Nouvèl ak Alèt Fiskal Enpòtan yo

Kontribyab yo toujou fè fas a yon pakèt pwoblèm akòz gwo chanjman enpòtan nan lwa ki te fèt an 2022 a ak difikilte ki te kreye akòz pandemi an. Nou kontinye pataje enfòmasyon yo ki ajou pou moun ki ap prepare pou soumèt deklarasyon enpo 2022 yo, de mèm pou moun ki te gen deklarasyon fiskal ane anvan ki ap tann pou IRS la trete yo.

Yo ap mete paj sa ajou ak alèt espesyal yo te konfeksyone pou ede nenpòt moun ki ap prepare deklarasyon fiskal yo kounya oswa ki ap tann yo trete deklarasyon yo a oswa yon ranbousman yo ak pou dènye mizajou nan lèt oswa avi IRS la yo. Y'ap mete mizajou ki pi resan yo anlè nan tèt paj sa a; IRS la ap bay mizajou enpòtan yo tou atravè medya sosyal yo.

Sijè ki sou paj sa:

Chanjman an 2022 a ki ka afekte ranbousman ou an: Pami plizyè lòt faktè, chanjman nan kantite depandan w yo, nan revni travay oswa antrepriz ou ak divòs ou gendwa afekte estati deklarasyon enpo ou ak ranbousman ou pou ane 2023 a.

Peman chèk relans anplis yo fini. Kontrèman ak 2020 ak 2021, pat gen nouvo peman relans pou lane 2022 a kidonk kontribyab yo pa ta dwe espere ke yo ap resevwa okenn lot peman nan ranbousman enpo 2023 yo a.

Gen kèk kredi enpo ki tounen nan nivo yo te ye an 2019.  Sa vle di ke kontribyab yo ka resevwa lajan ranbousman ki vrèman pi piti lè'w fè konparezon ak ane fiskal ki sot pase a. Nan chanjman sa gen montan pou Kredi Enpo pou Timoun (CTC) lan, Kredi Enpo sou Revni ou Rantre (EITC) a ak Kredi pou Swen Timoun ak Depandan yo ki ap retounen nan nivo li t ye anvan COVID la.

  • Sila yo ki te resevwa $3,600 pou chak depandan yo an 2021 an pou CTC a ap, si yo kalifye, resevwa $2,000 pou ane fiskal 2022 a.
  • Kontribyab yo ki pa gen pitit yo ki te resevwa apeprè $1,500 pou EITC a an 2021, ap gen pou yo resevwa kounya $560 pou ane fiskal 2022 a.
  • Pou 2022 a, maksimòm Kredi pou Swen Timoun ak Depandan ap tounen nan $2,100 olye de $8,000 an 2021 an.

Vizite Kredit ak Dediksyon yo (an anglè) pou pi plis detay.

Pa gen dediksyon charitab pou depans yo. Kontribyab yo te kapab pran jiska $600 sou deklarasyon enpo yo pou dediksyon enpo sou don pou charite. Sepandan, pou ane fiskal 2022 a, kontribyab ki pa detaye e ki pran dediksyon estanda yo, pap an mezi pou yo retire kontribisyon charite yo a.

Mizajou yo

Mizajou 17 janvye

Sezon deklarasyon fiskal 2023 kòmanse 23 Janvye; gen plis èd ki disponib pou kontribyab yo ane sa a

IRS te anonse Lendi 23 janvye a kòm lansman sezon fiskal nasyonal 2023 a (an anglè) kote ke ajans yo ap kòmanse aksepte epi trete deklarasyon fiskal ane 2022 yo.

Akòz gwo enpak pandemi an te genyen sou twa (3) dènye sezon fiskal yo, IRS la te pran kek mezi anplis pou amelyore sèvis lap ofri kontribyab yo an 2023. Dapre yon pati nan pasaj Lwa sou Rediksyon Enflasyon mwa Dawout lan, IRS lan te anboche plis pase 5,000 nouvo asistan telefonik epi li te ajoute plis pèsonèl pou bay kontribyab yo sipò.

