Pèman Elektwonik Aletranje

Kontribyab entènasyonal ki pa genyen yon kont nan bank Ameriken ka swiv entriksyon ki anba la a yo pou transfere lajan ki soti dirèkteman nan bank etranje yo a voye bay Sèvis Revni Entèn pou peye taks yo dwe pou tèt yo oswa pou biznis yo.

Atansyon: Malgre metòd pèman sa a disponib pou tout moun ki gen kont nan bank etranje (sa vle di tou anpil kalite enstitisyon diferan), sa ka koute anpil. Tanpri panse ak lòt opsyon, tankou peye ak yon kat kredi, pou w ka evite peye gwo pri transfè dirèk deviz etranje koute. Pou plis enfòmasyon sou kòman pou w itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Fiskal Federal (EFTPS) oubyen pou lòt metòd pèman an deviz Ameriken, vizite sitwèb Fè yon Pèman .

Remak:Pèman taks Ozetazini dwe fèt nan non Sèvis Revni Entèn (IRS) an dola Ameriken.

Transfè Telegrafik Entènasyonal

Pou w konplete yon transfè telegrafik entènasyonal nan yon bank etranje, ou bezwen konplete Fèy Travay pou Pèman Fiskal nan Menm Jou a (an anglè)PDF ak Kòd Tip Taks la (an anglè) epi peryòd fiskal la (ane a ak/oubyen trimès la) poutèt pou fon an kapab peye direkteman responsabilite fiskal sa a ou genyen anvè IRS la. Aprè w konplete fèy travay la, ale nan bank lan ak li epi mande pou w fè transfè entènasyonal la.

Bank etranje w la dwe genyen relasyon dirèk ak yon bank Ameriken malgre bank Ameriken an pa oblije afilye ou bye lye ak bank etranje a. Tibank lokal ka pa ka an mezi pou reponn ak yon transfè telegrafik entènasyonal men gwo bank yo kapab. Si bank you an an mezi pou transfere lajan mete nan yon bank Ameriken, l ap mande w konplete yon fòm aplikasyon pou transfè telegrafik entènasyonal. W ap bezwen Nimewo Tranzit Woutaj (RTN), moun konnen l tou sou non Asosyasyon Bank Ameriken (ABA), non bank kote kòb la ap transfere a, pafwa yo rele l "Bank Benefisyè".

Puu w konplete yon transfè telegrafik, w ap bezwen enfòmasyon sa yo:

  • Yon Fèy Travay Kontribyab Menm Jou A ki deja ranpli
  • Nimewo kont IRS – 20092900IRS (si w vle)
  • Nimewo woutaj IRS RTN/ABA – 091036164 US TREAS SINGLE TX

Konsèy - Tanpri konplete Fèy Travay Kontribyab Memm Jou A ANVAN w ale nan bank ou an. W ap bezwen enfòmasyon ki nan fèy travay la pou w ka konplete aplikasyon telegrafik la jan bank lan mande l la.

Enstitisyon finansye a (bank lan) ka chaje w yon frè pou sèvis telegafik la. Si bank etranje w la bezwen aisitans, yo ka kontakte Sèvis Kliyantèl Pèman Taks Federal nan nimewo sa a 314-425-1810 (apèl la pa gratis). Si w gen kesyon sou transfè telegrafik, tanpri kontake Biwo lokal Entènasyonal ou a pou asistans.

Pou plis enfòmasyon sou opsyon pèman elektwonik, telechaje Piblikasyon 966 la, Chwa Elektwonik pou Peye Tout Taks Federal Ou Yo (an anglè)PDF (796 KB).

Pèman Elektwonik Aletranje - Kòd Tip Taks la

Kòd Tip Taks la pou Patikilye:

Nimewo Fòmilè a Non Fòmilè a epi Tip Pèman Yon Kòd Tip Taks ki gen 5 chif
1040 Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl Ozetazini  
1040 Pèman pou deklarasyon modifye 10400
1040 Dosye ekstansyon w te depoze a 10402
1040 Peye davans pou ensifizans 10404
1040 Pèman Estimasyon Taks 10406
1040 Pèman w ap fè apre (Nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS) 10407

Kòd Tip Taks pou Biznis

Nimewo Fòmilè a Non Fòmilè a (Tip Pèman) Yon Kòd Tip Taks ki gen 5 chif
720 Depo Trimestriyèl pou Deklarasyon Taks Patikilye 72005
720 Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lè notifikasyon IRS 72007
940 Depo Taks Anyèl Anplwayè pou Chomaj (FUTA) 09405
940 Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lè notifikasyon IRS 09407
941 Depo Taks trimestriyèl Anplwayè pou Anplwa (FICA) 94105
941 Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lè notifikasyon IRS 94107
941 Jan IRS kalkile Ensifizans 94104
944 Depo Taks Anyèl Anplwayè pou Anplwa 94405
944 Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lè notifikasyon IRS 94407
945 Depo prelèvman Fiskal Federal sou Revni 09455
945 Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS 09457
990T Depo Fiskal Revni sou Biznis Òganizasyon Egzante yo 99046
990T Pèman ak deklarasyon an oubyen ak lèt notifikasyon IRS 99047
990T Pèman ou dwe a nan pwolongasyon an 99042
1041 Deklarasyon Taks sou Revni Fidisyè

 

Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS

 

10417

1041 Pèman Estimasyon deklarasyon 10416
1041 Pèman ou dwe a nan pwolongasyon an 10412
1042 Deklarasyon Prelèvman Fiskal Anyèl pou Sous Revni Patikilye Etranje genyen Ozetazini

 

Depo

 

10425

1042 Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS 10427
1120 Taks sou Revni Sosyete Ameriken yo

 

Depo

 

11206

1120 Pèman w dwe a nan deklarasyon an oubyen nan lèt notifikasyon IRS 11207
1120 Pèman ou dwe nan pwolongasyon an 11202
1120 Deklarasyon modifye 11200
2290 Taks pou Itilizasyon Anjen Lou 22907
8804 Deklarasyon anyèl pou Prelèvman Taks sou Patenarya (Seksyon 1446) 88047
8489 Sanksyon Sivil 84894

Referans/Sijè Ki Lye Ak Sa