Èske Direct Pay ap bon pou mwen?
Pèman Dirèk la se yon sèvis gratis IRS ki kite ou fè Pèman taks ou anliy apati kont labank ou dirèk bay IRS la.
Pèman Dirèk la pèmèt ou peye IRS la dirèkteman. Se pa yon fason pou jwenn yon depo dirèk ranbousman enpo w la sou kont labank ou.
Pa itilize Pèman Dirèk pou w peye pati pa w nan yon balans si yo te evalye montan yo apa pou menm deklarasyon an (an anglè) pou ou ak konjwen w.
Kontribyab endividyèl yo: Ou ka sevi avèk Direct Pay pou peman fòm sa yo:
- Fòm Taks sou Revni 1040
- 1040 Peman Swen Sante (yo te rele l peman "responsabilite pataje")
- 1040ES (estimasyon taks)
- 1040X (Deklarasyon amande)
- Akò vèsman
- 4868 (pwolongasyon tan pou ranpli)
- 5329 (Taks adisyonèl sou plan ki kalifye)
- Fòm 706 - Taks imobilye Ozetazini
- Fòm 706A - Taks imobilye adisyonèl Ozetazini
- Fòm 706GS(D) - Taks sou transfè entèjenerasyonèl pou distribisyon
- Fòm 709 - Taks sou kado Ozetazini
- Fòm 926 - Transfè pwopriyete Ozetazini bay yon sosyete etranje
- Fòm 6069 - Taks asiz sou eksè kontribisyon nan fon fidisyè pou prestasyon pou silikoz
- Fòm 8288 - Taks prelèman Etazini pou yon seri dispozisyon moun ki etranje
- Fòm 8404 - Chaj enterè sou responsalite fiskal repòte ki gen pou wè avèk DISC
- Fòm 8697 - Kalkil enterè ak metòd retwospektiv pou kontra alontèm ki ekzekite yo
- Fòm 8725 - Taks asiz sou chantaj finansye
- Fòm 8876 - Taks asiz sou operasyon sede kreyans sou règleman estriktire
- Fòm CT-2 - Deklarasyon taks trimèstriyèlwout ray yo pa reprezantan anplwaye yo
Pou sa yo ak lòt peman taks pèsonèl, gade fich teknik sou kalite peman nou yo pou opsyon pou w chwazi nan Direct Pay. Fich teknik la montre tou nan ki distans tan ou ka aplike yon peman nan yon deklarasyon taks ki pi ansyen.
Biznis yo: Diferan kalite peman ki disponib nan Direct Pay si ou ranpli yon deklarasyon taks biznis separe ak deklarasyon endividyèl ou a. Si w fè sa, sèvi ak Direct Pay pou biznis yo pou peye taks biznis yo.
Wi, pou chak Pèman ou fè w ap resevwa yon nimewo konfimasyon. Ou genyen tou yon opsyon pou fè voye konfimasyon an ba ou pa imèl. Ou ta dwe kenbe yon kopi chak nimewo konfimasyon pou si ou bezwen chanje oswa anile Pèman w lan.
Pèman Dirèk ba ou konfimasyon soumisyon Pèman w lan sèlman. Pou ou sèten si Pèman an te soti avèk siksè sou kont labank ou, verifye relve bank ou, oswa gade kont IRS ou omwen 48 è apre demann Pèman an.
Pèman Dirèk IRS la fonksyone byen avèk:
- Entènèt Explorer 11 (oswa pi wo) ak pi wo apati Windows 10
- Firefox 80 (oswa pi wo), oswa Safari 12, 13 and 14, sou iOS
- Chrome 85 (oswa pi wo) sou Android 8, 9, ak 10
Ou ka rankontre difikilte lè w ap itilize Pèman Dirèk sou lòt navigatè wèb yo, (pa egzanp, IE 11 sou Windows 7). Si ou gen pwoblèm sa, gen lòt opsyon Pèman disponib.