IRS la te fini ak koreksyon otomatik ane fiskal 2020 yo ki gen rapò ak moun ki pat nan konpansasyon chomaj; yo te bay 12 milyon ranbousman

Tou dènyeman la, IRS la te fini ak dènye koreksyon pou kont fiskal 2020 kontribyab yo ki te peye twòp lajan sou enpo pou konpansasyon chomaj yo (an anglè) te resevwa an 2020 an.

Dekrè Plan Sekou Ameriken 2021 an ki vin tounen yon lwa an Mas 2021 an, retire jiska $10,200 nan kalkil revni konpansasyon chomaj ki gen enpo sou yo pou ane 2020 an (jiska $10,200 pou chak konjwen si yo ap deklare ansanm). Eksklizyon sa se pou patikilye yo ak moun marye yo ki te gen revni brit ajiste yo pi ba ke $150,000.

Pou soulaje kontribyab yo anba fado a, IRS la te pran mezi pou revize Fòm 1040 ak 1040-SR ke yo te soumèt anvan piblikasyon lwa a pou idantifye kontribyab ki te deja deklare konpansasyon chomaj kòm revni epi ki te kalifye pou koreksyon an. IRS la te detèmine montan taksab ki kòrèk pou konpansasyon chomaj ak enpo yo.

Viktim siklòn Kalifòni yo kalifye pou soulajman fiskal; dat limit 18 Avril la, ak lòt dat yo pwolonje pou 15 Me

Viktim siklòn kalifòni gen jika 15 Me 2023 kounya, pou yo soumèt plizyè kalite deklarasyon federal pou biznis ak patikilye epi fè peman enpo yo.

IRS la ap ofri soulajman pou tout zòn ke Ajan Federal Jesyon Ijans lan (FEMA) te deklare. Lis aktyèl lokalite ki kalifye yo toujou disponib sou paj entènèt Soulajman Fiskal nan Sitiyasyon Katastwòf.

Soulajman fiskal la voye dat limit plizyè deklarasyon enpo ak peman ki te fèt nan dat 8 Janvye 2023 a pou yon lòt lè. Kׇòm konsekans, patikilye yo ak biznis yo ki te afekte yo ap gen jiska 15 Me 2023 pou soumèt deklarasyon epi peye tout enpo ke yo te dwe pandan peryòd sa a.

Mizajou 6 Janvye

IRS soti lis Kesyon yo Poze Souvan yo sou kredi veyikil pwòp pou nouvo, sak te la deja ak veyikil komèsyal yo 

IRS soti lis Kesyon yo Poze Souvan yo (an anglè) sou kredi veyikil pwòp pou nouvo, sak te la deja ak veyikil komèsyal yo.

Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 a (IRA) te fè anpil chanjman nan kredi veyikil pwòp pou veyikil motè elektrik rechajab ki kalifye yo, ak sa ki boule gaz yo. IRA te ajoute tou yon nouvo kredi pou ansyen veyikil ak veyikil komèsyal pwòp yo.

Lis Kesyon yo Poze Souvan sa yo bay plis detay sou fason IRA te re-manyen kredi veyikil pwòp la pou patikilye yo ak biznis yo, enfòmasyon sou kredi veyikil pwòp ize pou patikilye yo ak nouvo kredi pou veyikil komèsyal ki kalifye yo.

IRS soti yon lis kesyon yo poze souvan yo sou kredi enèji yo

IRS te soti kesyon yo poze souvan yo (an anglè) (FAQs) sou amelyorasyon kay ki fè bon jesyon enèji yo ak kredi enèji pwòp pwopriyete rezidansyèl yo.

Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 a (IRA) te modifye kredi sou amelyorasyon kay ki fè bon jesyon enèji yo ak enèji pwopriyete rezidansyèl yo. Lis Kesyon yo Poze Souvan sa yo (an anglè) bay plis detay sou chanjman IRA fè nan kredi enpo sa yo, enfòmasyon sou depans elijib yo epi li bay ekzanp sou kijan limitasyon kredi yo mache.

