Skip to main content

Sijè ki nan nouvèl yo

La a w ap jwenn atik ki enterese moun kounye a — nouvo pwogram, enstriksyon resan oswa rapèl ki vin nan bon moman yo.

Rapò Finansye Ajans lan pou ane fiskal 2026

IRS pibliye Rapò Finansye Ajans lan pou Ane Fiskal 2026 (an anglè), ki bay detay sou bon jesyon finansye IRS la.

Limit 401(k) a ogmante 

IRS anonse kantite lajan moun yo kapab kontribye nan plan 401(k) yo an 2027 (an anglè) la ogmante pou rive $25 500, soti nan $24 500 pou 2026.

Ajisteman enpo akòz enflasyon pou ane fiskal 2027

IRS anonse ajisteman anyèl pou enflasyon pou ane fiskal 2027 yo (an anglè) pou prèske 70 dispozisyon fiskal, tankou barèm pousantaj enpo yo, montan dediksyon estanda yo ak lòt chanjman fiskal. Pwosedi Revni 2026-35 (an anglè) PDF bay detay sou ajisteman anyèl sa yo.

Rapèl pou pwofesyonèl nan enpo yo

Preparatè deklarasyon enpo ki resevwa peman yo ta dwe renouvle nimewo idantifikasyon fiskal preparatè yo (PTIN) (an anglè) pou 2027. Yo dwe renouvle PTIN yo chak ane, epi PTIN aktyèl yo ap ekspire 31 Desanm 2026. 

IRS lanse an 2026 Fowòm Nasyonal IRS sou Enpo sou Entènèt (an anglè), ki bay pwofesyonèl enpo yo aksè a plis pase yon douzèn seminè yo te anrejistre nan Fowòm Nasyonal IRS sou Enpo ane sa a, ansanm ak opòtinite pou yo jwenn kredi edikasyon kontinyèl.

Dediksyon enpo pou nouvo machin

Moun ki te achte yon nouvo machin kapab kalifye pou yon avantaj fiskal (an anglè). Dapre Rediksyon Enpo pou Fanmi k ap Travay yo (an anglè), kontribyab yo ka kapab dedwi enterè sou prè machin yo si yo satisfè sèten kritè kalifikasyon. 

Pwoteje enfòmasyon enpo w

IRS raple kontribyab yo pou yo pwoteje enfòmasyon yo kont vòl idantite ki gen rapò ak enpo (an anglè) lè yo pwoteje enfòmasyon pou konekte nan kont IRS yo sou entènèt epi lè yo jwenn yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN).

Mizajou konsènan plan retrèt

Depatman Trezò a ak IRS te pibliye de pwosedi revni (an anglè) ki mete ajou pwogram koreksyon pou plan retrèt anplwaye yo epi kreye yon pwogram pou Kont Retrèt Endividyèl yo. 

Soulajman pou gaz dyezèl kolore

IRS te anonse li p ap enpoze okenn penalite (an anglè) lè yo vann gaz dyezèl kolore pou itilizasyon oswalè yo itilize li sou gran wout toupatou nan peyi a. Mezi sa a valab depi 1ye Oktòb 2026, epi l ap rete anvigè jiska 31 Desanm 2026. 

Yo bezwen volontè pou sipòte sèvis enpo gratis

Pwogram IRS pou Asistans Volontè pou Enpo sou Revni (VITA) ak Konsèy Enpo pou Moun Aje (TCE) yo ap chèche volontè ak patnè kominote (an anglè) pou ede bay sèvis preparasyon deklarasyon enpo gratis pandan pwochen sezon deklarasyon an. IRS bay fòmasyon gratis pou divès wòl (an anglè) selon konpetans ak enterè volontè yo, oswa selon tan yo disponib.

