Yon apèsi sou kredi pou lòt depandan an

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy Fiskal 2022-12, 24 Janvye, 2022

Kontribyab ki gen depandan ki pa kalifye pou kredi taks pou timoun posib pou l kapab reklame kredi pou lòt depandan. Se yon kredi ki pa ranbousab. Li ka diminye oubyen, nan kèk ka, elimine yon fich taks men, IRS pa ka ranbouse kontribyab la okenn pòsyon nan kredi ki kapab rete a.

Men enfònasyon anplis k ap ede kontribiyab detèmine si yo elijib pou reklame li nan deklarasyon taks 2021 yo.

Montan kredi maksimòm nan se $500 pou chak depandan ki ranpli nan kondisyon yo. Pa egzanp, yo kapab reklame ODC pou:

  • Depandan nenpòt ki laj, ansanm ak sa ki gen 18 e plis.
  • Depandan ki gen Nimewo Sosyal Sekirite oubyen nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl.
  • Paran depandan oubyen lòt fanmi kalifye kontribiyab la sipòte.
  • Depandan k ap viv ak kontribiyab la ki pa fanmi kontribyab la.

Kredi a kòmanse desann gradyèlman lè revni kontribiyab la plis pase $200,000. Desant gradyèl sa a kòmanse pou koup marye ki fè yon deklarasyon taks kolektif nan $400,000.

Yon kontribiyab ka reklame kredi sa a si:

  • Li reklame moun nan antanke depandan (an anglè) nan deklarasyon taks la.
  • Li pa itilize depandan an pou reklame kredi taks pou timoun oubyen kredi taks adisyonèl pou timoun.
  • Depandan an se yon sitwayen ameriken, nasyonal oubyen rezidan etranje.

Kontribiyab yo ka reklame kredi pou lòt depandan ajoute sou asistans kredi pou timoun ak depandan (an anglè) epi kredi sou revni ou fè a. Yo kapab itilize asistan taks entèraktif, Èske pitit mwen/Depandan kalifye pou kredi taks sou timoun oubyen pou kredi pou lòt depandan (an anglè)? an, pou ede detèmine si yo elijib pou reklame kredi a.

Plis enfòmasyon :

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)