Kont Anliy pèsonèl ou a genyen sèvis pèman anliy ki pi konplè IRS la, li pèmèt ou wè pèman ki fèt deja yo ak pèman ki annatant yo, li pwograme pèman ki gen pou fèt yo jiska yon lane alavans, li kenbe plizyè nimewo kont bank, epi li fè plizyè pèman nan yon sèl tranzaksyon.
Si ou gen yon delè pou pèman men ou poko kreye yon Kont Anliy oswa ou pa kapab konekte, oswa si ou bezwen fè yon pèman pou yon fòm taks ki pa disponib la, Pèman Dirèk se yon bon zouti pou fè yon pèman yon sèl fwa.
Diferans ant Pèman Dirèk ak Kont Anliy Pèsonèl
| Fonksyonalite | Pèman Dirèk | Kont Anliy Pèsonèl |
|---|---|---|
| Fòm ou kapab soumèt pèman pou yo | 1040, responsabilite pataje (swen sante), penalite sivil (706, 706A, 706GS(D), 709, 926, 5329, 6069, 8288, 8404, 8697, 8725, 8876, CT-2 | 1040, responsabilite pataje (swen sante), penalite sivil, 5329 |
| Enskripsyon obligatwa | Non | Wi |
| Limit sou peman miltip yo |
|
|
| Gade Pèman pase ak Pèman an kou (ki pa lwen fèt epi alavni) | Si ou anrejistre nimewo konfimasyon w lan, ou ka chèche yon Pèman Pèman Dirèk alafwa. (Pou istorik Pèman konplè 24 mwa pase, enskri epi konekte sou Kont Anliy ou.) | Gade tout Pèman nan tout chèn pèman yo sou paj aktivite pèman an, ki genyen pèman annatant, pèman pwograme, anile, pèman yo retounen, ak sa ki trete. |
| Opsyon Pèman | Balans ki dwe/plan pèman, estimasyon taks, pwolongasyon, amande, evalyasyon pwopozisyon taks, CP2000/CP2501/CP3219A, IRC 965/transfere, lwa bidjè bipatizan, divilgasyon volontè aletranje, konfòmite senplifye pou deklarasyon aletranje, òf nan konpwomi | Peye tout balans ototal, peye pou balans ou, pèman mansyèl minimòm, pèman adisyonèl pou plan, deklarasyon amande, estimasyon taks, evalyasyon pwopozisyon taks, tranzisyon fiskal IRC 965, lwa bidjè bipatizan, òf nan konpwomi |
Pèman Dirèk ansanm avèk Kont Anliy Pèsonèl:
- Otorize Pèman nan swa yon kont epay oswa yon kont chèk apati yon enstitisyon finansyè amerikèn
- Trete Pèman ki dwe fèt nan dat Pèman an tankou li fèt atan, menm si retrè nan bank lan fèt annapre. (Pèman ki depase $1 milyon ak Pèman ki fèt nan wikenn yo, jou ferye pou bank yo, epi apre 1 è nan apremidi Lè Oryan nan yon jou travay ka retire nan jou travay annapre a.)
- Bay prèv Pèman w lan atravè yon nimewo konfimasyon ak imèl ki fakiltatif
- Pèmèt pwogramasyon Pèman jiska 365 jou davans
- Pèmèt Pèman ki gen pou fèt anile jiska 2 jou anvan dat ki pwograme pou Pèman an
Okenn nan metòd Pèman yo pa otorize Pèman ki soti nan bank aletranje ki pa gen okenn afilye Ozetazini. Okenn nan metòd yo pa otorize pèman $10 milyon oswa plis. Okenn sistèm anliy pa disponib soti 11:45 nan aswè pou rive minwi Lè Oryan.
Ou kapab fè jiska de (2) Pèman Pèman Dirèk nan peryòd 24 è. Pou ou fè yon twazyèm Pèman, eseye ankò 24 è apre de (2) premye Pèman yo.
Ou pa kapab fè Pèman ki depase $9,999,999.99 avèk Pèman Dirèk. Ou kapab fè yo atravè EFTPS oswa viman menm jou (an anglè), oswa ou ka divize gwo penan an de (2) oswa an Pèman ki pi piti toujou sou Pèman Dirèk.
