Yon depandan se yon timoun ki kalifye oswa yon fanmi ki depann de ou pou sipò finansye. Pou reklame yon depandan nan deklarasyon enpo w, li dwe ranpli kèk kondisyon presi.
Gade tout règ pou depandan yo (an anglè)
Règ jeneral pou depandan yo
Jeneralman règ sa yo aplike a tout depandan:
- Yon depandan dwe yon sitwayen ameriken, rezidan etranje oswa nasyonal oswa yon rezidan Kanada oswa Meksik
- Yo pa kapab reklame yon moun kòm yon depandan nan plis pase yon deklarasyon enpo, ak kèk eksepsyon (an anglè)
- Yon depandan pa ka reklame yon lòt moun kòm depandan sou pwòp deklarasyon enpo li
- Ou pa kapab reklame konjwen ou kòm yon depandan si nou ranpli ansanm
- Yon depandan dwe yon timoun ki kalifye oswa yon fanmi ki kalifye
Timoun ki kalifye
Pou li kalifye kòm yon depandan, yon timoun dwe pase tès sa yo tou:
- Relasyon (an anglè): Li ka pitit gason w, pitit fi, bèlfi, pitit adoptif, frè, sè, demi-sè oswa -frè, bèl-frè, demi-sè, timoun adoptif oswa pitit youn nan sa yo
- Laj (an anglè): Dwe gen mwens pase 19 an oswa si li poko gen 24 an li se yon etidyan aplentan, oswa nenpòt laj si li andikape nèt ale
- Rezidans (an anglè): Rete avèk ou pou plis pase mwatye ane a, ak kèk eksepsyon
- Sipò (an anglè): Jwenn plis pase mwatye sipò finansye yo nan men ou
- Deklarasyon ansanm (an anglè): Pa ranpli kòm yon moun marye ki ranpli ansanm, sof si se sèlman pou reklame yon ranbousman enpo peye oswa prelve
Gade tout règ yo pou yon timoun ki kalifye (an anglè)
Fanmi ki kalifye
Yon fanmi ki kalifye dwe satisfè règ jeneral pou depandan yo epi pase tès sa yo:
- Pa yon timoun ki kalifye (an anglè): Se pa pitit ou ki kalifye oswa pitit ki kalifye pou yon lòt kontribyab.
- Manm nan kay la oswa relasyon (an anglè): K ap viv avèk ou pandan tout ane a kòm manm fanmi w oswa se yon kalite fanmi espesifik (an anglè).
- Revni brit (an anglè): Gen revni brit ki mwens pase $4 700
- Sipò (an anglè): Jwenn plis pase mwatye sipò finansye yo nan men ou
Gade tout règ yo pou yon fanmi ki kalifye (an anglè)
Lè pou w reklame yon depandan
Kounye a ou ka reklame depandan yo sèlman pou sèten kredi enpo ak dediksyon. Chak kredi oswa dediksyon gen kondisyon pwòp pa li.
- Kredi Enpo pou Timoun
- Depans adopsyon
- Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun (an anglè)
- Kredi pou Lòt Depandan (an anglè)
- Kredi Enpo sou Revni Touche (EITC)
- Kredi pou Swen Timoun ak lòt Depandan (an anglè)
- Kredi pou Edikasyon (an anglè)
- Dediksyon pou depans medikal (an anglè)
- Lòt dediksyon detaye
Si w se yon depandan sou dekarasyonyon lòt moun
Moun nan ka reklame w kòm yon depandan epi w toujou ka bezwen ranpli pwòp deklarasyon anpo pa w. Kondisyon pou w ranpli depann de revni w, sitiyasyon marital ak lòt kritè. Jwenn detay sou kondisyon ranpli pou depandan yo (an anglè).
Gade si w bezwen ranpli: reponn kesyon yo pou w konnen (an anglè)
Ou ka vle ranpli kan menm pou w ka jwenn ranbousman nenpòt enpo federal sou revni patwon ou te prelve oswa reklame sèten kredi enpo ki ranbousab.
Ki gen rapò
Depandan, Dediksyon Estanda, ak Enfòmasyon pou Depo, Piblikasyon 501 (an anglè)