Aplikasyon pou Kòd Kontwòl Transmetè (TCC) nan Sistèm Resepsyon Deklarasyon Enfòmasyon (IRIS)
Objektif aplikasyon IRIS pou TCC a se pou mande otorizasyon pou patisipe nan soumèt deklarasyon enfòmasyon yo elektwonikman atravè IRIS. Kounye a, aplikasyon an sipòte seri Fòm 1099 yo (ki gen ladan Fòm 1042-S, 1097, 1098, 1099, 3921, 3922, 5498, ak W-2G).
Apati ane fiskal 2027 la, IRIS ap aksepte Fòm 8027 ak 8955-SSA tou. Ou pa bezwen fè okenn mizajou nan aplikasyon ki egziste deja yo pou enkli fòm adisyonèl sa yo.
Anvan ou ranpli oswa mete ajou yon Aplikasyon IRIS pou TCC, revize enstriksyon yo etap-pa-etap nan Piblikasyon 5903, Leson patikilye sou aplikasyon pou Kòd Kontwòl Transmetè (TCC) nan Sistèm Resepsyon Deklarasyon Enfòmasyon (IRIS) (an angle) PDF.
Lè ou pare, jwenn aksè nan Aplikasyon IRIS la pou TCC anba a.
Jwenn aksè nan aplikasyon IRIS la pou yon TCC (an anglè)
Moun ki pa baze Ozetazini ki ranpli deklarasyon enfòmasyon yo ta dwe vizite Enskripsyon Kòd Kontwòl Transmetè Deklarasyon Etranje (TCC) (an anglè).
Pou plis enfòmasyon ak resous ki gen rapò ak ranpli enfòmasyon elektwonik ak IRIS, vizite E-file deklarasyon enfòmasyon ak IRIS (an anglè).
Pwoblèm Aplikasyon IRIS pou TCC pou ajans gouvènman ki pataje yon yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN)
Antite gouvènman yo ta dwe kòmanse tranzisyon yo soti nan sistèm Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonik (FIRE) pou ale nan Sistèm Resepsyon Deklarasyon Enfòmasyon (IRIS) pou prepare pou sezon ranpli deklarasyon enfòmasyon 2027 la. Premye etap nan pwosesis la se ranpli Aplikasyon IRIS pou TCC.
Antite gouvènman yo ka resevwa yon mesaj erè lè y ap soumèt Aplikasyon IRIS pou TCC a ki di yon TCC deja egziste. Ajans gouvènman yo oswa divizyon ki pataje menm Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) la kapab gen sèlman yon sèl Aplikasyon IRIS pou TCC.
Akòz lwa sou divilgasyon enfòmasyon yo, IRS kapab pataje enfòmasyon sèlman avèk itilizatè otorize ki nan lis aplikasyon an. Ajans gouvènman yo ta dwe kominike anndan ajans yo pou ranpli epi kenbe aplikasyon yo ajou.
Antite gouvènman ki rankontre pwoblèm sa a ki gen rapò ak pataje EIN ta dwe kontakte Biwo Lyezon Gouvènmantal IRS la nan pgld.glds.gov.liaison@irs.gov pou diskite sou solisyon ki posib.
Sèvi ak Chatbot
Pwofesyonèl enpo, chèche jwenn èd atravè nouvo karakteristik chat nou an.
- Jwenn repons kesyon w yo konsènan kòd kontwòl transmetè yo ak ranpli deklarasyon enfòmasyon elektwonikman.
- Pou kesyon espesifik konsènan yon kont, w ap bezwen yon kont IRS (ID.me).