Kòman pou mwen...
Chwazi opsyon "Fè yon Pèman" sou paj prensipal Pèman Dirèk la. Epi w ap bezwen seleksyone rezon pou Pèman w lan, kòman ou vle pou li aplike, ak ki ane fiskal ou vle li aplike. Si Pèman w lan se pa pou yon montan ou dwe sou deklarasyon enpo ou, ou ka vle revize gid nou an sou chwa rezon apwopriye pou Pèman an (an anglè).
Ou kapab pwograme yon Pèman jiska 365 jou alavans. Apre ou fin chwazi opsyon "Fè yon Pèman", nan Etap 3 nan aplikasyon an, y ap mande ou pou w seleksyone yon dat Pèman.
Pliske ou te ekri nimewo konfimasyon w lan, oswa ou te mande pou voye li ba ou pa imèl, ou kapab itilize nimewo sa pou ou chèche, chanje oswa anile yon Pèman ki te pwograme anvan li fèt. Seleksyone opsyon "Chèche yon Pèman" sou paj prensipal Pèman Dirèk la pou ou antre nimewo konfimasyon w lan epi fè chanjman yo. Ou genyen jiska de (2) jou travay anvan dat Pèman an pou ou anile oswa fè yon chanjman.
Ou kapab sèlman fè oswa pwograme yon Pèman alafwa avèk Pèman Dirèk IRS la. Si ou fè demann imèl konfimasyon, w ap resevwa yon imèl rapèl 2 jou anvan dat Pèman ki pwograme a. Osinon, w ap bezwen siveye dat Pèman alavni ou yo poukont ou. Pou ou pwograme Pèman enpo estime ou yo pou yo rive pa entèval atravè ane a epi verifye estati yo, peye atravè EFTPS ka pi rapid epi pi fasil.
Si w ap fè Pèman vèsman mansyèl sou yon montan ou dwe depase, ou ka tabli Pèman repete avèk Aplikasyon Plan Pèman Anliy. (Sonje ap genyen enterè ak penalite sou tout balans ki pa peye.)
Chak fwa ou antre nan Direct Pay apre ou fin fèmen li, Direct Pay verifye enfòmasyon pèsonèl oswa biznis ou.
Lè w peye kòm yon moun, Direct Pay sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ki nan yon deklarasyon enpo w chwazi pou ane anvan an. Enfòmasyon sa yo pa bezwen pou menm ane fiskal w ap fè peman an. Li ka soti nan osi lwen ke 5 a 6 ane sa depann de tan nan ane a.
Pou biznis, Direct Pay verifye non biznis ou ak nimewo idantifikasyon anplwayè ou (EIN) nan dosye a.
Nimewo konfimasyon w lan konfime ou te dakò pou IRS la fè retrè bankè a. Si retrè a fèt avèk siksè, w ap jwenn kredi pou jou ou te seleksyone sou Pèman Dirèk la, malgre li ka pran jiska 2 jou travay pou li trete. Pèman yo soumèt apre 8 è nan aswè yo pou menm jou a ap parèt nòmalman tankou yo te fèt nan jou travay annapre a sou kont anliy ou an.
Pou w verifye si Pèman w lan te trete avèk siksè, verifye kont fiskal anliy ou 2 jou travay annapre dat ou te pwograme pou retrè Pèman an sou kont labank ou. Kont fiskal anliy ou an ap endike si esè Pèman an te rejte. Si Pèman an toujou "an kou," retounen verifye apre 3 jou travay ankò pou w wè si yo te retounen Pèman an oswa anile li. Si se sa, ou ka eseye soumèt li ankò pou evite enterè ak penalite.
Nan ka enstitisyon finansye w la debloke lajan yo anvan dat ki espesifye nan demann peman elektwonik ou a bay IRS, kontakte enstitisyon finansye w la pou plis enfòmasyon.
Ou kapab verifye nan bank ou tou apre 2 jou travay pou ou rasire ou si Pèman an te fèt. Si bank ou an konfime w Pèman an te fèt, men li pa parèt sou Kont Anliy IRS ou, kontakte nou pa telefòn.