IRS mete kesyon yo poze souvan yo apwopo Fòm 1099-K yo ajou

IRS la te soti yon kominike laprès  epi mete ajou kesyon yo poze souvan yo (FAQs) sou Fòm 1099-K a, tranzaksyon Kat Peman ak Rezo Tyès yo nan Fich Teknik FS-2022-41PDF.

Nan dat 23 Desanm 2022 a, IRS la te anonse ke kalandriye sivil 2022 a ap trete kòm yon ane tranzisyon pou sèy limit deklarasyon ki depase $600 yo. Pou kalandriye ane 2022 a, règleman tyès yo ki te soti Fòm 1099-K yo gen sèlman pou yo deklare tranzaksyon kote peman bri yo depase $20,000 epi genyen plis pase 200 tranzaksyon.

IRS soti to mileyaj estanda pou ane 2023

IRS la te soti opsyon to mileyaj estanda 2023 (an anglè) ki sèvi pou kalkile depans nan fonksyonman ak yon otomobil nan kad biznis, charite, rezon medikal oswa demenajman.

Apati 1ye Janvye 2023, to mileyaj estanda la pou yon machin ize (pikòp, fougon) ap:

  • 65.5 santim chak 1.6 kilomèt ou kondi pou itilite biznis, jiska 3 santim akoz ogmantasyon mitan ane ki ap fikse to pou dezyèm mwatye 2022 a.
  • 22 santim chak 1.6 kilomèt ou kondi pou rezon medikal oswa demenajman pou manm aktif kalifye nan sèvis lame selon ogmantasyon to mitan ane ki fikse pou dezyèm mwatye ane 2022 a.
  • 14 santim chak 1.6 kilomèt ou kondi pou sèvis òganizasyon charite yo; lalwa te fikse to a epi lap rete konsa apati 2022.

To sa yo aplike pou machin elektrik ak ibrid-elektrik yo menm jan tou pou machin ki pran gaz ak dyezèl yo.

Mizajou 18 novanm

IRS anboche plis pase 700 anplwaye pou ede kontribyab yo an pèsòn

Mete sou plis pase 4,000 moun ki fèk anboche pou ranpli djòb enpòtan reprezantan sèvis kliyantèl la yo, IRS la ap chèche kounye a plis pase 700 nouvo anplwaye pou ede kontribyab yo nan Sant Asistans pou Kontribyab atravè peyi a.

Ogmantasyon staf sa a fè pati de gwo amelyorasyon IRS la ki posib gras ak finansman Lwa sou Rediksyon Enflasyon an te apwouve nan mwa Dawout 2022 a, epi yo pral bay plis mizajou sou aplikasyon lejislasyon 10 lane sa a trè byento.

IRS la kontinye òganize anpil evènman rekritman vityèl ak an pèsòn chak mwa. Sesyon enfòmasyon sa yo ak expozisyon sou karyè sa yo bay enfòmasyon sou pozisyon travay ki disponib yo. Pou plis enfòmasyon epi pou anrejistre pou yon evènman, gade Evènman IRS yo (an anglè).

Mizajou 27 oktòb

Kontribyab yo ki nan zòn ki deklare zòn katastwòf yo benefisye plis tan pou soulajman penalite COVID la

Kontribyab yo ki nan zòn sèten Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) deklare zò katastwòf yo gen plis tan pou ranpli deklarasyon yo pou yo kalifye pou soulajman penalite anba Avi 2022-36 (an anglè) pou deklarasyon enpo 2019 ak 2020 yo.

Ajisteman enflasyon enpo pou ane fiskal 2023

IRS la te anonse ane fiskal 2023 kòm ajisteman anyèl enflasyon pou plis pase 60 dispozisyon fiskal, ki gen ladan lis estanda to enpo yo ak lòt chanjman enpo yo. Pwosedi Revni 2022-38 (an anglè) bay plis detay sou ajisteman anyèl sa yo.

