Ki sa Ekonomi Ti Travay (Gig Economy) ye? Ekonomi ti travay—yo rele l tou ekonomi pataj oubyen ekonomi aksè—se yon aktivite kote moun fè lajan lè yo ofri travay, sèvis ak machandiz moun ap kòmande. Souvan, se pa mwayen platfòm dijital tankou yon aplikasyon oubyen sitwèb yo fè l. Revni ki fèt nan Ekonomi Ti Travay la Taksab Ou dwe rapòte lajan ki fèt nan ekonomi ti travay la nan deklarasyon fiskal ou, menm si revni an : Se nan travay pou yon ti bout tan, travay tanporè oubyen travay sou kote Pa endik nan yon fòmilè deklarasyon fiskal—tankou Fòmilè 1099-K, 1099-MISC, W-2 oubyen lòt deklarasyon revni Peye nan nenpòt fòm tankou kach, pwopriyete, machandiz, oubyen deviz vityèl Kisa pou w fè Ouvriye Ekonomi Ti Travay yo Chèche Fòmilè, konsève dosye, dedwi depans, deklare epi peye taks pou travay gig ou a. Jere Taks pou Travay nan Ekonomi Ti Travay Ou A (an anglè) Dijital Platfòrm ak Biznis Klasifye travayè, rapòte pèman, peye epi deklare taks pou yon mache dijital oubyen biznis. Jere Taks pou yon Platfòm Dijital (an anglè) Kisa Travay Gig ye? Travay Gid se yon kalite aktivite w fè pou w ka fè kòb, pi souvan pa mwayen yon aplikasyon oubyen yon sitwèb (platfòm dijital) tankou: Kondui yon machin pou kondui moun ki te fè rezèvasyon ak pou w fè livrezon Bay afèm yon pwopriyete oswa yon pati ladann Fè mache oubyen fini yon travay Vann pwovizyon anliy Lwe ekipman Founi sèvis kreyatif oswa pwofesyonèl Founi lòt travay tanporè, sou kòmann oswa travay endepandan Remake: Lis sa a pa gen tout diferan tip travay gid ladan. Kisa yon platfòm dijital ye? Platfòm digital se biznis ki konpare sèvis travayè oswa machandiz pa mwayen aplikasyon oswa sitwèb. Sa gen ladan biznis ki bay moun aksè ak: Sèvis kovwatiraj Sèvis livrezon Mache ak pwodui Atizana Travay ak sèvis reparasyon sou kòmann Afèmaj/lwe pwopriyete ak espas Remake: Lis sa a pa gen tout diferan tip platfòm dijital yo ladan. Wèbinè (Seminè ki fèt sou entènèt) Chèche Konprann Ekonomi Ti Travay la (an anglè) bay enfòmasyon jeneral sou pwobllèm taks sa yo ki soulve ak ekonomi ti travay la.