Sa pou w fè si ou pat soumèt deklarasyon taks ou (an anglè) Ou bezwen plis tan pou prepare deklarasyon taks federal ou a? Paj sa a bay enfòmasyon sou kòman pou aplike pou yon pwolongasyon tan pou ranpli a. Tanpri konnen byen: Yon pwolongasyon tan pou ranpli deklarasyon w pa ba w okenn pwolongasyon tan pou peye taks ou yo. Ou ta dwe estime epi peye nenpòt taks ou dwe nan dat limit regilye w pou ede evite penalite ki posib. Ou dwe ranpli demann pwolongasyon w lan pa pita pase dat limit regilye pou deklarasyon w lan. Ranpli Fòm Pwolongasyon w lan Gratis Anliy Moun k ap ranpli taks endividyèl yo, kèlkeswa revni yo, kapab itilize Deklarasyon Gratis pou yon demann pwolongasyon pou ranpli taks otomatik anliy. Ranpli fòm sa a pèmèt ou ranpli yon deklarasyon jiska 15 Oktòb. Si 15 oktòb sa tonbe nan yon samdi, dimanch, oswa jou konje, dat limit la nap tonbe nan pwochen jou travay la. Y ap konsidere deklarasyon w lan fèt alè si li genyen bon adrès la sou li, si li genyen tanp lapòs sou li, epi si li depoze nan bwat lapòs anvan dat la. Pou jwenn yon pwolongasyon, ou dwe estime responsablite taks ou sou fòm sa a epi w ta dwe peye tou nenpòt kantite lajan w dwe. Resevwa yon pwolongasyon lè ou fè yon pèman Ou kapab jwenn tou yon pwolongasyon lè w peye tout oswa yon pati nan taks sou revni yo estime w dwe yo epi endike pèman an se pou yon pwolongasyon pa Pèman Dirèk, ki se Sistèm Pèman Elektwonik Taks Federal (EFTPS, an anglè), oswa yon kat kredi oswa kat debi. Nan fason sa a, ou p ap bezwen ranpli yon lòt fòm pou pwolongasyon epi w ap resevwa yon nimewo konfimasyon pou dosye w yo. Fòm Pwolongasyon yo selon Estati Deklarasyon an Endividyèl Fòm 4868, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan Otomatik pou Ranpli Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl Ameriken an (an anglè) Yo kapab aplike kèk règleman an patikilye si w ap: Sèvi nan yon zòn konba oswa yon zòn yo kalifye ki plen danje (an anglè) Viv deyò Etazini (an anglè) Biznis ak Sosyete Fòm 7004, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan Otomatik pou Ranpli Deklarasyon Taks sou Revni, Enfòmasyon pou Kèk Biznis oswa Lòt Deklarasyon (an anglè) Fòm 1138, Pwolongasyon tan pou pèman taks pa yon sosyete k ap tann yon retou sou pèt operasyon nèt li yo (an anglè) Lòt Fòm Fòm 2350, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Ranpli Deklarasyon Taks sou Revni (pou Sitwayen Ameriken ak Rezidan Etranje ki p ap viv Etazini ki vle Kalifye pou Tretman Taks Espesyal la) (an anglè) Fòm 4768, Aplikasyon pou pwolongasyon tan pou ranpli yon deklarasyon oswa peye taks sou dwa siksesyon ameriken (ak Transfè jenerasyon a jenerasyon) (an anglè) Fòm 5558, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Ranpli Kèk Plan Deklarasyon pou Anplwaye (an anglè) Fòm 8809, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon (an anglè) Fòm 8868, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Ranpli Deklarasyon yon Òganizasyon yo bay Ekzanpsyon (an anglè) Fòm 8892, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan Otomatik pou Ranpli Fòm 709 ak/oswa Pèman Kado/Transfè Jenerasyon a Jenerasyon (an anglè)