veteran yo (VBBP) (an anglè) pou w jwenn aksè ak sèvis finans bank ki nan pwogram nan. Ou kapab mande preparatè w yo si yo ofri lòt mwayen pèman elektwonik.

Depo dirèk la fè w ekonomize lajan w tou. Chak chèk ranbousman papye koute kontribyab atravè tout peyi a plis pase $1, men chak depo dirèk koute sèlman 10 santim.

Ranbousman taks federal la se pi gwo chèk patikilye anpil moun resevwa. Se yon bon moman pou kòmanse epi ogmante ekonomi w yo. Ou kapab divize ranbousman w lan an de (2) oswa twa (3) kont finans adisyonèl, k ap gen ladan yo Kont Retrèt Endividyèl ou, oswa achte jiska $5000 Obligasyon Epay Amerikèn Seri I (an anglè).

Divize ranbousman an fasil. Ou kapab sèvi ak lojisyèl taks la pou fè sa elektwonikman. Oswa, itilize Fòm 8888, Alokasyon Ranbousman (an anglè)PDF IRS la (ki gen ladan Acha Obligasyon Epay yo (an anglè)) si ou fè yon deklarasyon enpo sou papye. Sèlman swiv enstriksyon ki sou fòm nan. Si ou vle pou IRS la depoze ranbousman an sou yon kont sèlman, itilize liy depo dirèk ki sou fòmilè taks ou a.

Ak ranbousman separe yo, ou ka chwazi jere lajan w fasil – ou ka voye yon pati nan ranbousman w lan pou itilizasyon imedya ak yon pati pou ekonomize pou lavni – ansanm ak depo dirèk la ki rapid e san danje.

Ranbousman w lan ta dwe depoze dirèkteman nan yon bank Ozetazini oswa sou kont ki afilye ak bank Ozetazini ki sou pwòp non pa w ; non konjwen ou oswa toude (2) si se yon kont jwent. Yo pa kapab depoze plis pase twa (3) ranbousman elektwonik sou yon sèl kont lajan oswa kat debi prepeye. Kontribyab ki depase limit (an anglè) sa ap resevwa yon avi IRS ak yon ranbousman sou papye.

Lè ou fè deklarasyon elektwonik tankou lè ou fè deklarasyon sou papye, depo dirèk la ba w aksè a ranbousman w pi rapid pase yon chèk sou papye.

Sijè Konèks :

Jwenn Ranbousman W lan Pi Rapid