Ou ka fè yon Pèman pou yon lòt moun si nou deklare ansanm nan menm deklarasyon taks la. Nan etap 2, “Verifye Idantite,” chwazi “Marye – Te Fè Deklarasyon Konjwen” kòm kondisyon fiskal ou, epi mete rès enfòmasyon yo pou premye konjwen an (non ki sou deklarasyon taks la anvan).
Si non ou te anvan sou deklarasyon taks la epi yo te evalye montan apa (an anglè) pou konjwen w lan pou menm deklarasyon an, pa itilize Direct Pay pou pèman li a. Konjwen w lan ta dwe konekte sou Kont Anliy li pou li fè pwòp pèman li.
Si ou dwe voye yon chèk sou non yon konjwen yo te evalye montan li apa (an anglè) sou menm deklarasyon an, ekri nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa nimewo idantifikasyon kontribyab pèsonèl (ITIN) konjwen w lan (pa ekri pa w la) sou chèk la, epi “MFT 31 separate assessment” sou liy memo a. Epitou, mete pou ki ane fiskal ak Fòm (tankou “1040”) pèman an ap fèt la oswa nimewo avi IRS la sou chèk ou a.
Pèman Dirèk IRS la egzije yon nimewo woutaj yon bank Ozetazini (ABA). Jeneralman, nimewo sis (6) chif sa a enprime sou chèk yo (an anglè) oswa disponib nan bank ou an. Si ou genyen yon kont nan yon bank entènasyonal ki gen yon afilye Etazini, bank lan ka anmezi pou li ba ou nimewo woutaj la. Pèman Dirèk pa aksepte kòd SWIFT yo. Lòt opsyon Pèman yo disponib si ou bezwen peye apati yon bank aletranje san nimewo woutaj Etazini.
Si ou te resevwa yon avi oswa yon lèt pou Pèman ou dwe, w ap wè montan ou bezwen peye a dat pou w peye li a. Yo te ka voye avi a anvan resepsyon dènye Pèman w lan. Kontribyab yo kapab gade kont balans anliy yo pou dènye enfòmasyon yo.
Si ou pa kapab konekte oswa bay enfòmasyon ki nesesè pou anrejistreman kont lan, ou kapab mande pou voye ba ou pa imèl yon kopi relve kont ou. Rasire w ou fè demann yon "transkripsyon kont fiskal" pou chak ane fiskal ou vle (jiska 10 lane pase), se pa yon "relve deklarasyon enpo," ki gen enfòmasyon yo nan deklarasyon ou te depoze a.
Ant 1ye janvye ak premye dat limit deklarasyon w lan (an anglè), vizite paj prensipal Pèman Dirèk la epi seleksyone bouton "Fè yon Pèman" an. Sou paj annapre a,
- Seleksyone "Pwolongasyon" kòm "Rezon pou Pèman." (Espas "Aplike Pèman nan..." ap kòmanse avèk "4868," nimewo IRS la pou fòmilè demann pwolongasyon)
- Verifye idantite ou epi fè yon Pèman
Si ou konplete pwosesis la avèk siksè, Pèman w lan ap kredite anvè 2 ane fiskal w ap mande pwolongasyon pou deklarasyon pou yo, epi w ap resevwa pwolongasyon an otomatikman. Ou p ap bezwen depoze apa, yon Fòm 4868, Pwolongasyon Tan pou w Depoze Deklarasyon Enpo Ou a. Ou kapab verifye pwolongasyon w lan lè ou konekte sou kont ou.
Ou kapab peye sa ou panse ou dwe a oswa yon pati ladan. Sepandan, yon pwolongasyon pou deklarasyon pa pwolonje delè pou ou peye sa ou dwe. Li ba ou plis tan pou w depoze deklarasyon w lan sèlman. Si ou pa peye sa ou dwe anvan premye delè a, ou ka toujou dwe penalite ak enterè.