Mizajou 14 oktòb

IRS te voye lèt bay patikilye yo ak fanmi yo ki pa t reklame avantaj fiskal enpòtan yo

IRS la te voye lèt bay plis pase 9 milyon patikilye ak fanmi yo ki sanble kalifye pou yon varyete de avantaj fiskal enpòtan men ki pa t reklame yo lè yo te soumèt yon deklarasyon enpo sou revni federal 2021 an. Anpil moun nan gwoup sa a ka elijib pou reklame yon pati oswa tout kredi rekouvreman ranbousman 2021 an, Kredi Enpo pou Timoun nan, Kredi Enpo sou Revni w touche ak lòt kredi enpo selon sitiyasyon pèsonèl yo ak fanmi yo.

Mizajou 6 oktòb

Soulajman fiskal pou viktim siklòn Ian nan Kawolin di Nò ak Kawolin disid

Viktim siklòn Ian nan tout Kawolin di Nò ak Kawolin disid kalifye pou soulajman fiskal e kounye a gen jiska 15 fevriye 2023, pou yo soumèt plizyè deklarasyon enpo federal pou patikilye ak biznis yo epi fè peman enpo yo.

Mizajou 4 oktòb

Soulajman fiskal pou viktim Siklòn Ian nan Florid

Viktim Siklòn Ian nan tout Florid kalifye pou soulajman fiskal e kounye a gen jiska 15 fevriye 2023, pou soumèt plizyè deklarasyon enpo federal pou patikilye ak biznis yo epi fè peman enpo yo.

Mizajou 21 septanm

Prè ki pa byen anile nan pwogram Pwoteksyon Chèk gen enpo sou yo

IRS te bay enstriksyon (an anglè)PDF ki jere move padon pou yon prè Pwogram Pwoteksyon Chèk (prè PPP). Enstriksyon yo konfime ke, lè padon prè yon kontribyab baze sou fo deklarasyon oswa omisyon, kontribyab la pa kalifye pou eskli padon an nan revni li epi li dwe mete nan revni an pòsyon lajan prè a ke li te jwenn padon pou li sou baz fo deklarasyon oswa omisyon yo.

Yo ankouraje kontribyab yo ki pat byen resevwa padon pou prè PPP yo a pou yo pran dispozisyon pou yo vin an konfòmite lè yo pa egzanp, soumèt deklarasyon amande ki gen ladan montan prè yo te padonnen an nan revni an.

Soulajman fiskal pou viktim Siklòn Fiona yo nan Pòtoriko

Viktim Siklòn Fiona yo nan tout 78 minisipalite Pòtoriken yo kalifye pou soulajman fiskal (an anglè) e kounye a gen jiska 15 fevriye 2023, pou yo soumèt plizyè deklarasyon enpo federal patikilye ak biznis yo epi fè peman enpo yo.

Mizajou 13 septanm

IRS bay règ pou kredi pou lòt kalite gaz yo

IRS te pibliye Avi 2022-39 (an anglè), ki bay règ pou fè yon reklamasyon yon sèl fwa pou kredi ak peman ki otorize pou lòt kalite gaz yo vann oswa itilize pandan premye, dezyèm ak twazyèm trimès kalandriye 2022 a. Li bay tou enstriksyon sou fason dèt yon kontribyab sou enpo endirèk yo ka diminye lè yo reklame kredi melanj lòt gaz ki akseptab pou premye ak dezyèm trimès 2022 a. Kredi pou lòt gaz yo fè pati de Lwa sou Rediksyon Enflasyon an.

Mizajou 2 septanm

IRS la pran mezi imedyat pou rezoud pwoblèm ak yon pati nan Fòm 990-T a

IRS la te dekouvri dènyèman kèk done fòm 990-T a ke machin ka li (XML) ki te disponib nan seksyon telechajeman an gwo pou rechèch sou Òganizasyon ki Egzante de Enpo (TEOS) ki pa te dwe pibliye. Seksyon sa a se prensipalman moun ki gen kapasite pou sèvi ak done machin ka li ki itilize yo; lòt seksyon TEOS ki plis itilize yo pa afekte.

