Fè demand yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) sou entènèt

Etap 1: Detèmine si ou kalifye

  • Ou kapab fè demand pou yon EIN sou entènèt si biznis prensipal ou chita kò l nan peyi Etazini oswa Teritwa Etazini yo.
  • Moun ki ap fè demand sou entènèt la dwe gen yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab valab (SSN, ITIN, EIN).
  • Limit ou se yon sèl EIN pou chak pati responsab (an anglè) pa jou.
    • "Pati responsab" la se yon moun ki definitvman posede oswa kontwole antite a oswa ki egzèse konwòl efikas ki final sou antite a. Eksepte nan ka kote demandè a se yon antite gouvènmantal, pati responsab la se you moun pou li ye (sa vle di, yon moun natirèl), kidonk li pa ka yon antite.

Etap 2: Konprann demand sou entènèt la

  • Ou dwe konplete demand sa a nan yon sèl sesyon, paske ou pa p kapab sovgade li pou retounen sou li pita.
  • Sesyon ou ap ekspire aprè 15 minit inaktivite, ki vle di ou pral oblije rekòmanse.

Etap 3: Soumèt demand ou

  • Aprè tout validasyon yo fin fèt, ou ap resevwa EIN ou imedyatman aprè ou fin ranpli fòm nan. Epi ou kapab telechaje, sovgade, epi enprime avi konfimasyon EIN ou.

Fè demand sou entènèt kounye a (an anglè)

Eksplikasyon sou responsablite fiskal anplwayè a genyen (Piblikasyon 15, 15-A ak 15B)

Piblikasyon 15 (an anglè)PDF bay enfòmasyon sou responsablite fiskal anplwayè a genyen an rapò ak salè taksab yo, prelèvman taks sou travay epi ki fòmilè taks yo oblije soumèt. Nou diskite pwoblèm ki pi konplike yo nan Piblikasyon 15-A (an anglè)PDF epi ou ka jwenn detay sou trètman fiskal plizyè benefis pou anplwaye nan Piblikasyon 15. Nou rekòmande pou anplwayè yo ale sou IRS.gov. pou yo telechaje piblikasyon sa yo. Ou ka mande kopi sou entènèt (chèche "Fòmilè ak Piblikasyon") osinon lè ou rele nan 800-TAX-FORM.

Enpòtan

Nou pa kapab trete demand ou a sou entènèt si pati responsab la se yon antite ki gen yon EIN ke li te resevwa oparavan sou entènèt. Tanpri itilize youn nan lòt metòd yo pou fè demand lan. Gade nan Kijan pou Fè Demand yon EIN (an anglè). Eskize nou pou deranjman an sa ka lakoz.

Objektif Nimewo Idantifikasyon Anplwayè a

Yo bay Nimewo Idantifikasyon Anplwayè nan objektif administrasyon taks, kidonk yo pa bay yo pou moun ka patisipe nan okenn lòt aktivite (tankou vant ozanchè oswa vant an rapò ak garanti taks, lotri, etc.)

Enfòmasyon sou òganizasyon ki egzan

Si ou kwè ke òganizasyon w lan ranpli kondisyon pou egzanpsyon nan taks (kit ou gen obligasyon pou fè demand yon desizyon fòmèl ou pa), se pou fè sèten ke òganizasyon w lan enskri legalman anvan ou fè demand pou yon EIN. Prèske tout òganizasyon ki egzan selon kòd IRC 501(a) yo soumèt anba revokasyon otomatik kondisyon egzan nan taks la si yo pa t soumèt yon deklarasyon enfòmasyon oswa notifikasyon enfòmasyon ki obligatwa chak ane pandan twa ane konsekitif. Lè ou fè demand pou yon EIN, nou sipoze ke ou deja enskri legalman epi nou kòmanse konte peryòd twa zan sa a.

Egzanp: Òganizasyon w lan fè demand pou EIN an Novanm 2023 epi chwazi peryòd kontab mwa Desanm. Premye peryòd fiskal ou ap fini nan jou 31 Desanm 2023, kidonk premye deklarasyon oswa notifikasyon w (si òganizasyon w lan pa ranpli youn nan kèk eksepsyon ak obligasyon pou bay rapò chak ane yo) dwe fèt disi jounen 15 Me 2024 lan. Nan ka sa a ou t ap soumèt anba revokasyon otomatik egzanpsyon w la si ou pa t depoze deklarasyon pou twa peryòd ki fini nan jou 31 Desanm 2025 la (deklarasyon/notifikasyon dwe fèt disi 15 Me 2026) oswa pou nenpòt peryòd twa zan konsekitif ki vin aprè.

Rapòte enfòmasyon sou pwopriyetè benefisyè

Ou ka oblije rapòte sèten enfòmasyon sou pwopriyetè benefisyè yo bay Rezo Finansye pou Ranfòsman Krim Finansye Depatman Trezò Etazini an (FinCEN). Kèk kalite sosyete, konpayi a responsablite limite (LLC), ak lòt antite menm jan an ki kreye oswa ki anrejistre pou fè biznis Ozetazini dwe rapòte enfòmasyon sou pwopriyetè benefisyè yo—moun ki finalman posede oswa kontwole konpayi an, bay FinCEN apati 1ye janvye 2024.  Si w se yon konpayi ki oblije rapòte, rapò inisyal enfòmasyon sou pwopriyetè benefisyè a baze sou dat konpayi ou a resevwa avi aktyèl ke kreyasyon li oswa enskripsyon li an efektif, oswa apre yon sekretè deta oswa yon biwo menm jan an bay premye avi piblik sou kreyasyon li oswa enskripsyon l, kèlkeswa sa ki fèt pi bonè a.

Kesyon tankou èske konpayi mwen an ap oblije rapòte enfòmasyon sou pwopriyetè benefisyè bay FinCEN, kiyès ki se yon pwopriyetè benefisyè, ak ki lè mwen bezwen rapòte enfòmasyon sou pwopriyetè benefisyè konpayi mwen an yo jwenn sou sit entènèt FinCEN's (an anglè) lan.

Paj FinCEN's BOI la gen:

Kontakte FinCEN (an anglè) pou plis enfòmasyon ak kesyon konsènan BOI. Pinga nou kontakte IRS; tout kontak yo dwe al jwenn FinCEN.