Nouvo soulajman pou kontribyab ki kalifye ki afekte akòz evènman k ap kontinye an Izrayèl

Akòz konfli k ap kontinye an Izrayèl la, IRS ap bay plis soulajman enpo (an anglè) pou moun ak biznis ki afekte yo, epi li ranvwaye jiska 30 Septanm 2027 anpil delè pou ranli deklarasyon federal, fè peman enpo epi fè lòt aksyon ki gen rapò ak enpo ki dwe fèt nan yon delè presi.

IRS lanse yon nouvo aplikasyon mobil

IRS te anonse lansman nouvo aplikasyon mobil IRS la (an anglè), ki ranplase IRS2Go epi elaji sèvis dijital ajans lan pou bay kontribyab yo plis fason pou yo jwenn aksè an sekirite nan zouti IRS yo ak sèvis kont yo sou aparèy mobil yo. Aplikasyon IRS la gratis epi li disponib nan Apple App Store ak Google Play.

Zouti IRS sou entènèt

IRS ankouraje kontribyab yo pou yo eksplore plis opsyon sekirize pou sèvis endepandan ki disponib sou IRS.gov (an anglè) ki ka ede kontribyab yo, biznis yo ak pwofesyonèl enpo yo jwenn enfòmasyon sou enpo epi pran mezi sou entènèt, tankou Kont Endividyèl IRS sou Entènèt (an anglè), Kont Enpo Biznis (an anglè), Kont Pwofesyonèl Enpo (an anglè), ansanm ak lòt zouti ak resous itil sou entènèt.

Nouvo platfòm pou deklarasyon enfòmasyon sistèm e-file yo 

IRS raple moun ki soumèt deklarasyon enfòmasyon yo epi ki itilize sistèm Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman (FIRE) pou yo prepare yo depi kounye a pou sistèm nan pran retrèt li epi pase nan Sistèm Akseptasyon Deklarasyon Enfòmasyon (IRIS) (an anglè) anvan sezon deklarasyon 2027 la.

Pwosesis transfè senplifye pou kont retrèt

Depatman Trezò ak IRS te bay direktiv pou senplifye ak nòmalize pwosesis transfè a lè yo pibliye fòm echantiyon pou transfè dirèk ale nan oswa soti nan yon plan retrèt, jan seksyon 324 Lwa SECURE 2.0 egzije sa.

Pwogram Kontribisyon Siplemantè a “Saver’s Match” 

Depatman Trezò ak IRS te pibliye Notice 2026-48 (an anglè) PDF ki anonse entansyon pou pwopoze règleman konsènan pwogram federal Kontribisyon Siplemantè a (an anglè), ki kòmanse an 2027. Avi a dekri règleman yo prevwa pou Kontribisyon Siplemantè a epi li mande piblik la fè kòmantè pou règleman yo pral pwopoze alavni yo. 

Nouvo pwosesis otomatik la senplifye soulajman penalite pou kontribyab yo

IRS te anonse nouvo pwosesis Egzanpsyon Otomatik kont Penalite (an anglè) pou bay kontribyab ki gen yon istwa ranpli deklarasyon ak peye alè soulajman kont penalite, pwosesis sa a fèt pou senplifye pwosedi a, epi diminye chay la pou moun ki gen yon istwa konfòmite alè.

Òf nan konpwomi

Kontribyab ki kalifye yo ka kapab rezoud dèt enpo yo atravè yon òf nan konpwomi (an anglè), ki se yon akò ant yon kontribyab ak IRS pouregle yon dèt enpo pou yon montan ki mwens pase kantite total yo dwe a.

Zouti Èd pou Dèt Enpo

IRS lanse yon nouvo zouti sou entènèt (an anglè) pou ede kontribyab yo konprann epi rezoud dèt enpo yo. Zouti Èd Dèt Enpo la bay moun ak biznis yo yon fason senp epi aksesib pou yo eksplore opsyon peman epi idantifye pwochen etap yo selon sitiyasyon yo, sa ki fè li pi fasil pou kontribyab yo satisfè obligasyon yo.

Rediksyon Enpo pou Fanmi k ap Travay yo

Nouvèl pou laprès

Fèy enfòmasyon