IRS la te pran mezi imedya pou rezoud pwoblèm sa a. Yo te retire fichye yo sou IRS.gov la epi yo pral ranplase yo ak lòt dosye ki ajou trè byento. Anplis de sa, IRS la pral travay tou ak gwoup ki itilize fichye yo regilyèman pou retire fichye ki la pa erè yo epi ranplase yo ak vèsyon ki kòrèk yo depi yo vin disponib. IRS la pral kontakte tout moun k ap deklare yo nan semèn kap vini yo. Pou plis enfòmasyon, gade deklarasyon IRS la (an anglè).

Mizajou 6 me

IRS bay rezidan Pòtoriko enstriksyon pou reklame Kredi Enpo pou Timoun

Sèvis Revni Entèn nan te bay enstriksyon pou kèk patikilye yo ki nan Pòtoriko (an anglè) sou fason pou yo soumèt ak reklame peman Kredi Enpo pou Timoun yo ke yo gen dwa resevwa dapre Lwa Plan Sekou Ameriken an. Fanmi ki pa gen dèt pou IRS la ka soumèt deklarasyon enpo 2021 yo epi reklame Kredi Enpo pou Timoun pou ane fiskal 2021 an a nenpòt moman jiska 15 avril 2025, san okenn penalite.

Mizajou 14 fevriye

IRS sispann plis pase yon douzèn avi otomatik ak pwoblèm rekouvreman yo: 

Nan kad efò ki ap fèt pou ede plis moun pandan peryòd sa a, IRS la te sispann avi rekouvreman otomatik yo ke yo pibliye nòmalman lè yon kontribyab dwe plis enpo oswa pa gen okenn dosye kote li te soumèt yon deklarasyon enpo. Remake byen ke anpil lòt avi IRS yo dwe emèt legalman nan yon sèten delè pou yo legal. IRS la ap ankouraje sila yo ki gen yon egzijans pou soumèt epi ki poko soumèt yon deklarasyon fiskal pou ane anvan yo oswa pou peye nenpòt enpo yo dwe pou fè sa rapid paske enterè ak penalite yo ap kontinye akimile. Vizite IRS.gov pou opsyon peman yo. Pou plis enfòmasyon sou avi yo sispann yo, gade IR-2022-31, IRS kontinye travay pou ede kontribyab yo; li sispann voye lèt adisyonèl yo (an anglè).

Enfòmasyon jeneral pou sezon fiskal 2023 a

Dat limit enpo yo se 18 avril 

Dat limit lan se 18 Avril, olye de 15 Avril, akòz jou fèt Emansipasyon an nan Distri Columbia a—menm si w pa abite nan Distri Columbia a. 

Kredi Enpo pou Timoun 

Fanmi ki pa dwe IRS la enpo ka toujou soumèt deklarasyon enpo 2021 yo epi reklame Kredi Enpo pou Timoun pou ane fiskal 2021 an, nan nenpòt lè jiska 15 avril 2025, san okenn penalite. Ane sa a make tou, premye fwa nan listwa ke anpil fanmi ki gen timoun nan Pòtoriko pral elijib pou reklame Kredi Enpo pou Timoun (an anglè), ki te elaji pou bay jiska $3,600 pou chak timoun.

Plis moun ka elijib pou Kredi Enpo Prim lan 

Pou ane fiskal 2022 a, kontribyab yo ka pwofite de yon kalifikasyon elaji tanporè pou kredi enpo prim lan (an anglè). Sonje ke tou senpleman satisfè kondisyon revni yo pa vle di ou kalifye pou kredi enpo prim lan (an anglè). Ou dwe satisfè lòt kritè kalifikasyon (an anglè) yo tou.

Estati envantè deklarasyon enpo IRS la pou ane anvan yo 

COVID-19 kontinye bay reta nan tretman kèk deklarasyon enpo ane anvan yo ak deklarasyon amande yo. Tanpri vizite paj Operasyon IRS yo pandan COVID-19 la: Fonksyon enpòtan pou misyon yo ap kontinye (an anglè) pou chèche konnen sitiyasyon aktyèl envantè IRS la pou ane anvan yo.