Pwolongasyon an se jiska mitan mwa oktòb nan menm ane a, menm nan ane kote dat pou premye deklarasyon an se te apre 15 avril. Ou pa gen pou ou chwazi dire yon pwolongasyon pou deklarasyon. Se menm nan pou majorite kontribyab yo, dabitid 6 mwa. Verifye paj nou an sou pwolongasyon tan pou deklare a oswa Fòm 4868 (an anglè) ane sa a pou ou rasire w ou pa rate delè pwolonje a.
Rezoud Pwoblèm yo
Nimewo konfimasyon Pèman Dirèk ou a konfime sèlman esè retrè Pèman an nan bank ou. Malerezman, pafwa lè yon Pèman p ap trete, pa egzanp si ou pa t genyen ase lajan sou kont labank ou. Si ou te verifye nan bank ou an epi ou gen prèv Pèman an te soti sou kont labank ou, men li pa sou Kont Anliy IRS ou a 2 jou travay apre dat Pèman an, kontakte nou pa telefòn.
Si nou pa anmezi pou trete Pèman w lan, w ap resevwa, pa imèl oswa lapòs amerikèn, yon avi retounen Pèman, k ap mande ou pou refè Pèman an. Si gen penalite ki aplike, w ap resevwa yon dezyèm avi pa lapòs avèk montan penalite a.
Si ou te verifye relve bank ou epi ou gen prèv Pèman an te soti sou kont bank ou, men ou resevwa yon avi ki di nou pa t resevwa li, kontakte nou sou nimewo telefòn ki nan avi w la. Pèman an te kapab mal aplike, oswa avi a te soti anvan resepsyon Pèman an.
Pèman Dirèk la kapab sèlman verifye idantite ou avèk enfòmasyon nan yonn nan deklarasyon enpo pase ou yo (retounen nan 5 a6 lane toudepann de ki peryòd nan ane a). Sa vle di si Pèman w lan se pou ane fiskal aktyèl la (egzanp, Pèman Estime 1040ES) oswa yon deklarasyon enpo plis pase 6 lane pase, w ap bezwen seleksyone deklarasyon yon lòt ane pou w verifye enfòmasyon w yo.
Nou rekòmande w itilize dènye deklarasyon w lan ki pi resan an pou verifikasyon an. Ou pa ka itilize Pèman Dirèk pou fè yon Pèman si:
- Ou pat janm fè yon deklarasyon enpo federal
- W ap fè yon Pèman sou premye deklarasyon enpo federal ou
Piske Direct Pay travay san yon login, w ap bezwen verifye idantite w chak fwa ou revize Direct Pay apre w fin fèmen li. Asire w ou antre non w (oswa non biznis la) ak , si sa nesesè, adrès la egzakteman jan yo parèt sou deklarasyon enpo w ap sèvi pou verifikasyon an. Si non w oswa adrès ou chanje, eseye chwazi yon ane anvan oswa apre pou verifikasyon epi antre enfòmasyon ki soti nan ane sa a.
W ap bezwen antre non w, adrès ou ak nimewo Sekirite Sosyal (oswa, pou biznis, non biznis ak EIN) pou chak peman w ap fè, menmsi w kenbe aplikasyon an louvri ant peman yo. Si w ap fè peman souvan oswa plizyè peman, konsidere enskri ak EFTPS, ki se modpas pwoteje.
Malerezman, Pèman Dirèk pa kapab rekipere nimewo konfimasyon w lan depi ou fin kite aplikasyon an. Itilize opsyon imèl Pèman Dirèk ka ede ou konsève nimewo konfimasyon w lan.
Nòmalman, IRS la pa kontakte kontribyab yo pa imèl. Men, si ou te resevwa yon imèl ki gen logo IRS la, se ka paske ou te mande konfimasyon pa imèl pou Pèman w yo lè ou t ap itilize Pèman Dirèk la. Si ou panse ou te resevwa yon fo imèl nan men yon lòt moun ki di li soti nan IRS oswa li reprezante IRS, swiv konsèy nou yo sou siyale tantativ eskwokri yo.