Body Gen Nouvo Opsyon Koneksyon ki disponib kounye a Sèvis elektwonik (E-Services) te janbe nan yon sistèm koneksyon modènize ki egzije itilizatè yo enskri oswa konekte ak ID.me. ID.me se yon kont yon founisè teknoloji prive kreye, konsève epi li sekirize li. Aplikasyon E-Services yo ap pouse tout itilizatè yo pou yo aksepte kondisyon akò yo premye fwa yo ap konekte apre 24 jiyè 2022. Zouti Anliy pou Pwofesyonèl Fiskal Sèvis elektwonik (E-Services) se yon ansanm zouti anliy ki pèmèt pwofesyonèl fiskal yo, ajan k ap rapòte yo, sektè prè imobilye, moun ki ap peye ak lòt yo, efektye tranzaksyon anliy ak IRS la. Tout itilizatè Sèvis elektwonik yo oblije aksepte Kondisyon Itilizasyon an avan yo resevwa aksè nan kont yo. Itilize Kont Fiskal Pro (an anglè) oswa soumèt Fòm 2848 ak 8821 (an anglè) pou demann Delegasyon Pouvwa (POA) ak Otorizasyon pou Enfòmasyon sou Enpo (TIA) anliy. Enfòmasyon sou Relve Fiskal IRS la chanje kondisyon pou fòma ak distribisyon relve fiskal yo. Pwofesyonèl fiskal otorize yo kapab jwenn aksè nan Sistèm Livrezon Relve a oswa fè demann pou yo voye deseri relve kliyan sou bwat a lèt sekirize Sèvis Elektwonik yo a, kote yo kapab rekipere yo aprè sa. Rapèl: Si w ouvri relve ou nan bwat a lèt ou, li ap disponib sèlman pandan 3 jou. Relve ou pako ouvri yo ap disponib pandan 30 jou. Pran plis ransèyman sou nouvo règleman transkripsyon yo (an anglè). Aplikasyon Sèvis Elektwonik yo Yo pwograme sèvis antretyen yo chak dimanch depi 12 a.m. pou 4 p.m. Fizo Orè Lès. Sistèm lan ka pa disponib pandan tan sa. Sistèm Livrezon Relve (TDS) (an anglè) Itilize TDS pou gade enfòmasyon deklarasyon ak kont kliyan an. Korespondans TIN (an anglè) Valide konbinezon TIN ak non yo anvan ou soumèt deklarasyon enfòmasyon yo. Gen opsyon an blòk ak entèaktif ki disponib. Founisè Sèvis Deklarasyon Elektwonik yo (an anglè) Aplike epi patisipe nan depo elektwonik deklarasyon enpo yo. Entèfas Pwogram Aplikasyon an (API) (an anglè) Aplike epi patisipe nan demann eskrip pou TDS, TINM, ak SOR yo. Sèvis dapre Lwa sou Swen Abòdab yo (an anglè) Aplike epi patisipe nan depo elektwonik Deklarasyon enòmasyon ACA. Sistèm Anrejistreman Deklarasyon Enfòmasyon yo (IRIS) (an anglè) Aplike epi patisipe nan depo elektonik deklarasyon enfòmasyon atravè IRS Sèvis Ajans Eta yo (an anglè) Patisipe nan TDS epi kreye ekstrè rapò yo. Asistans ak Sèvis Elektwonik yo Ou Bezwen Asistans? Rele IRS Sèvis Elektwonik866-255-0654 Sèvis ACA ak IRIS Yo866-937-4130 Orè: 6:30 a.m. rive 6 p.m. Lè Santral Kontakte sèvis asistans elektwonik ak plis ankò (an anglè) Achiv Pyès Sekirize (APS) Rekipere rezilta lè ou fè transkripsyon yo koresponn a TIN apati yon bwat a lèt sekirize. Aksede a APS (SOR) (an anglè) Abone ou nan Alèt Sistèm e- Services (an anglè)Eskwokri