Dapre Lwa Sovtaj Ameriken 2021 an, yo te voye pèman avans jiska mwatye Kredi Enpo pou Timoun 2021 an bay kontribyab ki kalifye yo.

Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pa disponib ankò, men ou ka wè pèman avans total ou yo sou kont anliy ou (an anglè).

Kesyon yo Poze Souvan: Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans yo

 

Enfòmasyon sou Deklarasyon Taks 2021

Jwenn pèman avans total ou ak kantite timoun kalifye yo sou kont anliy ou an (an anglè). Ou kapab sèvi avèk non itilizatè w ak modpas ou pou Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou w konekte sou kont anliy ou (an anglè).

Konekte sou kont anliy ou (an anglè)

Ou kapab refere ou tou nan Lèt 6419 (an anglè).

Rekonsilye Total Pèman Avans Ou yo sou Deklarasyon Taks 2021 W lan

Si ou te resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, w ap bezwen rekonsilye (konpare) total ou te resevwa a avèk montan ou kalifye pou reklame a.

Pou rekonsilye pèman avans yo sou deklarasyon 2021 w lan:

Ou kapab refere ou tou nan Lèt 6419 (an anglè).

Si ou te resevwa pèman avans selon yon deklarasyon konjwen, y ap trete chak konjwen tankou yo te resevwa mwatye pèman yo, sof si youn nan nou te anwole.

Pou rekonsilye pèman avans ou yo nan deklarasyon taks 2021 w lan, ajoute total pèman avans ou an sou total pèman avans mari oswa madanm ou an.

Chak nan nou kapab jwenn total pèman avans nou yo sou kont anliy nou.

Pou majorite kontribyab yo, total pèman avans yo nan Lèt 6419 la ap koresponn avèk total ki sou kont anliy lan.

Si total pèman avans yo pa menm nan Lèt 6419 la ak sou kont anliy lan, konte sou total ki sou kont anliy ou.

Kont anliy ou genyen enfòmasyon sou pèman avans ki pi resan an. Pa konte sou Relve Taks yo pou total pèman avans lan.

Kenbe Lèt 6419 nan dosye fiskal ou.

Kesyon yo Poze Souvan: Rekonsilye Pèman Avans Ou yo

Si Ou Pa t Resevwa Pèman Avans yo

Ou kapab reklame tout montan Kredi Enpo pou Timoun 2021 an si ou kalifye — menm si ou pa konn fè deklarasyon taks nòmalman.

Pou reklame tout Kredi Enpo pou Timoun nan, fè yon deklarasyon taks 2021 (an anglè).

 

Kiyès ki Kalifye

Pou kalifye pou pèman avans Kredi Enpo pou Timoun nan, ou (ak mari w oswa madanm ou, si nou marye epi n ap deklare konjwen) te dwe:

  • Depoze yon deklarasyon taks 2019 oswa 2020 epi reklame Kredi Enpo pou Timoun nan deklarasyon an oswa
  • Te antre enfòmasyon ou yo an 2020 pou jwenn pèman relans (Enpak Ekonomik) avèk Non-Deklaran yo: zouti Antre Enfòmasyon Pèman yo La a oswa
  • Te ba nou enfòmasyon ou yo an 2021 avèk Non-Deklaran an: zouti Soumèt Enfòmasyon Ou

Epi ou (ak mari oswa madanm ou, si nou marye epi n ap deklare konjwen) te dwe:

  • Ap viv nan yon rezidans prensipal Ozetazini pandan plis pase mwatye ane a (50 eta yo ak Distri Columbia) oswa te depoze yon deklarasyon konjwen avèk yon mari oswa madanm ki genyen yon rezidans prensipal Ozetazini pandan plis pase mwatye ane a; epi
  • Yon timoun kalifye ki genyen mwens pase 18 lane nan fen 2021 an epi ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal valid; epi
  • Te rantre mwens pase yon seri limit revni.