Nan seri sa yo:
Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen
Kisa w ap bezwen
Kenbe dokiman ak fòm enpo ou bezwen pou ranpli enpo w yo yon sèl kote. Konsa, ou ka prepare yon deklarasyon ki kòrèk, reklame dediksyon oswa kredi epi evite erè ki ta ka retade ranbousman w.
Enfòmasyon pèsonèl
- Nimewo Sekirite Sosyal (an anglè) oswa Nimewo ID Enpo Endividyèl (ITIN) pou oumenm ak nenpòt lòt moun ki sou deklarasyon w lan (an anglè)
- Nimewo Kont labank ak nimewo woutaj la pou jwenn yon ranbousman nan depo dirèk oswa peye enpo ou dwe.
- Revni brit ajiste w (AGI) ak montan ranbousman egzak ou pou dènye deklarasyon enpo ou te depoze a.
- Non w nan dosye Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA)— fè SSA konnen sa si w chanje non ou (an anglè)
- Adrès ou ye kounye a — fè IRS konnen si w chanje adrès ou (an anglè)
- Si w te depoze elektwonikman ane pase, PIN ou (an anglè) te chwazi a
- Si w te yon viktim vòl idantite, IP PIN ou an
Fòm W-2, 1099 oswa lòt fòm enfòmasyon
Moun oswa òganizasyon ki te peye w pandan ane a oblije rapòte peman yo bay IRS sou yon deklarasyon enfòmasyon. Yo dwe voye fòm sa yo bay IRS epi voye yon kopi ba ou. Ou ta dwe jwenn yo elektwonikman oswa pa lapòs nan mwa janvye oswa fevriye.
Fòm sa yo rapòte revni ou te resevwa pandan ane a:
- Fòm W-2 (an anglè) montre salè w te resevwa nan men patwon yo. Men sa pou w fè si w pa t resevwa yon W-2.
- Fòm W-2G pou gen lotri ak jwèt aza (an anglè)
Fòm sa yo rapòte revni ou te resevwa pandan ane a. Sa ki pi komen yo se:
- Fòm 1099-K (an anglè) pou peman ki soti nan peman kat ak mache sou entènèt
- Fòm 1099-G (an anglè) pou peman gouvènman an tankou benefis chomaj (an anglè)
- Fòm 1099-INT (an anglè) ki soti nan bank ak koutye ki montre enterè ou te resevwa (an anglè)
- Fòm 1099-DIV (an anglè) pou dividann ak distribisyon yo te peye w
- Fòm 1099-NEC (an anglè) pou travayè endependan ak kontraktè endepandan nan ekonomi ti djòb
- Fòm 1099-R (an anglè) pou distribisyon plan retrèt (an anglè) oubyen pansyon oswa anwite (an anglè)
- Fòm SSA-1099 (an anglè) pou benefis Sekirite Sosyal
- Fòm 1099-MISC (an anglè) pou divès lòt revni
- Fòm 1095-A, Deklarasyon Mache Asirans Sante (an anglè), pèmèt ou rekonsilye (an anglè) peman ki fèt alavans yo oswa reklamasyon yo
- Dosye tranzaksyon byen dijital si ou pa t resevwa yon deklarasyon enfòmasyon pou yo.
Dokiman pou kredi oswa dediksyon
- Depans pou gadri oswa pou depandan
- Dosye ipotèk ak enpo sou pwopriyete (si w detaye dediksyon w yo) (an anglè)
- Donasyon pou charite (si w detaye dediksyon w yo)
- Kont epay sante oswa kontribisyon kont depans fleksib
- Depans swen sante (si w detaye. Gen règ espesyal ki aplike) (an anglè)
- Kontribisyon pou retrèt
- Si w se yon elèv oswa yon pwofesè, resi pou liv, ekolaj ak lòt depans edikasyon
Dokiman ki soti nan lòt travay ak travay endepandan
- Deklarasyon bank yo, aplikasyon peman, antite ki trete peman kat yo oswa mache sou entènèt
- Chèk yo te peye w
- Resi ak dosye mileyaj pou depans vwayaj, kado ak machin (an anglè)
- Dosye depans biwo a ki dediktib yo
- Peman enpo estime yo
- Lòt dosye revni ak depans biznis
Jwenn plis dosye travay endepandan ou ta dwe konsève (an anglè)