Skip to main content

Kredi enpo ranbousab

Yon kredi enpo ranbousab se yon kredi ou ka jwenn kòm ranbousman menm si ou pa dwe okenn enpo.

Kredi enpo yo se kantite lajan ki diminye enpo final ou dwe lè ou ranpli deklarasyon enpo w la. Pifò kredi enpo ka diminye enpo ou jiskaske li rive a $0. Kredi ranbousab ale pi lwen pase sa pou l ba ou nenpòt kredi ki rete a kòm ranbousman.

Se poutèt sa li pi bon pou ranpli enpo menm lè w pa oblije. Anpil moun ki kalifye pou kredi ranbousab rate ranbousman paske yo pa ranpli.

Gade si w kalifye pou kredi enpo ranbousab sa yo.

Kredi Enpo sou Revni ou Touche (EITC)

Pou kalifye, ou dwe gen mwens pase $11 950 nan revni envestisman epi touche mwens pase yon nivo revni espesifik nan travay. Nivo revni an varye ant: $19 104 si w se yon selibatè ki pa gen timoun jiska $68 675 si w marye epi w gen 3 timoun oswa plis. Jwenn plis enfòmasyon sou Kredi Enpo sou Revni ou Touche.

Itilize Asistan EITC pou wè si ou kalifye pou Kredi Enpo sou Revni ou Touche.

Kredi Enpo pou Timoun (CTC) - ranbousab an pati

Si w gen yon timoun, ou ka kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun. Pou ane 2025 la, kredi a se jiska $2 200 pou chak timoun ki kalifye. Pou kalifye, ou menm (oswa mari oswa madanm ou, si nou marye epi n ap fè deklarasyon ansanm) ak chak timoun ki kalifye dwe gen yon nimewo Sekirite Sosyal ki valab pou travay Ozetazini epi ki te bay anvan dat limit pou ranpli deklarasyon enpo a (sa enkli nenpòt pwolongasyon). Anplis de sa, yon timoun dwe: 

  • Gen mwens pase 17 an nan fen ane 2025 la
  • Rapòte kòm depandan sou deklarasyon enpo w, epi
  • Satisfè lòt kritè.

Yon pòsyon nan Kredi Enpo pou Timoun ki ranbousab pou 2025 la. Yo rele pòsyon sa a Kredi Adisyonèl Enpo pou Timoun (ACTC). Pou ane 2025 la, jiska $1 700 ka ranbousab pou chak timoun.

Pou plis detay, gade Kredi Enpo pou Timoun.

Kredi Enpo Opòtinite Ameriken (AOTC) - ranbousab an pati

Si  ou te peye depans edikasyon ki kalifye pou yon etidyan kolèj ki elijib, ou ka anmezi pou reklame Kredi Opòtinite Ameriken an (an anglè) jiska $2 500 pa ane. Jiska $1 000 nan Kredi Enpo Opòtinite Ameriken an ranbousab.

Revni brit modifye ajiste ou dwe $90 000 oswa mwens ($180 000 oswa mwens pou moun marye ki ranpli ansanm) pou reklame kredi a.

Kredi Enpo Prim

Si w achte asirans sante nan Mache Asirans Sante a epi w satisfè lòt kritè, ou ka kalifye pou w reklame Kredi Enpo Prim (an anglè). Se yon kredi ranbousab ki baze sou revni w ak pri plan swen sante ou a.

Kredi Enpo pou Adopsyon – ranbousab an pati

Si ou te finalize yon adopsyon an 2025 oswa ou te kòmanse pwosesis adopsyon an anvan 2025, ou ka kalifye pou Kredi pou Adopsyon pou ede konpanse depans rezonab ak nesesè ou te peye yo. Maksimòm total Kredi pou Adopsyon an se $17 280 pou chak timoun ki kalifye pou ane fiskal 2025. Si obligasyon enpo ou se zewo, pòsyon maksimòm ki ranbousab la se jiska $5 000 epi li pa ka transfere pou yon ane apre.

Pou plis detay, gade Kredi pou Adopsyon.

Kredi enpo sou gaz

Si w achte gaz yo sèvi pou biznis andeyò gran wout ak rezon agrikilti, ou ka anmezi pou reklame Kredi Enpo sou Gaz (FTC) (an anglè). Sa a se yon kredi enpo ranbousab ki disponib pou kalite itilizasyon ki elijib yo.

Ki gen rapò

Kredi ak dediksyon pou moun
Depandan